Vwa Rezistans Popilè (No37). -Sa k Pouse Dirijan Oksidantal Yo, Mache Simen Kriz Nan Mond Lan?

Nan fen dezyèm gè mondyal la, apre lame wouj chinwa te kale lame Japon an, pou te pran endepandans peyi a, Lachin te rete yon pwisans dekilib. Kan peyi oksidantal yo pa t rekonèt otorite chèf revolisyonè yo soti 1949 rive 1971, chinwa yo te akote URSS (Larisi) ki te soutni yo militèman, pou pèmèt peyi Mao Tse Thoung nan rive konstwi pwòp zam nikleyè l nan koumansman lane 60 yo. Li te rete kole ak URSS jiskaske Loni pral aksepte Chin kontinantal la kòm reprezantan Lachin alaplas Taywann ke Tchen Kaytchèk t ap dirije, paske se nan ti zile sa jeneral Tchen Kaytchèk tay sere apre lame revolisyonè chinwa te fin bat lame l la. Ajan oksidantal Tchen Kaytchèk, ki t ap goumen ansanm ak Mao pou mete Japonè yo deyò ki te okipe Lachin, te pete koken kont kominis yo ki te nan tèt lame wouj chinwa ki t ap mennen revolisyon an. Lè twoup Tchen Kaytchèk yo, ameriken t ap manipile te fè bèk atè, yo te kouri pran ti bato pou al sere nan zile Taywann nan. Mannèv politik angle, ameriken ak franse anndan Loni, te fè aksepte ke se Taywann ki syeje nan Loni nan non tout Lachin pandan 22 lane malgre chin kontinantal la te gen 700 al 800 milyon moun nan epòk la e Taywann 3 al 4 milyon. Chin revolisyonè a te toujou jwenn apwi Linyon Sovyetik pou jouk rive nan lanmò Staline, paske ekip Kroutchèv ki te pran pouvwa nan URSS apre Staline nan, te rantre nan yon liy politik revizyonis (refòmis) ki te soulve plim sou do militan Maksis-Leninis ki te anndan pati kominis chinwa a. Anpil diskisyon te pete ant 2 peyi yo sou kesyon liy ideyolojik sa, opwen oksidan te jwenn brèch, pou rale Lachin anba vant li, afebli URSS ki pral kraze pi devan an miyèt moso. Konsa, Lachin ki te gen yon gran mache ak yon gwo mendèv kalifye abonmache, pral pwofite vonlonte òmdafè oksidantal yo ki t ap chache debouche,  e ki t ap kouri dèyè mendèv bonmache, pou fè grandi kwasans ekonomik li akote yon jesyon planifye nan yon Leta nasyonalis responsab, pou transfòme peyi a pou l rive nan rivalize ekonomi ameriken, ki se pi  gwo ekonomi an jodi a. Panik anpare oksidan devan lefèt ke Lachin kontwole 70% komès mondyal la, e tandans lan pa sispann grandi. Se pou tèt sa depi kèk lane, Etazini ak Linyon ewopeyen yo deside kontratake Lachin nan pran sanksyon ak kèk pawòl pimanbouk, jiskaske manzè Nancy Pelosi gaye wonn nan, lè l deside antre Taywann an gran ponp nan jou 3 dawout 2022 a. Ki bèt ki pike madanm nan?

 

Nancy Pelosi, se yon fachis konsèvatè nan pati demokrat ameriken an, akote moun Klinntonn yo, Blennkenn, Biden elatriye. Se yon rat dokale nan politik, ki te vizite plas “Tian’anmen” nan, an Chin, nan lane 1989 lè oksidan te manipile yon gwoup etidyan, pou te bloke devlòpman ekonomik Lachin nan peryòd la, li te dèyè aktivite separatis Hong Kong lan, tankou l ap limen dife lagè a nan Taywann jodi a, pou kreye kondisyon devlope kriz pou sabote ekonomi nan rejyon an. Yo dekri l tankou yon fanm ki fè pase anbisyon pèsonèl li avan tout bagay. Li fè plizyè santèn milyon dola nan itilize mari l pou fè trafik denfliyans. Vwayaj li nan Taywann ta gen pou wè ak maladi Biden ki pa anmezi tèmine manda l. Pou ranplase l, konsèvatè fachis pati demokrat la, ap bouste Pelosi kòm fanm kanson fè, pou fè yon koudeta kont Kamala Aris ankake Biden ta anpeche.

