Vwa Rezistans Popilè (No38). -Ki S Ak Dèyè Kriye Jechèch Sekretè Jeneral LOEA, Lwis Almagro Sou Kalamite Peyi a?

 

LOEA, depi kreyasyon l, te toujou rete yon zouti politik anba men ameriken yo. Tout zak li poze atravè listwa l, tradwi dosilite l alega Etazini. An 1962, ameriken itilize enfliyans li, pou fè presyon sou dirijan domèstik yo kinan emisfè a, anbobine yo pou mete peyi Kiba deyò nan Òganizasyon an, alòske enstitisyon sa te dwe regwoupe tout peyi ki nan kontinan Amerik la. LOEA mete Venezyela deyò pou kesyon ideyolojik, yo mele nan yon eskwokri nan peyi Bolivi pou fè koudeta kont Prezidan Evo Moralès, jiskaske peyi Nikaragwa deside kite l, paske prèstij enstitisyon sa te twò aladriv. Moun k ap obsève nan dènye tan yo, gen dwa remake ke chat te pran lang dirijan LOEA yo, ki te gen yon atitid anbachal, opwen Andrès Manuel Lopez Obrador, Prezidan Meksik la, te mande pou ranplase LOEA ak yon lòt òganizasyon rejyonal (CELAC = communauté Etats Latino-americains et Caraibes) ki t ap regwoupe peyi Amerik Latin e Karayib yo, san prezans Etazini ak Kanada. Donk, ki kote papa toudenkou, Lwis Almagro trouve pawòl mètdam sa yo, nan moman gwo kalvè peyi dAyiti ap viv la?

 

Lwis Almagro se yon konsèvatè fachis ki soti nan peyi Irigwe, kote l te minis zafè etranje. Nan tèt LOEA, li konpòte l tankou yon ajan dezòd anfavè ameriken yo, pou l kondwi enstitisyon an nan kalfou degradan kote l ye la. Li te nan koulwa LOEA lè man Klintonn, Obama ak LOEA t ap magouye pou mete Mateli switmiki nan pouvwa, li te nan baz gwo koken ki te fèt nan peyi Ondiras nan eleksyon 2018 yo, pou te mete yon machann dwòg sou pouvwa ki te rele  Juan Orlando Hernandez, ki

te pran direksyon prizon lè l te kite pouvwa paske lajistis Ondiras te deja kondane l,  ameriken manipile l pou LOEA mete lòbèy nan peyi Venezyela, Ayiti, Bolivi, toupatou nan kontinan an. Si n gen bon memwa, n ap sonje aksyon LOEA pou mete Jovnèl nan pouvwa anvan pou n raple n, move souvni Almagro te kite, nan dènye tounen l te fè an Ayiti, kote l t ap vèkse opozan ki pa t koube yo anba lòd anbasad ak pouvwa Gang PHTK a.

 

Kilès ki krache nan bouch li?

Depi 1915, sof ti wondonmon Aristid te konn fè lè l te nan pouvwa, lòd mèt neyokoloni an te toujou rèspekte sou teren an ni nan domèn politik ni nan domèn ekonomik. Konsa, ameriken yo toujou amenaje teren an, pou yo mete yon domèstik dirije koloni an pou yo. Toutfwa, kou rate nan eleksyon 2015 yo, adisyone ak lòbèy yo te òganize an 2016, pou mete Jovnèl sou pouvwa a, kreye yon santiman fristrasyon ak revòl kay pifò ayisyen vizavi kominote entènasyonal la, patikilyèman ameriken yo, ki te debouche sou gwo manifestasyon ak peyi lòk toupatou. PHTK ak Core-Gwoup ki te souzistime detèminasyon pèp la pou l reziste, pral itilize yon vyolans san parèy pou fòse pèp la antre nan trou. Kan sa pa t mache, pye kolonyalis yo ak oligachi a te mare, pliske likidasyon Jovnèl la, ki te divize aktè yo sou beton an,   pat pèmèt yo kontwole konsyans mas popilè yo. Donk, soti krab sekretè  jeneral la, se okazyon mèt  neyokoloni an ap tate, pou sonde teren politik la ak objektif, retounen ak kout zo LOEA kòm medyatè nan kriz politik la.

Kidonk, deklarasyon dwategòch sekretè jeneral LOEA, tradwi difikilte Core-Gwoup sou teren politik la, pou kenbe neyokoloni an anba grif yo san pwotestasyon. Kan yo te fè reyinyon nan Otawa (Kanada) an 2001, pou plase Ayiti nan lis peyi pou yo destabilize nan mond lan, lè yo te deside kreye Core-Gwoup an 2003 nan Otawa pou retire souverènte peyi dAyiti, yo te panse rèv yo te akonpli ak depa Aristid an 2004, ki  te mete mas popilè yo deyò sou sèn politik la. Pandan yon bon bout tan, zafè yo te sanble ap mache gras ak mansonj e fo lespwa yo t ap fè sikile nan mitan mas yo. Sepandan, apre tranbleman tè 2010 la, kriz sosyal yo te tèlman anvlimen, peyi ki nan Core-Gwoup yo t al kache dèyè ONG, pou patisipe nan piyaj lajan rekonstriksyon an, san volonte pou parèt tèt yo, pou twòp responsablite pat tonbe sou zepòl yo.

 

Donk, pèp ayisyen an te gen kreyon san gonm li, non Almagro te deja enskri an gwo lèt kòm moun ki nan movezafè anndan LOEA nan tout Amerik la. Deklarasyon ipokrit li fè a, p ap souke plim sou do mas popilè yo ki dwe kontinye òganize yo, koletèt youn ak lòt nan tout kwen peyi a, pou lanse batay final la pou chase LOEA, Core-Gwoup ak tout Gang oligachi a ak PHTK ap jere sou teren politik la, pou mèt neyokoloni an.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite  Mas Popilè Yo! Libète ou Lanmò.

 

 

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 15 dawout 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here