Kontrèman ak sa yon moun te ka imajine, gouvènman defakto Ariel Henry an transfere mèt Ronald Richemond pou li vini nouvo komisè gouvènman Pòtoprens ki se premye jiriksyon peyi a. Mèt Ronald Richemond ta jwenn transfè sa nan men pouvwa anplas la, malgre  klamè piblik denonse li nan plizyè zak malonèt nan tèt pakè Okay san pa gen okenn limyè ki fèt sou akizasyon grav sa yo. 

 

Okay, 12 novanm 2022

Nan yon lèt Minis jistis defakto a Berto Dorcé ki pibliye jounen vandredi 11 novanm 2022 a, li anonse gouvènman an revoke komisè gouvènman Pòtoprens la Jacques Lafontant pou ranplase l pa komisè Gouvènman Okay la. Yon desizyon ki pwovoke anpil reyaksyon nan mitan sosyete a, ki montre kouman enpinite ak vyolasyon dwa moun tounen gwo kalite pou otorite k ap mennen bak peyi a.

Pou anpil moun nominasyon sa a fè pati pwojè gouvènman an ak kominote entènasyonal la pou kreye wout pou entèvansyon militè a ateri. Komisè Ronald Richemond se youn nan gwo defansè entèvansyon fòs etranjè nan peyi a pou vin mate sityasyon kawotik rejim PHTK komisè a fè pati a kreye de plis pase 10 lane. Nan tèks li te pibliye nan dat dimanch 9 oktòb 2022 pase a, deklare :« Tout moun ki kont entèvansyon militè nan peyi a se gang yo ye …» Touswit apre deklarasyon sa a Komisè lage koukouwouj kont tout moun ki konnen ap òganize manifestasyon nan vil Okay. Plizyè nan yo deja arete, mete nan prizon san pase douvan jij natirèl yo. Dènye a se Francklin Mondesir aka Corneille Rebèl Lapolis arete ak yon drapo peyi Larisi douvan pakè Okay la nan yon sit – in pou mande jistis pou Gary Tesse.

https://radiotelemontagna.com/yon-moun-mouri-plis-pase-7-lot-blese-anba-bal-lapolis-jodi-vandredi-23-septanm-2022-bo-midi-konsa-nan-youn-nan-katye-popile-komin-okay-la/

Jounalis epi fondepouvwa Gary Tesse te nan gwo bouch louvri ak jal komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond ki te fè arete  l pou yon kesyon tè ki te deja regle epi mete l nan gadavi. Aprè liberasyon l, komisè a te deklare se moun ki libere Tesse a k ap vin pran plas li a. Depi lè sa, viktim lan pa t janm manke lonje dwèt sou pil move zak chèf pakè a nan bat, touye moun, vòlè tè, vòlè pyès akonviksyon tankou revòlvè, – yon pawòl Ricardo Bain aka Tichito te di, enplike nan trafik sispèk san konte li gen bandi nan do l. Gary Tesse te mete lavi l sou kont komisè Richemond ki gen misyon pou fè mesye ame ak gwo zam fannfwa nan ekip li a asasinen l. Enben nan dat 18 oktòb 2022 a, jounalis pral kite kay li san li pa janm tounen. Lendi 24 oktòb la menm yo pral jwennn kadav li k ap gate kote yo koupe plizyè pati nan kò li si nou kwè direktè radyo Lebon FM lan, Valince Georges nan yon sikwi kòm korespondan radyo Televizyon Caraïbe (RTVC). Pou avoka fanmi lan, mèt Anthony Cyrion, madanm Yvana Despagne Tesse nan depozisyon l douvan polisye yo nan sèvis jistis enstitisyon Polis la, SDPJ, akize Komisè Richemond nan zak sila a. Nan patisipasyon Mèt la nan emisyon Boustè sou radyo Mega ak Romanes Samedi fè konnen li pare pou l demisyone pou l reponn ak akizasyon lanmò Tesse Gary, jiskaske otorite nan Lajistis peyi Dayiti monte l nan pi gwo jiridiksyon peyi a,  anyen pa di sou dosye a .

https://radiotelemontagna.com/moun-nan-lokalite-foko-jwenn-yon-kadav-ki-ta-sanble-ak-ko-fonde-pouvwa-epi-jounalis-gary-tesse/

N ap raple menm komisè sa a te pwomèt pa gen okenn moun k ap vin bloke lari nan twazyèm vil peyi a toutan li la. Mèkredi 14 septanm 2022, yon jenn gason mouri, Jimmy Samedy, 3 lòt blese nan zèpòl nan asware apre jounen manifestasyon kote menm jounalis pa t epanye anba represyon ajan lòd yo ki maspimen sitwayen yo anba baton, arete yo ak pete bal kou gaz lakrimojèn pou te reprimande mouvman sitwayen yo nan 3zyèm vil peyi a.

