Vwa Rezistans Popilè (No33) : PNH La Sou Kabann Lanmò, Ou Kwè L ap Chape?

Kan ameriken yo kraze an 1994, tilame dokipasyon yo te kreye an Ayiti nan lane 1934, pou te abitre aktivite politik sou teren neyokoloni an pou yo, majorite moun nan popilasyon an te jete dlo dèyè lame dAyiti sa, ak lespwa peyi a pa t ap janm gen yon lòt enstitisyon represif osi initil e malveyan. Pou bay tèt yo tan pou byen tann pèlen an, okipan ameriken yo te itilize refijye ayisyen, yo te fèmen nan kan Gwanntanamo (peyi Kiba), pou konstitye yon polis enterimè pou fè tan pase. Lè plan yo te pare, Etazini nan konfyolo ak Kanada, Lafrans, monte yon Polis nan mezi lòn enterè yo ak etidyan Inivèsite pou pifò, kote yo pat tabli okenn yerachi. Anpil polisye dosil, te jwenn bous anfrans, okanada ou ozetazini pou al pran fòmasyon pou andoktrine yo kòm ajan neyokolonyalis anndan Polis Nasyonal la. Konsa, manèt tout Polis la pral anba men peyi kolonyalis yo pou fasilite anbasad ameriken kontwole volim represyon an sou pèp la, e pèmèt anbasad la deside kilès l ap bay plis vwa nan  biwo vòt lè l gen eleksyon nan peyi a. Se nan sans sa, anbasad ameriken bay tèt li dwa pou l nome tout dirijan Polis Nasyonal la, fè revoke yo, si zoka ta gen yon mankman, kote  yo pa ta aplike modòd chèf peyi Etazini ba yo. Sitiyasyon an vin pi mangonmen sou rejim Gang fachis PHTK yo, kote imaj Polis la degrade nèt alkole; polisye tounen gad dikò chèf Gang, yon gwoup fè pati kò Gang ak dòt ki gen pwòp Gang pa yo. Polis dokipasyon an tonbe andekonpozisyon. Sa k mete l la?

Evènman yo ki te swiv disparisyon “Mur de Berlin ” an 1989 la, te tèlman favorab pou oksidan, dirijan peyi kolonyalis yo te bay tèt yo libète lache kòd politik la nan kou yon bann peyi domine pou fè kwè ke libète lapawòl ak chwa popilè ta ka yon reyalite nan anviwònman peyi kolonyalis yo. Inyon Sovyetik chavire, ameriken kriye viktwa, li konprann l ap toujou ka ponpe jan l pito, nan savann ekonomik, politik ak militè limanite. Kouran panse sa, pral pouse 2 gwoup ideyològ militè ameriken,  ODOSAE ak ODOTCH prezante 2 pwojè kote yo demontre ke Ayiti pa bezwen lame, e mande administrasyon ameriken an kraze lame dAyiti. Pwojè ODOSAE gouvènman ameriken te aplike a, te bay 3 rezon pou sa: 1) Karaktè mafya lame dAyiti ki renmen pouvwa ak lajan e ki nan vann dwòg 2) Ayiti paka kenbe yon lame modèn k ap bezwen 25000 moun pou pipiti, 100 avyon, 100 bato gè, 100 soumaren ak misil e lòt batanklan 3) Ayiti p ap gen mwayen defann tèt li, si yon lòt peyi atake l. Konsa, an 1994, ameriken pral kraze lame dAyiti ki te twò dekriye nan koze dwòg ak vòl, pou ranplase l ak yon Polis ki pote letanp Etazini dAmerik.

Nan koumansman, Polis la pat gen gwo travay pou l fè paske baz politik mouvans Lavalas la te pèmèt lavalasyen yo dirije nan yon atmosfè relativman trankil, polisye yo pat gen nesesite manyen gachèt. Sepandan, ofiramezi tan t ap pase, okipan ameriken yo t ap rale polisye yo nan liy, pou drese yo kont pèp la, nan defann sèlman enterè oligachi a ak enperyalis ameriken an. Kòd la t ap detire sou gwo Jera, pou l te fin kase nan rèy pouvwa Gang PHTK yo.