Sepandan, kòm atitid yo pajanm chanje nan kreye kriz pou anmède lòt peyi, Taywanè yo pran lari pou kouri dèyè manmzèl, pandan chinwa yo tounen balon an nan kan ameriken yo, lè yo anvlimen kriz la, bloke Taywann sou lanmè ak nan lèspas, tire misil sou tèt Taywann, pran sanksyon kont Taywann ak ameriken yo. Moun ap pwente dwèt sou ameriken yo, kòm tizon k ap mache mete dife toupatou nan lemond. Tèt gouvènman ameriken an cho, y ap plenyen pou di Lachin pagen rezon fache nan otè sa. Poutan, sa bay prèv kouman oksidan ap kontinye mache itilize teworis, bandi, gang, kriz ak sanksyon, pou mennen gè bas entansite kont peyi ki anfas yo, pou destabilize ekonomi advèsè, pou yo rete sèl kòk chante. Apre echèk yo pran yon bann kote, nan tante fè koudeta atravè revolisyon koulè, apre Ris yo ride Siri, Iran, Venezyela elatriye kenbe tèt anfas yo, peyi oksidantal atravè Lotan, Inyon Ewopeyèn ak Etazini deside atake Larisi ak Lachin, pou eseye kenbe ejemoni yo ke bondje te mouri kite pou yo a. Yo anbobine peyi Ikrèn ki foure men l nan ponm dife Ris la pou yo, pandan yo deside koumanse limen dife a nan peyi Lachin. Sepandan, Lachin konte plis pase 2 fwa tiponyen moun ki konpoze oksidan an, li se 3èm pwisans nikleyè, li se alye Larisi ki se 1e pwisans nikleyè e se li ki gen pi gwo teknoloji militè a nan ponyèt li jodi a, epi! Ameriken yo limen dife a nan yon moman, kote oksidan nan fè fòs ponyèt ak Larisi an Ikrèn nan yon gè ekonomik ak militè, e Ris yo ap mennen sou yo annatandan nan match la. Chinwa yo ki nan baz kreyasyon BRICS ak Kowoperasyon Shanghái ak Larisi, riske fè yon koletèt defason fòmèl ak Ris e alye, pou baskile rapò fòs yo totalman nan mond lan. Ak imaj oksidan ki andegraba toupatou, pandan kredibilite peyi emèjan yo ap grandi nan BRICS ak Kowoperasyon Shanghái la, oksidan dwe mache sou trèz pou l pa pile katòz.

 

Kidonk, ansyen sekretè deta ameriken Henry Kissinger, te gen rezon di nan yon entèvyou nan koumansman mwa jiyè 2022 a, li konstate ak regrè kouman nouvo klas dirijan politik oksidantal yo, gen yon kapasite reflèksyon limite. Apre 1989 kote URSS ( Linyon sovyetik) kraze, sèvis sekrè peyi oksidantal yo diminye, pou fè plas ak ONG plis lòt souflantchou ki nan enstitisyon lokal yo. Moun ki rich nan mond lan, reve pou yon oligachi mondyal pran kontwòl planèt la atravè gwo miltinasyonal yo, kote fè lajan nenpòtkouman tounen règ jwèt la. Konsa, eleksyon tounen yon machandiz ki devan pòt trafikan tout koulè, ki dwe jwe wòl dirijan peyi yo, san nesesite èksperyans ni yon fòmasyon politik debaz. Enstitisyon finansye ak aktivite ekonomik anndan gouvènman y ap dirije yo, k ap aplike plan neyoliberal la, tounen koutye k ap fè rakèt pou bay fim siyen fo kontra pou dechèpiye ekonomi peyi yo opwofi sektè prive. Fòm kapitalis deta ki egziste an Chin, an Risi, Iran, Tiki elatriye kote Leta rive mete yon ti lòd, jennen fonksyònman plan neyoliberal la. Piyajè yo ki fè pati kan mafya a,  mande goumen menmsi opinyon mondyal la kont yo.

 

Sepandan an Ayiti, jwèt la mangonmen kont pèp la. Peyi oksidantal yo atravè “Core-Gwoup “, ame Gang Milis, deplwaye yo an akò ak PHTK nan chak kwen nan peyi a pou kidnape ak asasinen pèp la. Pandan pèp la dwe kontinye òganize Rezistans lan, l ap gen kat pelouz li nan men li,  pou l di ” pagen lèt ki monte ki pa desann “, e l pral gade kouman oksidan dwe jwenn mwayen pou l kontinye atake Larisi ak Lachin e alye nan menm moman, san yo pa pèdi chèlbè yo nan granchimen.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.

8 dawout 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here