Vwa Rezistans Popilè ( No31). -Ki Gwosè Rekonpans Trèt, Konze, Mèsenè PHTK Yo Resevwa, Pou Fin Detwi Ayiti?
Depi nan akò 10 jiyè 1825 lan, peyi dAyiti te pran direksyon neyokoloni. Tout istoryen an Ayiti kòm aletranje te dakò, nan fason oligachi lokal la ak esklavajis franse yo te marinen konplo a, sa t ap mennen Ayiti toudwat nan yon katastwòf kote l t ap pèdi souverènte ekonomik li. Selon akò sa, Ayiti dwe ba Lafrans 150 milyon fran lò, ba komèsan franse dwa brase lajan san peye taks akote enterè sou 150 milyon an Bank franse yo te reklame pou Ayiti peye. Gwosè magogo sa, peyi dAyiti pa t gen ren nan epòk la pou l onore kado sa, oligachi san koutcha te ba Lafrans pou sele soumisyon yo anba otorite kolonyalis franse yo. Pandan 157 lane, mas popilè peyizan yo te bourike nan peye gwo taks sou danre yo vann, pou peye pri trayizon oligachi san vègòy epòk la. An 1915 ak City Bank, anvayisè ameriken yo pran avantaj dèt la, lè yo te rache neyokoloni an nan men Lafrans. Pou ranfòse piyaj la, Etazini pran kontwòl politik peyi a pou l mache enstale domèstik nan tout koulwa pouvwa peyi dAyiti ak objektif kenbe dominasyon l nan tout domèn anndan neyokoloni an. Konsa, nan politik retire rèstavèk pou mete domèstik, ameriken yo ranplase yon trèt ki rele Preval pa yon konze ki rele Mateli Ti Simòn, anpasan pa yon domèstik ki rele Jovnèl pou ateri sou yon sèpan ki rele Aryèl Anri, ki sot tèlman pliye kolòn vètebral li pou salye Joe Biden, anpil moun panse l te bosi nan do. Se pou tèt sa, n ap mande poukisa, se ensiyifyan sa yo ki jwenn benediksyon fachis ameriken yo, pou mennen bak pouvwa nan peyi dAyiti?
Lemond trouve l nan yon kalfou istorik desizif, kote gen transfòmasyon k ap fèt nan tout domèn, kòm pou anonse yon chanjman pwofon nan gouvènans limanite. Gwo kouran nasyonalis k ap devlope toupatou, debouche sou yon kontèstasyon defèt ejemoni ak dikta peyi oksidantal yo. Nan Ameridisid, nan Afrik kòm nan Lazi, malgre menas ak konbinezon oksidan pou simen latroublay nan mitan pèp yo, mobilizasyon popilasyon yo pa febli, pou denonse ajisman peyi neyokolonyalis yo k ap itilize kòripsyon, menas ak krim pou kontinye piye richès peyi depandan yo. Jèn gason, jèn fanm, entelèktyèl, pwofesyonèl ak sosyete sivil, yo tout konsyan, fòk yo rantre nan batay pou chanje kondisyon vi yo. Nan sans sa, y ap goumen pou anpeche miltinasyonal yo kontinye deside sou ki kalite mizè ak soufrans pou yo distribye, nan chak rejyon mond lan selon kapris yo, pou fè lajan. Apre anpil tan batay, malgre difikilte, jodi a gen yon van lespwa, pliske nan plizyè kote nan lemond, kèk gouvènman ap bay siy ankourajan sou volonte yo genyen, pou pran mezi politik ak ekonomik ki gen awè ak enterè nasyonal yo tankou sa k ap pase nan Mali, Santrafrik, Gine Bisawo, Iran, Siri, Venezyela, Nikaragwa, Aljeri elatriye. Nan sans sa a, evènman ak dewoulman Somè Amerik 2022 a, kite nan lespri tout moun yon santiman lespwa pou batay Liberasyon Nasyonal yo nan kontinan pa mouri, menmsi an Ayiti, ameriken yo plase yon rejim Gang san grandè moral pou dirije peyi a. Mateli, Wilo Jozèf, Roni Selesten pa ezite pran pozisyon nan radyo, pou rakonte kouman yo fè lajan