Vwa Rezistans Popilè (No29). – Vòt Kongrè Ameriken Nan Dat 28 Avril 2022 Sou Lwa (No HR7311) Lan, Pou Kontwole Resous Peyi Nwa Yo, Konfime Etazini Kòm Yon Leta Pirat Pou Pèp Nwa Yo.

Malgre kalamite l te pote, 2èm gè mondyal la pa t frape tout kontinan yo, ak menm fòs.  Afrik ak Amerik ki te mwen touche, te jwenn opòtinite leve tèt yo pi vit, lè gè a te fini. Peyi afriken yo te goumen e jwenn endepandans yo, Amerik la, ak Etazini nan tèt li, te pran lidèchip ekonomik lemond apre gè a, avan l te grandi enfliyans li nan domèn politik. Peyi Ewòp delwès yo ki te viktim anpil, te jwenn èd ekonomik nan plan Machal la, ki te pouse yo pote kole dèyè do Etazini, pou fè peyi depandan lòt kontinan yo, monte lesyèl pado pandan prèske 75 lane. Yo fè koudeta, asasine lidè politik, anvayi peyi alepouvini nan tout kontinan yo. Oksidan fann Limanite tikras pa tikras pou ranmase richès. Anpil fristrasyon te kreye pasi, pala, pèp yo toupatou, nan Amerik latin, an Afrik ak an Azi, sonnen lanbi Rezistans lan. Kounyela, anpil peyi Sid-Ameriken retire tèt yo anba dikta oksidan, mwayen-oryan pran dife anba pye yo, pèp yo deside batay pou fèmen va-n èksplwatasyon an. Rezistans  lan ap pran fòm nan peyi depandan yo, anfas yon oksidan ki gen difikilte avanse. Se nan kontèks sa, sou pretèks, yo anvi bare enfliyans Larisi, Kongrè ameriken an chwazi vote lwa, pou Etazini pran kontwòl resous tout peyi nwa sou latè. Pou n konprann pi byen sa k pase nan tèt dirijan predatè ameriken yo, li nesesè pou n fè yon kout je sou sa k ap kwit nan politik Etazini jodi a.

Nan moman televizyon Ozetazini t ap anonse rezilta eleksyon Donal Trump, François Delatte, anbasadè Lafrans nan Nasyonzini nan epòk la, te di: ” O! si Trump gen dwa Prezidan Etazini, mond lan fini!”. Trump reponn: ” Pa okipe l, Lafrans se yon peyi andeklen “. Ansyen premye minis nasyonalis franse, Dominik Devilpen, pral reponn Trump pou l di: ” Tout rwayòm andeklen, bezwen yon moun fou, ki dwe fin pouse do l nan trou a “. Pawòl kontradiktwa sa yo nan kan enperyalis la, te sonnen alam detrès ki te siyale ke gwo moman pwosperite pou peyi oksidantal yo, te menase. Tout moun pral konstate, yon gwo moman panik kay dirijan peyi   nan oksidan an. Sanksyon Etazini t ap distribye alawonnbadè pou ekilibre balans komèsyal, Biden ki rafle kontra vann za m ke alye l Lafrans, te fin siyen ak Ostrali e Lagrès, mete ak deklarasyon irèsponsab k ap fèt detanzantan, pwouve grèg kafe oksidan an, te gen trou pou ma pase ladan. Yo pran sanksyon kont anpil peyi dAfrik, kont Venezyela, Bolivi, Nikaragwa, Iran, Siri, elatriye. Yo kraze Libi e asasine Prezidan Kadafi, fè tantativ repete l kont Prezidan Bacha Alasad an Siri, e yo te gen entansyon anvayi Iran. Solèy leve sou do yo, pandan y ap dòmi nan lari toutouni nan fèt chanpèt. Oksidan atake Larisi nan yon gè militè ak ekonomik kote kondisyon yo defavorab pou yo sou tou 2 fwon yo. Larisi se pi gwo rezèv ekonomik nan mond lan. Richès li baze sou bagay konkrè ke limanite paka viv san yo, tankou Gaz natirèl, Angrè, Iranyòm pou bay kouran, Chabon pou kouran,  Lò, yo gen anpil Bwa, anpil mayi, anpil ble, anpil sereyal elatriye, e se yon peyi ki pa gen anpil dèt. Sepandan, Oksidan depase Larisi nan vann sèvis pou bay asirans, pou moun vwayaje,  sèvis nan domèn finansye tankou bank, kat kredi ak lòt aktivite kredi ki ba yo dwa fè èkspekilasyon pou ranmase lajan. Toutfwa, domèn sa yo pagen gwo ensidans sou lavi kotidyen pèp yo, donk yo pa endispansab. Se ki fè, responsab ameriken yo kite mò a, pou y al kriye devan sèkèy la. Menas deklen ki sou tèt Etazini an, soti anndan sosyete Apated yo chita sou li a. Yo òganize Inivèsite ak Sant rechèch lakay yo, pou yon elit kote yo èkskli minorite nwa, latino ak endyen yo. Kalamite k ap frape minorite nwa ameriken yo chak jou nan tout Eta ameriken yo, rive nan je ak zòrèy nou. Pèp nwa an Afrik kòm an Ayiti, p ap rete bwa kwaze pou kite pirat ameriken  yo vin enpoze lalwa tankou papa bon kè, menmjan sa ap fèt depi tan lakoloni.

Kidonk, atitid Kongrè ameriken an, tradwi pito yon sitiyasyon panik kay dirijan ameriken yo, vizavi kantite defi yo dwe leve nan moman nan domèn politik, ekonomik ak militè nan mond lan. Sou plan politik, anpil peyi nan tout kontinan ak soukontinan yo, ap chache otonomi politik pou yo rive mete pwòp moun ki dwe dirije yo, Lachin pran kontwòl komès entènasyonal la annatandan l pran kontwòl ekonomi mond lan. Etazini kondane pou l reyaji. Toutfwa, premye zak li poze nan sans sa, pote plis annwi pou ameriken yo, paske zak yo prouve enpuisans peyi Etazini. Trump te mache distribye sanksyon toupatou, pou l fè ekilib nan komès, alafen Etazini tonbe anba plis defisi komèsyal. Trump bat kò l pou l detwi Iran ak Venezyela, jodi a se Etazini k ap chache konpwomi pou tante ekilibre mache petwòl ak lòt pwodui. Atitid ak mantalite mond lan chanje, pèp yo evolye. Leson listwa ak èksperyans pèp nwa yo, pral gide yo pou fè Kongrè ameriken an konstate kouman atitid awogan l yo, se yon betiz nan moman. Lwa sa, riske ankouraje dirijan peyi nwa yo, fè mwens konfyans nan loksidan, e pouse yo plis toujou anba vant Lachin ak Larisi. Konpòtman predatè ameriken yo, pa nouvo anba syèl peyi dAyiti, paske sa fè lontan enperyalis la te deja enstale lakwa a, lakay nou. Jodi a, mas Popilè yo dwe òganize Rezistans lan pi djanm pou kontinye batay la ki dwe retire peyi a anba grif ameriken yo. Inite popilè, mobilizasyon manch long, se sèl remèd ki ka bay pèp la yon souf anba piyajè oksidantal yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 6 jen 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here