 

28 jen 2022, plizyè dizèn moun manifeste nan vil okay pou denonse Mèt Ronald Richemond kòm moun ki lakòz yo asasinen Gregory Oscar , yon dyaspora nan Vil Okay sou yon teren li gen an vil la. Pou manifestan yo se Ronald Richemond ki pouse sitwayen yo asasine Grégory Oscar ak deklarasyon iresponsab li a. Nèg sou moto te pouswiv viktim lan , sot Charye, 2zyèm seksyon komin Okay, ap rele bare bandi jouk pou vin asasinen li, là, bò sant sante a, 2 pa ak lakay li. Olye Komisè a te di sitwayen kenbe prezime bandi yo epi rele l men li te di pito nan matyè flagrans tout òm se polis. Si yon moun vin atake w ou wè yo, ou ka mete yo atè se fè l epi rele l vin fè konsta.

https://radiotelemontagna.com/ayiti-enpinite-plizye-dizen-moun-mache-nan-twazyem-vil-peyi-a-pou-di-ak-komise-richemond-ka-gregory-oscar-a-p-ap-mouri-nan-tiwa-lajistis/

29 me 2022 nan kad yon rezolisyon bawo Okay la pran , avoka yo pa rekonèt mèt Ronald Richemond kòm Komisè. Bawo a mande Ministè Lajistis revoke jal Komisè an paske non l pa sispann site nan move zak tankou : arestasyon ilegal, liberasyon pou lajan, negosye libète, arestasyon avoka, denigreman yo, elatriye.

 

29 mas 22 komisè a te debake ak ekip li epi lapolis kraze youn nan pi gwo manisfestasyon nan istwa vil Okay devan ayewopò Antoine Simon pou te mande debloke Matisan ki gen plizyè mwa depi li bloke. Plizyè moun nan popilasyon an te viktim anba kout bal . Li te fè  arete  kèk sitwayen li te di se bandi alòske li te pral lage yo sou presyon kèk sitwayen nan komin lan ki denonse zak abitrè sa yo.

 

7 jen 2022 komisè a ak fanatik li yo te pran lari pou di Komisè Ronald Richemond pa dwe revoke jan rezolisyon avoka yo nan bawo jiridiksyon Okay la te mande sa nan fen mwa me 2022 pase a. Nan mayo ak kèk pankat nou te ka li: “Komisè Richemond p ap fè wonn pòt”, “Aba tout moun k ap defann bandi”, “Aba tout avoka konwonpi”, “Aba bandi ak kravat”, “Okay p ap tounen Matisan” ak anpil pawòl piman bouk òganizatè yo ak manifestan yo te lanse kont avoka yo ak kèk jounalis nan plizyè emisyon radyo nan vil la sitou emisyon “ Gran Lakou” k ap kritike ajisman Komisè a, Tesse Gary t ap anime.

 

Komisè richemond ki gen yon pil ak yon pakèt akizasyon sou do li nan jridiksyon Okay la transfere nan plas Komisè Jacques Lafontant yo denonse nan plizyè aktivite sal nan tèt pakè Pòtoprens. Pou anpil moun eske tout bon vre se moun ki pa gen nan peyi a ki lakòz se moun ki pi denonse yo ki chwazi pou mennen bak lajistis la ki deja tonbe nan yon touf fènwa .

 

Mòd transfè ak revokasyon sa yo montre se enpinite k ap taye banda l. Paske plis pase yon mwa aprè klamè piblik denonse enplikasyon Komisè Richemond nan plizyè dosye louch kou Komisè Lafontan men lajistis y ap sèvi a pa brinding kò l epi enpinite a ap pran plis jarèt nan sosyete a.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here