Vwa Rezistans Popilè (No34) : Rate Gaz Atifisyèl La, Se Yon Motif Pou Mobilizasyon Popilè a Relanse.

Listwa peyi dAyiti konnen 2 peryòd neyokolonyal. Youn anba dominasyon Lafrans, soti 1825 rive 1915, ak peryòd neyokolonyal anba dominasyon ameriken yo, ki koumanse ak okipasyon 1915 lan. Ak envazyon sa, Etazini tabli e konsolide yon nouvo fòm èksplwatasyon neyokolonyal sou do peyi dAyiti. An 1934 avan l pati, ameriken fè amenajman nesesè, pou klas dominan lokal yo pran mayèt la pou kontinye maspinen jenn fanm ak jenn gason nan peyi a. Soti 1934 rive 1945, sistèm nan t ap mache nan yon swadizan trankilite, malgre kèlke tansyon ak ajitasyon nwaris kont monopòl milat yo te genyen sou aparèy Leta yo. 2 fraksyon klas dominan milat ak nwaris yo, te rantre nan yon batay ranje jiskaske rejim fachis papadòk la rive an 1957, pou soumèt tout moun anba pye Divalye ki te vin sèl kòk chante nan peyi a. 1986, ke makak la kase, ameriken yo itilize FMI, Bank Mondyal, USAID ak yon gwoup etranje ki gen paspò ayisyen, pou destabilize ekonomi peyi a. Yo kraze tout anbriyon endistri, yo mete pwodiksyon nasyonal la ajenou, chomaj ap taye banda toupatou, pèp la pa konnen ki sen pou l rele jodi a. Konsa, depi 2018, pèp ayisyen an rantre nan yon mobilizasyon tonbe leve pou l chache chimen liberasyon peyi a. Poukisa rezilta yo mize nan wout?

Nan yon kaye fòmasyon (livrè) KRPBB, te pibliye an me 2005 sou “Prensip ak Metòd Pou Mennen Batay Politik “, nou te wè zouti fondamantal, ki dwe nan baz yon mouvman chanjman anndan yon mobilizasyon pou l reyisi se:

1) Fòs popilè yo ki dwe motè mouvman revolisyonè a;

2) òganizasyon ki dwe sèvi kòm pi gwo zam nan men mas popilè yo;

3) Pou rive nan yon chanjman radikal, se mas yo ki dwe konstwi avantou, pwòp òganizasyon revolisyonè pa yo;

4) Pou yo vanse, se pou mas popilè yo jwenn gwo fòmasyon sou teyori revolisyonè yo, ki pou pèmèt yo idantifye klèman nan ki direksyon y ap vanse pou abouti ak objektif ki te fikse nan baz òganizasyon an.

Donk, kondisyon pou chanjman radikal ak gouvènman ripti, politisyen yo ap pale a, pa reyini sou beton an. Anplis, pifò refòmis ki devan sèn politik la, se pèsonalite grennsenk ki pa gen baz sosyal. Nan maten yo fin wèmò nan radyo, lè l  lannwit yo voye moun fè lòbi pou enperyalis la beni yo. Nan yon moman kote konjonkti entènasyonal la, mete oksidan devan konsta echèk li, pou kontinye mennen gouvènans ekonomik ak politik mond lan, mèt neyokoloni an ak viraj fachis ki pouse l trete patizan l yo an domèstik, e nasyonalis yo an ènmi, p ap kite espas pou eleman woule m debò yo trouve benediksyon bòkote pwisans fachis yo. Lespri nasyonalis k ap degaje nan mond lan jodi a, pouse peyi oksidantal yo tire kat fachis la, pou fèmen espas demokratik yo. Donk demanyè natirèl, ekip Gang PHTK a, se gwoup endike a ki ka sèvi vrè alye  pou “Core-Gwoup ” sou teren politik la nan moman an,  menmsi devan mizè ak kalamite ki sou tèt mas yo, mobilizasyon yo nan chimen relanse. Toutfwa pou n pa fè menm fopa yo, gen nesesite pou se mas popilè yo ki pran direksyon batay la, òganize l otou yon lidèchip pwogresis pou ekate grennsenk abolotcho yo k ap chache okazyon pou negosye enèji mas pèp la ki sou beton an.

Kidonk, mouvman tonbe leve n ap obsève nan elan mobilizasyon an, se rezilta feblès ki nan baz li. Aktè ki devan sèn politik la, k ap lanse modòd yo, se lèdmi mas popilè yo ki se sèl fòs ki gen kapasite enkyete enperyalis la, Gang yo ak pouvwa PHTK a. San yo, rezilta pozitif kont Gang PHTK ki gen zam nan men yo, p ap janm rive, paske opozisyon fòmèl ki swadizan kanpe anfas pouvwa fachis la, e ki konpoze ak tiboujwa refòmis la, pa kwè nan mobilizasyon. Menmjan ak afranchi yo nan tan lakoloni ki te vle aji san mas esklav yo, refòmis yo chwazi chache pran pouvwa san pèp la, ak benediksyon enperyalis yo, pou yo gen posiblite kontinye konplote ak mèt neyokoloni an sou do mas popilè yo. Yo kont PHTK paske Gang milis yo detwi biznis yo, menase fanmiy yo ak pitit yo, men kontradiksyon ki separe yo ak PHTK, pa fon ni nan oryantasyon ekonomik peyi a ni nan atitid domèstik yo vizavi “Core-Gwoup ” la. Sepandan, kòm eleman refòmis yo se krabmazòrèy, Twou yo pa fon, nou sèten enperyalis la pral rasanble yo ak PHTK nan yon bouyon mimi nan jou k ap vini yo, pou tante bloke revandikasyon mas yo ap ajite depi 6,7 jiyè 2018 la, menmsi konjonkti lokal ak entènasyonal la, ap toujou kreye kondisyon pou mas yo kenbe mobilizasyon an, osilontan sitiyasyon sosyo-ekonomik malouk la ta rete tennfas. Jodi a Ayiti menase disparèt, Gang bouche chimen l nan kat pwen kadino. Pèp la dwe konstwi pwòp òganizasyon pa l, degaje yon lidèchip anndan òganizasyon djanm sa, pou ride mas yo ratibwaze pouvwa Gang PHTK, oligachi domèstik la e retire peyi a anba bòt “Core-Gwoup ” ak ameriken yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Òganizasyon Otonòm Mas Popilè Yo! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 18 jiyè 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here