Se nan Pakè pre Tribinal Premye Enstans lan, tout manm ki konpoze konsèy sekirite Sid la, Dwayen, sibtiti komisè yo nan jiridiksyon Okay la, Batonye lòd avoka Okay la, Notè, reprezantan òganizasyon dwa moun akeyi sibtiti komisè James Jean Louis kòm nouvo komisè pou yon ti bout tan nan tèt jiridiksyon an nan fonksyon l, daprè konsta radyo Montagna, madi 2 jiyè 2024 la.

 

Okay mèkredi 3 jiyè 2024

« Rankont ofisyèl sa a se pou enfòme popilasyon an Pakè Okay la gen yon nouvo komisè nan tèt li depi jedi 27 jen 2024 pase a, pataje liy batay li pou  komin Okay la, jiridiksyon an anjeneral pa yon zòn pèdi ak pou sere lyen yo nan yon bon kolaborasyon ant Pakè ak tout lòt enstans yo sitou Lapolis » deklare nouvo chèf pousuit la , James Jean Louis.

Nan ti sal sa a ki te boure ak envite, anmajorite avoka sanble reprann konsyans ak prezans souf nèf sa nan tèt Pakè Okay la.

Nan pil koze entèvenan yo nan rankont sa pa t manke di nouvo chèf la ki kote yo ye epi kisa k ap tann li. Delege Estenvil, DDS//PNH Compère, reprezantan OPC, Maurice ak Prezidan komisyon kominal Okay la, Claire Daphné France, devan asistans byen chwazi sa reprann byen wo sa anpil moun nan jiridiksyon an pa te janm sispann deplore ki t ap pase nan Pakè a. Men sanble otorite sa yo te enpisan devan zèl jal Komisè Richemond ki pa te fleksib nan ajisman li yo.

 

Youn aprè lòt, otorite yo mande pou chèf la gen yon ekip sekirite solid ki daprè Delege defakto a pou fè bandı yo pè Kòm premye polisye sivil. Yo pote tout kolaborasyon yo ak li epi swete tewori a se youn, pratik la se yon lòt. Mande l pou l mete kanson l nan tay li. Nou ret pou tann Kouman nouvo komisè a pral mete konsèy bout di sa yo anpratik.

Nan ti koze pa ajan enterimè Claire Daphné France ak aktyèl Komisè Gouvènman Jean – Louis poze l kèk kesyon sou gwo chay ki sou tèt li. Majistra France raple nouvo administratè Jean – Louis, li vin nan tèt jiridiksyon an nan yon moman kritik, kote sitwayen yo bay Pakè Okay do paske li gen anpil pwoblèm san site youn.

Prezidan komisyon kominal la di li p ap fè komisè a pè men travay yo anpil sitou pou nan kesyon kwape ensekite a nan jiridiksyon an ak pou pòt lajistis yo byen louvri pou kaba enjistis ak pran plent sitwayen yo.https://radiotelemontagna.com/plizye-akte-denonse-grev-ilimite-majistra-debou-ak-grefye-yo-lanse-anndan-peyi-a/

Daprè sa plizyè avoka ki reponn kesyon radyo Montagna, rezolisyon Batona Okay la , nan dat 23 mai 2022 pase a te toujou debou. Sa ki te fè gen anpil Mèt/Avoka ki pa t janm vle al douvan jal Komisè a , te kontounen pòt pakè a. Avoka sa yo te pito mete yo dakò ak kliyan yo pou depoze plent yo nan kabinè enstriksyon paske yo pa te gen konfyans nan komisè a. Se Jij enstriktè a ki pou enfòme l epi tann l bay vıza l pou jij la koumanse travay.

Nou ap raple nou nan dat 28 oktòb 2022, Yvana Despagne Tesse ak avoka li yo pote plent nan Ministè lajistis ak Sekirite Piblik (MJSP) pou jal komisè Richemond ki te konn menase mari l, Garry Tesse, arete l anvan klamè piblik akize chèf pousuit la nan disparisyon l nan dat 18 oktòb 2022 pou te al jwenn kadav li,  defigire nan lokalite Foko nan lannwit 23, 24 oktòb menm lane a.

Nan dat 15 Mai 2023 pase, Majistra Wadson Azor pote plent nan MJSP kont jal komisè a pou menas lanmò ak tantatif agresyon fizik ak jouman li te sibi nan dat 12 mai 2023. Nan dat 23 me 2022, lòd Avoka yo te pran yon rezolisyon ki pa t rekonèt otorite komisè a, mande revoke l epi gen pil tèks « SOS Journalistes » ak Sekretè Jeneral li, Joseph Guyler Cius Delva ekri ansyen minis jistis defakto Prophète Milce ki pa t fè yo ka kou aktyèl minis jistis Carlos Hercule sou prezime enplikasyon jal Komisè a nan asasinay konfrè jounalis Garry Tesse ajoute ak tèks Ofis Pwoteksyon Sitwayen yo (OPC) sou zak lawont sa a.https://radiotelemontagna.com/nouvo-minis-defakto-jistis-la-carlos-hercule-mande-komise-ronald-richemond-kanpe-lwen-pake-a-pou-yon-titan-akoz-plizye-plent-ministe-a-resevwa-kont-li/

Kondi pwofesyonèl dwa yo, defèt lalwa se toujou pou yon ti bout tan. Men pou kwape tout aksyon abitrè ak batay kont tout move aksyon se pote plent. Atant yo anpil pou nouvo chèf pousuit la drese kannòt la k ap pran dlo depi plis pase 3 lane.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here