Ripti telegide sa, ant pèp la ak Polis Nasyonal la, anba kontwòl mèt neyokoloni an, pral rapouswiv akoz chanjman politik peyi titèl Ayiti yo, ki pran yon viraj neyofachis kote yo deside fèmen tout espas demokratik yo, pou dirije peyi a an grenn kraze, pou se yo ki nonmen jiwèt nan tèt neyokoloni an. Konsa, pou travay la byen fèt, yo soufle ensten kriminèl la nan lespri polisye yo, asosye yo ak Gang Milis PHTK yo, pou monte volim represyon an kont mobilizasyon popilè a. Toutfwa, malgre aksyon ameriken yo deteryore imaj Polis la, anpil polisye kanpe anfas Gang yo, menmsi souvan polisye serye yo rankontre difikilte, tankou polisye Simo ki oblije reponn kesyon enspeksyon jeneral Polis la, anba demand Core-Gwoup, paske yo te chase chèf Gang Babekwou ke pouvwa Gang PHTK a te re-enstale lakay li, depi mwa desanm 2021 an. Polis dokipasyon an kondane, pou l kontinye plonje nan fè lajan fasil nan dwòg ou kidnaping, menmjan lame dAyiti ak BSAP, tonbe nan vòlè machin ak ransonnen moun nan mòn kabrit, paske ensekirite a p ap gen solisyon osilontan peyi dAyiti pa genyen yon pouvwa souveren.

Kidonk, PNH la kondane pou l refèt konplètman paske misyon enperyalis la te konfye l nan moman nesans li a, chanje nan wout. Kouch penti demokratik ki te kouvri vizaj peyi oksidantal yo apre detant gè fwèt la, dechire paske ejemoni ekonomik, politik ak militè anaparans yo te genyen an, menase. Ejemoni politik mondyalizasyon an efondre. Etazini ap ponpe, voye kout pye toupatou pou frape yon estomak ki deja krabinen nan reyalite ki nan je tout moun. Pèsonn paka nye pwa ejemonik lachin nan komès sou mache mondyal la, e pèsonn pap fèmen je tou, sou kapasite militè Ris yo. Ajisman peyi nan mond lan, sou gè ameriken yo ap fè kont Ris yo sou teritwa Ikrèn nan, montre kouman van vire kont oksidan. 36 peyi ak Taiwán sèlman ki aplike sanksyon ameriken yo kont Larisi aloske pifò ranje yo dèyè Larisi pandan lòt yo ap laloz. Ameriken yo ap jwe vatou yo toupatou, e sa k ap pase nan peyi dAyiti a pa inosan. Yo entegre yon bon pati nan Polis la nan Gang Milis la, pou fasilite travay represyon an pou kase mobilizasyon pèp la, yo tire zòrèy polisye ak dirijan Polis ki ta vle elimine Gang vrèman kan yo bloke acha zam pou kò Polis la. Donk, pourisman latèt opye Polis la, se dispozisyon politik ke deklarasyon bon volonte chèf Polis p ap ka chanje. Lè ameriken yo ap limite kalite zam Polis la, se pou asire ekilib ant fòs represif yo sou teren an, pou fasilite travay la. Se pou tèt sa KRPBB di, aktivite Gang Milis yo politik, anyen p ap ka fèt kont yo san yon pouvwa souveren ki pou aji andeyò dikte anbasad, konfòmeman ak enterè peyi a. Sa vledi, gwo refòm nan Polis Nasyonal la pou rezoud ensekirite a p ap posib, san mobilizasyon manch long pèp la atravè tout peyi a pou yon pouvwa souveren anba kontwòl mas popilè yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 4 jiyè 2022

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here