Tankou Lafrans te jwenn kolaborasyon trèt konze Jn Pyè Bwaye pou l plase Ayiti anba dominasyon neyokolonyal an 1825, ansyen esklavajis etazinyen ak ewopeyen te reyisi mete peyi afriken yo anba yon nouvo fòm dominasyon apre Mouvman Endepandans ki te kouvri tout kontinan nan lane 1960 yo.

Nan moman kote peyi ki konpoze sistèm mafya entènasyonal la ap mache simaye kawo nan peyi depandan pou fasilite pwojè Mondyalis la, vyolans Gang/Teworis ak piyaj kolonyalis yo, pouse afriken ak ayisyen levekanpe pou denonse aksyon oksidan kriminèl la. Etazini ak manm Linyon Ewopeyèn kreye anpil gwoup Gang ak Teworis pou anlve, maspinen ak fè masak nan mitan popilasyon peyi dAyiti ak peyi afriken yo. Listwa pale pawòl la, tout moun konnen vòl ak krim antre nan nati pwisans esklavajis yo. Se nan sans sa, Ayiti ak kontinan afriken an ap lite anba yon gè non deklare atravè Gang ak Teworis ke ameriken ak Linyon Ewopeyèn mete sou pye, tire fisèl li pou regle zafè pèsonèl yo. Sepandan lagè kamoufle a difisil se vre, men Ayisyen ak Afriken pa gen chwa, yo oblije mare senti pou rantre nan batay la, pou y al chache Liberasyon total peyi yo. Poukisa?

 

Tankou Lafrans te jwenn kolaborasyon trèt konze Jn Pyè Bwaye pou l plase Ayiti anba dominasyon neyokolonyal an 1825, ansyen esklavajis etazinyen ak ewopeyen te reyisi mete peyi afriken yo anba yon nouvo fòm dominasyon apre Mouvman Endepandans ki te kouvri tout kontinan nan lane 1960 yo. Pandan anviwon 70 lane, mafya ewopeyen ak ameriken kontinye piye richès kontinan malgre swadizan Endepandans peyi Afrik yo. An Afrik, se Lafrans ki chèf kwizin pou sèvi lòt peyi mafya ki nan Lotan k ap koupekòpyèz nan richès kontinan, alòske an Ayiti se mafya Depatmandeta ki chèf kanbiz pou kouperache ni nan domèn politik ni nan domèn ekonomik. Piyajè  eskamotè yo ranmase richès Afriken e Ayisyen pandan y ap demantibile tout strikti sosyal ak kiltirèl peyi viktim yo. Ositou depi plizyè lane, afriken ak ayisyen mobilize pou denonse kriminèl ameriken ak ewopeyen k ap vòlè byen ak fòs kouraj pèp sou kontinan nwa ak lòt ki nan peyi dAyiti, pou angrese oligachi mondyalis la. Kòm repons ak revandikasyon pèp yo, pwisans negriye yo ak Etazini kòm majòjon, deside enstale Gang ak Teworis pou simen dèy nan mitan popilasyon ayisyèn ak afrikèn nan. Sepandan, si solidarite lòt pèp ap ride Mouvman Liberasyon peyi afriken yo vanse, an Ayiti peyi kote Desalin te ba Mouvman Panafriken an nesans, Mouvman Rezistans lan viktim yon izòlman politik kote l ap soufri yon mank solidarite pou l grandi. Konsa, patriyòt ayisyen yo dwe swiv tras papa Desalin pou yo monte yon òganizasyon sosyal reprezantatif otonòm, ki dwe tabli relasyon ak Mouvman Panafriken sosyal yo, pou Ayiti ka patisipe nan tout foròm k ap mete Rezistans pèp afriken yo anvalè tankou: Somè Chin/Afrik, Somè Risi/Afrik ak Somè BRICS menmsi prezans ayisyen yo ka rete nan nivo sosyete sivil la. Ameriken plase sèlman domèstik anti-ayisyen pou dirije peyi a, pwogresis yo dwe byen òganize Mouvman sosyal la pou kreye kondisyon pou Ayiti vin aktè avni l nan gwo refòm ki anonse nan mond lan jodi a.

 

Kidonk Entènèt ak Rezososyal yo revolisyone mond lan kote enfòmasyon yo kouri ak menm vitès pou tout moun sou latè, pandan dirijan peyi mafya yo ap gade nan yon linèt 19èm syèk pou kenbe dominasyon yo sou limanite ak yon bann zouti ki depase. Anpil peyi Afrik konsanti gwo sakrifis nan depans militè pou ranfòse Lame kòm kadyen Souverènte yo, pandan ke BRICS louvri pòt li debatan pou apwiye pwojè devlòpman san blòf sou kontinan afriken an. Donk Afriken yo ap li nan yon lòt chapit alòske kolonyalis yo rete bloke nan premye paj liv la. Ositou, pwogresis ayisyen yo dwe kontinye òganize lit la nan mitan mas popilè yo nan striktire Mouvman sosyal la ak pèspèktiv louvri zèl li sou kontinan afriken an pou l jwenn solidarite ak odyans medyatik nesesè. Lè n sonje an 1962  kouman FLN (Fwon Liberasyon Nasyonal) te pèdi plizyè santèn milye konbatan pou l te chase sòlda franse an Aljeri, alòske jodi a Nijeryen yo ap mete twoup franse deyò san tire yon kout fizi, espwa yo la. Mirak la posib, pou ayisyen fout ameriken yo deyò si òganizasyon popilè yo striktire tèt yo ak mwayen nesesè pou yo aji antout endepandans. Lè sa a, Mouvman sosyal la ap ka rive mobilize tout mas pèp la nan tout peyi a, sou yon menm revandikasyon. Konsa, zam kriminèl ameriken yo pral bèbè paske Mobilizasyon popilè a ap vin gen gwo kouvèti medyatik nan yon solidarite nasyonal ak entènasyonal rololoy. Yon jou pou chasè! Jou pou jibye a p ap lwen rive si pèp la òganize l vrèman.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Solidarite Panafriken Inivèsèl Desalin Nan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No 94

11 sept 2023.

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here