Pou piti gen 4,7 milyon moun ki nan ensekirite alimantè nan peyi Dayiti selon dènye rapò Konsèy Nasyonal Sekirite Alimantè (CNSA) mete deyò. Sityasyon sa a kreye nesesite pou gen yon entèvansyon an prese prese ki fèt pou pote sekou ak fanmi sa yo ki nan nesesite. Pou pi piti gen 5 fanmi sou 10 ki nan ensekirite alimantè anndan peyi a pi patikilyèman nan zòn ki te sibi katastwòf natirèl yo ak zòn bandi ame yo kontwole.

 

Okay, 15 oktòb 2022

Twoub sosyo politik ak ekonomik, pri pwodui yo, gang ame, rate ak ogmantasyon pri gaz, fèb pwodiksyon agrikòl se kèk eleman diferan ekspè nan tèt kole ak CNSA rale pou eksplike sityasyon grangou k ap vale teren nan peyi Dayiti ki soti nan 44 % nan mwa septanm 2021 pou rive nan 48 % nan mwa septanm 2022 pase a. Se yon ogmantasyon 4 % daprè dènye analiz ki reyalize nan mwa dawou 2022 a nan 10 depatman nan peyi a.

 

Genyen 15 zòn sou 32 sityasyon an pi grave pa rapò ak ensekirite alimantè a epi yo klase nan faz 4, sa vle di ijan, genyen menm ki nan nivo 5, ki vle di nan nivo trè grav ki merite yon aksyon an ijans.

 

Majorite zòn ki afekte yo twouve yo gran sid la. Se zòn ki te frape anba tranblemantè 14 dawou 2021 an, wo Plato santral kole ak depatman Nò, Nòdès, Latibonit, Lwès, Lagonav ak 3 Komin nan zòn metwopolitèn Pòtorens la ki pi afekte anba aktivite gang yo ki se Site Solèy, Kwadèboukè ak Pòtoprens.

 

Se premye fwa daprè rapò a nan peyi Dayiti gen yon kategori fanmi ki rive nan chif 5 la ki se yon veritab katastwòf. Komin site Solèy se pi gwo viktim paske gen 5% nan kantite moun ki nan sityasyon lamantab sa a nan peyi a k ap viv ladan l. Yo prevwa soti mwa mas 2023 pou bout mwa jen 2023 gen posibilite pou sityasyon an dejenere.

Pou CNSA ak patnè li yo gen aksyon ijan ki dwe pran yon fason pou soutni 50% fanmi ki pi pòv nan peyi a ki frape anba enskirite alimantè a. Plizyè vwa toujou leve pou mande Leta pran mezi pou rezoud pwoblèm grangou nan peyi Dayiti. Men malerezman se toujou kontrè a ki fèt. Se retire tè agrikòl nan men moun k ap plante pou bay ak konpayi miltinasyonal pou enplante divès kalite zòn franch tekstil, minyè ak agwo ensdistriyèl pou ekspòtasyon. Se ouvri vant peyi a pou enpòte manje pèpè sou demand Fon Monetè Entènasyonal , Bank Mondyal ak Òganizasyon Mondyal Kòmès pandan yo konnen se yon refòm agrè entegre ki pran ankont agrikilti agwo ekolojik familyal la ki ka garanti souvrènte alimantè popilasyon an kote tout moun ka jwenn bon manje pou manje ak vann.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here