Agwo-Endistri.

Nan fen 19èm ak koumansman 20èm syèk la, Ayiti te genyen yon anbriyon Boujwazi Nasyonal ki te kwè nan avni peyi a. Yo te konn envèsti nan pwodiksyon, achte pwodui lokal pou transfòme e voye vann aletranje, anmenmtan yo te konn peye Leta taks nòmalman. Okipasyon ameriken 1915 lan, mete ak prezans komèsan Sino-Libanè yo, pral modifye nati  Boujwazi ayisyen an. Kòm nouvo manm yo pat gen okenn atach ak peyi a, anba enfliyans okipan ameriken yo, majorite manm Boujwazi sa pral fòme prensipal reprezantan enperyalis la. Konsa, pandan tout moman okipasyon ameriken an, nouvo elit ekonomik lan te pote kole ak okipan ameriken yo ki t ap mete peyizan nan kòve, komèt vyòl, masak, krim ak vòl sou popilasyon an.  Sepandan malgre difikilte, te gen yon ti gwoup envèstisè ki te kontinye plase  lajan yo nan pwodiksyon peyi a, jiskaske Etazini te deside an 1979 pou demantibile pwodiksyon nasyonal  la, atravè pwogram Inisyativ Basen Karayib la (CBI).

 

Pa gen anpil tan, Ayiti te gen plizyè Izin ki t ap pwodui Sik pou konsomasyon lokal e l  te jwenn yon kantite pou l voye vann aletranje. Izin Sik Asko nan Sitesolèy, Izin Wèlch nan Limonad, Izin Dabón nan Leyogán ak Izin Sik Santral Desalin nan vil Okay. Tout Izin sa yo te konn transfòme kann pou fè Sik jòn ak Sik blan pou moun konsome an Ayiti kòm aletranje. Nan Latibonit pou jouk rive nan lane 1982, Ayiti te konn pwodui Diri, transfòme ak trete l nan Izin pou satisfè mache lokal la e voye rès la vann aletranje. Izin vètivè nan Latibonit (Senmichèl) ak nan Sid ( Tòbèk/Chantal), te konn fè Lwil vètivè (pou fè pafen) pou voye vann aletranje. Ayiti te 1er pwodiktè lwil vètivè nan mond lan e lwil vètivè ayisyen an t ap vann kou patecho. Zoranjsi ayisyen an ki byolojik, te konn transfòme an lwil zoranj ke yo itilize anfrans pou fè “Likè Cointraux”, yon Likè ki chè anpil. Kafe ak Kakawo ayisyen yo pa anpil, men tout etranje konnen bon kalite yo, opwen ke ansyen Vis-Prezidan ameriken Algor te vin fè pwomosyon pou kafe “Haitian Blue ”  nan vil Jakmel. Jouk  sou Prezidan Estime, Kafe ak Kakawo te rete pi gwo pwodui peyi a te konn voye vann aletranje.

Si nou wete Byè Prèstij ki fèt ak pitimi òganik ak Ròm Babankou ki fèt ak kann òganik, ke Izin peyi  a kontinye fè pou vann sou mache lokal la ak peyi etranje, ameriken sabote atravè plan CBI la, tout sa Ayiti te konn  pwodui ankantite. Etazini kraze Izin ” Facolef ” nan Kavayon ki te konn fè pat tomat ak sòs tomat; li kraze “Konasa” nan vil Okap ki te konn fè Ji Mango ak Zoranj; li elimine Lèt Jibrant; li fè fèmen konpayi ENAWÒL ki te konn itilize grenn koton pou fè lwil pou manje; li elimine konpayi Hampco ki te konn transfòme vyann kochon pou fè grès Mantèg pou manje, fè Sosis ak Montadèl.

Aplikasyon plan CBI la elimine endistri Soulye ak Sandal nan peyi a. Mezon Vitchelo ak Mezon Bata ki te rive fabrike Soulye dekalite tankou Estepovè ak Espik fèmen pòt yo, paske ameriken te lage maladi chabon sou bèf, kwi te vin diminye nan peyi a pou soulye pèpè fè rès travay la. Donk analiz fè istorik yo, montre ke zak kriminèl ameriken yo ap poze nan peyi a, pa koumanse jodi a. Dominasyon ak èksplwatasyon enperyalis se sèl eleman ki karakterize relasyon politik ak ekonomik ant Etazini ak Ayiti, paske Ameriken enpoze tout sa l vle palafòs sou do peyi a.

 

Kisa Peyi a Ka Fè Jodi a?

 

Kontrèman ak lòt peyi k ap itilize pwodui chimik ankantite nan pwodiksyon yo, pwodui ayisyen yo rete toujou òganik. Li pa bay rannman nan kantite, donk li bezwen apui yon Leta Santral pwogresis pou ede envèstisè yo kenbe, paske l garanti sante popilasyon an. Apui sa dwe vini sou fòm materyèl ak ekipman pou peyizan yo, sou fòm dlo, enèji ak ankadreman pou travayè, ak sou fòm kredi pou peyizan travayè yo pandan Leta dwe chache pwoteje mache lokal la.

 

Kidonk atravè listwa peyi a, Etazini toujou gen yon konpòtman rapas vizavi pèp ayisyen an. Nan landmen endepandans lan, yo te deja antre nan konplo ak Angletè e Lafrans pou te demoli sosyete ayisyèn nan. Yo t ap sabote, piye e destabilize ekonomi peyi a, answit kontwole politik la nan enpoze domèstik kòm dirijean Ayiti. Yon pati nan pwodiktè  nasyonal yo ki t ap reziste, e ki te gen merit fè peyi a depanse mwens deviz (lajan) pou enpòte, pral pran gwo kou fatal la an 1979, lò Etazini te plake plan CBI la sou Ayiti. Jodi a enperyalis ameriken ak alye l yo, lage peyi a nan falèz. Pwogresis ayisyen yo dwe kontinye batay nan mitan mas popilè yo ki dwe pran konsyans sou ki kote enterè pa yo ak pa peyi a chita, paske relans pwodiksyon nasyonal la se sèl lespwa pou yo jwenn travay, manje ak mwayen pou voye pitit yo lekòl.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Popilè Pou Relans Pwodiksyon Nasyonal La!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 4 desanm 2023

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here