Nan lokazyon 74 zyèm selebrasyon deklarasyon Inivèsèl dwa moun yo, plizyè òganizasyon k ap milite nan sektè sa a, òganize plizyè aktivite jouk pou rive nan dat 10 desanm lan ki se “jounen dwa moun” nan peyi a. Yon selebrasyon nan youn moman ki pi fènwa nan listwa peyi Dayiti nan koze dwa moun.

 

Okay 10 desanm 2022

Plizyè òganizasyon dwa moun tankou GADES-COREF, AYIBOBODANS, FANM FRANCHIZ BEWO, ASOSYASYON FANM ANDIKAPE, ESPAS FANM SID, KOSOFADS pandan dènye 16 jou sa yo, soti nan dat jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm 25 novanm pase a, tonbe sou 3 desanm jounen moun k ap viv ak yon andikap pou bout nan dat 10 desanm lan ki se “jounen dwa moun” òganize nan cheflye depatman Sid la divès kalite aktivite pou sansibize sitwayen yo sou dwa gwoup sitwayen sa yo. Rankont ak laprès, ak elèv nan kèk Lekòl men ranvwaye ekspozisyon pwodui agrikòl transfòme yo ki te dwe fèt sou plas Dam Okay la pou 8 mas 2023 k ap rive la. Daprè Òganizasyon yo, fòk sosyete a mobilize yo pou yo pa kontinye viv andeyò dwa fondamantal yo.

Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa  Moun yo (POHDH) bò kote pa l pwofite dat 10 desanm 2022 a pou selebre 31 lane depi l ap feraye nan sektè dwa moun nan peyi a.

 

Pou make dat sa, òganizasyon dwa moun lan, POHDH, soti 6 pou 9 desanm 2022 a reyalize plizyè konferans sou tematik tankou: Medya ak dwa moun, ensekirite, sitwayen k ap kouri kite kominote yo, lajistis ki disfonksyone a, dwa ekononomik, sosyal ak kiltirèl yo pou rive sou dwa anviwonnman an k ap pran kou. Plizyè gwo pèsonalite nan sektè te entèvni  nan seri aktivite sila yo tankou : Colette Lespinasse ,COEH; Herold Jean François, Radio Ibo;  Jocelyne Colas, CE-JILAP; Marie Rosie Auguste, RNDDH; Peterson Derolus, KJM pou site sila yo sèlman.

Tout aktivite sa yo se pou sansibilize sitwayen pou yo pran responsablite yo kòm Sitwayen Responsab kou kòm ekositwayen. Tank sitwayen yo konn dwa yo se tank y ap pouse Leta respekte dwa yo selon manman lwa peyi ak pil lòt konvansyon Leta siyen epi vote.

 

Nan lokazyon 31 lane sa a, radyo Tele Montagna ap swete Platfòm Òganizasyon Ayisyen Dwa Moun lan (POHDH) ret djougan ak pou l pote kole pi plis toujou ak tout sitwayen k ap viktim anba move politik mòd Leta aryègad/ reyaksyonè ap aplike.

Nan dat 10 desanm 1948, 58 peyi te rasanble epi adopte Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun yo nan Palè Chailot. Pou komemore adopsyon li, Loni pran dat 10 desanm lan pou selebre « Jounen Dwa Moun yo ».

 

Tout òganizasyon k ap batay pou dwa moun respekte apiye sou dokiman sa a pou fè pwomosyon pou dwa moun yo tabli san diskriminasyon.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here