Vwa Rezistans Popilè ( No32).-Pèp Nan Kolonbi Genyen Batay Sa, Lagoch Pran Pouvwa Pou Premyè Fwa Nan Youn Nan Neyokoloni Tonton Sam Yo!
Atravè listwa l, kontinan Amerik la kale anpil revolisyonè ki toujou kanpe, nan moman difisil, pou fè faskare ak bouwo predatè kontinan an. “Dutty Boukman “, Tousen Louvèti, Jan Jak Desalin, Simón Bolívar, Hugo Chavez (Venezyela), Ose Mati, Fidel Kastro (Kiba), Che Gevara ( Ajantin/Kiba), Augusto Sandino (Nikaragwa), elatriye, te fè lonè rèspè kontinan an. Tout kolonyalis: Franse, ki te pran baton Vètyè an 1803, Espanyòl yo Bolivar te drive nan Amerik latin oswa Ameriken Augusto Sandino te kale nan Nikaragwa ak Etazini ki te pran souflèt nan Bè Kochon an 1961 nan Kiba, konnen ki bwa Amerik la chofe paske men yo te chode nan bwazye a. Bandi ewopeyen ak ameriken vòlè tout richès kontinan, men pèp yo toujou mete foumi nan janm yo, pou fè yo konprann pèp ki nan batay, p ap gen dwa bese tèt, pou di yo mèsi mouche. Nan peyi kolonbi, dife a pa sispann limen anba pye ameriken yo ak oligachi a depi 1964, kote yon gwoup kamarad te kreye ” Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi ” (FARC) akote Ame Liberasyon Nasyonal (ELN) ak Ame Popilè Liberasyon ( EPL= Ejército Popular Liberación), pou te reponn ak masak 300 al 400 mil moun lame kolonbi te touye nan mitan peyizan ak mas popilè yo nan koumansman lane 60 yo. Oligachi a ak lame t ap chache bloke revandikasyon peyizan ki t ap mande refòm agrè, etidyan, ouvriye ak mas popilè yo ki t ap reklame lavi miyò. Apre anviwon 55 lane rezistans, Fidel Kastro te ride trouve yon akò nan peyi Kiba ant Prezidan Juan Manuel Santos ak mouvman FARC la, an 2016 pou lapè te tabli nan peyi a. Akò sa te kapote, paske prezans militè ameriken yo t ap san enpòtans sou teren an si lapè te retounen toutbon vre. Konsa, eleksyon ansyen geryewo Gustavo Pedro a ki bay lespwa, mande anpil pridans akote fòs reyaksyonè yo an kolonbi, nan moman kote paramilitè ak lame, anba je ameriken ak oligachi an, fè 191 masak soti 2016 lè akò lapè a te siyen, pou rive nan peryòd eleksyon 2022 yo. Kouman Kolonbi fè rive la?
An 1903, ameriken te jwenn dwa sou kanal Panama ak pouvwa enjerans sou peyi sa, ki te pran endepandans an novanm menm ane 1903 a. Akò 1924 la, ki te fikse liy fwontyè peyi Kolonbi ak Panama, te vin konfime egzistans peyi Panama, ki anfèt, se yon moso tè ameriken yo detache anndan gran Kolonbi, pou fè l tounen yon neyokoloni ameriken. Etazini plase 14 baz militè nan nouvo teritwa sa, pou konstwi Lekòl Amerik la ki selèb nan fòme bouwo militè tòsyonè nan kontinan pou pèsekite pwogresis ak nasyonalis pou regle zafè ameriken yo, anba pretèks batay kont kòminis. Nan menm moman, ameriken yo fofile kò yo nan rès Kolonbi a pou plase baz militè, pran kontwòl ekonomi ak politik tout Kolonbi pou fè l tounen youn nan peyi ki pi depandan nan Amerik la. Ofiramezi Lekòl Amerik la t ap drese militè sovaj nan Panama pou alimante fòs represyon nan kontinan, lame Kolonbi t ap vin pi mechan nan asasinen plis moun nan mas peyizan ak popilè yo, pou transfòme peyi Kolonbi an yon lanfè simetyè pou pèp kolonbyen an. Nan koumansman lane 60 yo, se anviwon 300 al 400 mil moun oligachi ak lame a, nan konplisite ak ameriken yo, masakre nan peyi a pou tèt yo t ap revandike chanjman pou lavi yo.
