Yon jou l apre l fin selebre jounen mondyal anviwonman nan Repiblik Dominikèn , Orlando Jorge Mera, minis anviwonman dominiken an, mouri anba kout bal yon bon zanmi l, maten 6 jen 2022  an nan biwo l a, dapre sa  pòt pawòl prezidans lan fè konnen.

Selon premye eleman enfòmasyon yo se yon bon zanmi Minis la ki ta touye li. Men gen ankèt ki deja louvri pou rive jwenn vrè otè zak makab sila. Enfòmasyon yo fè kwè, prezime asasen an rantre nan biwo minis lan pandan l t ap patisipe nan yon rankont ak vis minis li yo. Minis asasinen an Orlando Jorge Mera se pitit gason ansyen prezidan dominiken Salvador Jorge Blanco soti nan lane 1982 pou rive nan lane 1986.

Dènye tan sa yo, ensekirite pa sispann vale tèren kay vwazen an. Yon sityasyon ki kreye anpil enkyetid nan mitan popilasyon dominikèn nan.

 

Franndy Lesperance

 

Sous: AFP

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here