nan aktivite louch tankou vann dwòg, fè trafik zam ak katouch nan peyi a paske yo gen garanti mèt neyokoloni an, ki ba yo dwa kidnape, vòlè, piye ak touye moun nan popilasyon an, pa p okipe yo, osilontan zak yo poze kòm ajan sou teren an, pa antrave liy enterè ameriken yo. Chak kafou gen yon Gang k ap travay anba lòd yon dirijan PHTK, pou fè lajan rantre. Yo kidnape moun, touye moun, “Core-Gwoup ” ak ameriken kouvri pou yo; senatè PHTK pran radyo pou èksplike kouman kòlèg senatè PHTK, ap fè lajan nan dwòg, kidnaping, itilize ti avyason prive pou fè dwòg pase, manm ” Core-Gwoup ” ak ameriken yo soud e avèg paske Gang Milis PHTK yo, malgre yo kriminèl, se asasen pa yo. Yon lòt bò, jounal domiken denonse Lamòt ke gouvènman domiken sezi kay ak lajan l sere kay vwazen paske l ap blanchi lajan sal, radyo ak televizyon dononse Roni Selesten ki blanchi lajan okanada ak nan Dominikani, menmjan jounal ameriken denonse Mateli ak Aryèl Anri kòm responsab nan asasina Jovnèl, Core-Gwoup ak fachis ameriken yo fèmen zòrèy yo. Alafendefen, pou demontre kouman yo anndan kan kriminèl la, yo deside rekonpanse Aryèl Anri pou sèvis li te rann nan asasina a. Yo mete l premye Minis malgre jefò lajistis pou te fouke l nan zafè Jomo Apredye sa. Donk, ameriken yo enstale yon rejim Gang mafya nan tèt peyi a. Tout bagay bloke, pèp la nan dizèt annatandan fami n anonse a, rive sou peyi a. Pouvwa PHTK kèkal pliske pran dispozisyon pou ride pèp ayisyen an, pa nan ajennda apatrid mèsenè sa yo, ki gen misyon detwi peyi a e ameriken beni yo paske yo sou bon wout nan travay la.
Kidonk, nan batay global ki livre nan lemond ant oksidan fas peyi emèjan yo, Larisi pran tèt ploton an ak Lachin e lòt yo an bakòp paske nan mond miltipolè ki anonse a, peyi BRICS yo ( Brezil, Larisi, Lachin, End, Afrikdisid), ak Latiki, Iran, Meksik, Endonezi, gen gwo wòl pou yo jwe. Za m k ap tire nan Ikrèn depi 24 fevriye a, se yon pati nan goumen pou ejemoni an ki deklare sou plan militè, men anba batay sa, anpil boulvèsman politik ak ekonomik pral rive nan jou k ap vini yo ak konsekans, mizè ak kalamite. Te gen yon avan 24 fevriye, pral gen yon mond apre. Etazini ranfòse grapen l sou Ayiti, lè l itilize ak pwoteje Gang ak vòlè ki konpoze rejim PHTK. Nati eleman PHTKis yo kòm kidnapè, machann dwòg pa inosan nan chwa ameriken yo pou asire enterè yo: Delenkan ki anba menas lajistis p ap sonje ni byennèt ni avni peyi. Lè Aryèl Anri te bosi do l pou l te bay Biden lanmen an, sa te vle di: “Vwayou paka gen diyite “. Jodi a, pagen kolaborasyon posib ak PHTK, ki prouve klèman yo se trèt konze ensiyifyan pou peyi a. Konsa, mas popilè yo nan òganizasyon yo atravè peyi a, dwe apwoche kesyon an ak yon vizyon global sou plan politik, ekonomik ak sosyal. Apre plis pase 107 lane, prezans ak dominasyon ameriken yo sèlman pote dezolasyon, krim, mepri, vòl ak kòripsyon anndan peyi a. Li lè, li tan, pou tout pèp la leve kanpe pou l jete nan poubèl Gang Milis PHTK yo ak dominasyon fachis ameriken yo.
Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!
Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.
Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 20 jen 2022.