Konsa, pou òganize rezistans lan, Manuel Marulanda, Jacobo Arenas ak anpil lòt pwogresis kolonbyen, te mete kanpe mouvman “Fòs Ame Revolisyonè Kolonbi ( FARC) an 1964 pou bay revandikasyon popilè yo yon lòt dimansyon. Anpil lòt gwoup ame geriya pral antre nan dans lan tankou ELN ( Ame Liberasyon Nasyonal) an 1964, EPL ( Ame Popilè Liberaron) an 1967, pou akonpaye mas popilè kolonbyen yo ki te anba presyon pèmanan kolonyalis ameriken yo ak oligachi lokal la. Apre anpil lane batay feròs, FARC ki te yon modèl nan jesyon zòn libere yo, pou mouvman rezistans nan lemond, pral aksepte diskite e siyen yon akò ak Prezidan Juan Manuel Santos anba sipèvizyon Fidel Kastro nan peyi Kiba, 26 septanm 2016 pou mete fen nan lagè a. Akò sa te fware nan yon referandòm sispèk, kote ameriken yo t ap tire fisèl pou yo pa t pèdi kontwòl teren an. Kolonbi replonje nan fè nwa anba menas paramilitè ki kontwole 37% tèritwa peyi a. Pandansetan, yon kwalisyon laj ak FARC kòm poto mitan ( ki chanje an Fòs Altènativ Revolisyonè Komin), pote yon ansyen geryewo Gustavo Pedro nan pouvwa, nan dat 19 jen 2022 a. Se nan kontèks sa, Gustavo ak Visprezidan, Francia Marqués fè pwomès pou lapè ak lavi miyò tounen nan peyi Kolonbi. Donk, pèp kolonbyen an antre nan yon batay difisil k ap long. Li bezwen solidarite ak mobilizasyon tout fòs chanjman yo anpèmanans.
Kidonk, Amerikdisid ki t ap goumen pou l chape anba kontwòl ameriken depi koumansman lane 2000 yo, fè yon pa anplis sou chimen an. 7 sou 10 peyi ki nan zòn nan, mete gouvènman lagoch sou pouvwa a pou agase enperyalis ameriken an. Somè Amerik la ki te toujou yon andwa kote ameriken yo bay modòd, transfòme nan yon chan batay ant ameriken kont pifò lòt peyi yo. Awogans ak pèmèt ameriken yo jèmen yon move lide nan tèt yo, pou mete Kiba, Nikaragwa ak Venezyela deyò sou fòs ponyèt yo. Reyaksyon lòt dirijan peyi nan kontinan an, te mete ameriken yo nan pozisyon defansif, ki pouse analis politik yo kwè tan ale, farin nan pa vini nan menm sak kòlèt la pou ameriken yo.
Donk, antre Kolonbi nan sèk lagoch nan amerikdisid la ak eleksyon yon ansyen geryewo, Gustavo Pedro, se yon evènman enpòtan pliske atravè listwa, Kolonbi te toujou rete yon basyon èkstrèmdwat anba lòd ameriken yo, e Etazini pèdi gwo politikman. Siyal fò sa, dwe ankouraje Amerik la plis toujou nan batay la, paske sa montre pwisans fachis enperyalis yo pa enfayib, paske pèseverans mas popilè yo nan batay, toujou pote laviktwa. Goch an Ayiti, gen yon zèl kat pou jwe nan konjonkti, kote pèp la gen lakwa a sou do l. Mèt neyokoloni an ki nan toumant, jete tout kò l dèyè pouvwa Gang PHTK, pou detwi peyi a totalman. Sepandan, si lagoch nan peyi a deside òganize rezistans lan, defini objektif ak liy chanjman klè, pou answit akonpaye mas popilè yo nan mobilizasyon pèmanan an, y ap anmezi pran pouvwa anba kouvèti mas popilè yo pou libere peyi a anba Gang PHTK ak okipasyon kolonyalis ameriken yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Mas Popilè Yo! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB.
Ayiti 27 jen 2022.