Si nan je anpil sitwayen se yon bonb pou 28 jij gen gwo dosye louch sou dò yo men pou avoka militan, praktisyen kou òganizasyon dwa moun nasyonal kou rejyonal, yo pa satisfè ak travay netwayaj Konsèy Siperyè Pouvwa Jistis (KSPJ) a reyalize nan sistèm jistis Ayisyen an. kalifye gwo van ti lapli paske pa gen sanksyon penal k ap akonpaye travay Komisyon Teknik Sètifikasyon (KTD) a.

 

Okay 17 janvye 2023

Reyaksyon yo pa te pran tan pou soti kèk èd tan aprè Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (KSPJ) a rann piblik yon pati nan pil dosye Komisyon Teknik Sètifikasyon (KTD) a trete epi voye l bay Minis defakto Jistis la, Emmelie Prophète Milcé, ayè lendi 16 janvye 2023 a, mande l mete deyò 28 majistra ak ofisye nan pakè yo epi kenbe 31 majistra ki kenbe kolòn yo nan diferan enstans nan sistèm jistis peyi a.

 

Nan pwosèvèbal ki akonpaye lis 69 majistra yo, bay diferan rezon ki lakòz KSPJ a mande pou ministè Lajistis mete deyò 28 majistra nan sistèm lan pou dwèt long siperyè, fè lajan anba tab, bat moun kou enplike nan lòt koze louch tankou vòlè tè, elatriye.

Pou responsab Rezo Sid pou Defann Dwa Moun lan (RSDDH) ki reponn kesyon radyo Montagna, di se yon pa, men li pa satisfè ak echantiyon sa a KSPJ soti a. Pou mèt Yonel Myrtil, yo menm nan rezo a, pote plent pou anpil jij nan 3 jiridiksyon depatman Sid la men yo toujou la. Se pa ni 3 ni 7 jij ki p ap benyen nan koripsyon, klamè piblik denonse yo oubyen mòd lavi y ap mennen, byen yo posede pa kadre ak kantite lajan y ap touche pa site nan dokiman sa a akòz akwentans politik, kolòn oubyen zanmitay.

 

Pou militan dwa moun lan, RSDDH ap kontinye ekri, soumèt rapò sou zak kèk majistra ki chita (asi) oubyen debou nan sistèm lan. Fòk sitwayen yo defye move zangi yo epi fòk sètifikasyon an ale nan lapolis la tou. Se yon pa ki franchi detan RSDDH a ap batay pou lajistis blayi nan tout peyi a ak moun ki onèt. Lalwa se yon fwèt. Yon jou kou yon lòt, lalwa ak fwete yo paske yo nan move chemen an.

 

Mèt avoka militan Maxon Esta ale nan menm sans lan. Li di li wè gen non ki nan lis la ki merite la men gen anpil lòt non ki ta dwe la, pa site. Mèt Esta site ka jal Komisè gouvènman jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond, klamè piblik nonmen non l kòm youn nan prezime asasen jounalis/ Fonde Pouvwa Gary Tesse kote popilasyon an nan zòn Foko te pral jwenn kò l, defigire nan dat 24 oktòb 2022 pase a san konte rezolisyon lòd avoka Okay yo nan dat 22 me 2022 ak lòt egzaksyon men non Komisè a pa nan lis sa a.

 

Pou yon avoka ki pa vle non l site di, sètifikasyon an ta dwe fèt depi avan majistra yo antre nan dyòb la. Sa vle di lè yo ta finn sètifye pou yo te nonmen.  Men se kontrè à ki fèt. Pou mèt avoka a, sètifikasyon an pa fèt epi se fini. Yon jij te ka sètifye ane sa a, pa gen plent, tout bagay li kòrèk epi li annik fin sètifye li fè yon betiz oubyen non l site nan yon eskandal. Donk, depi jij la fin sètifye, manda l renouvle pou 5 oubyen 7 lane se jouk lè manda a pral fini komisyon sètifikasyon an pral gade si pandan manda a si pa gen briganday ki fèt. Si anketè yo jwenn jij la nan move zafè, manda a p ap renouvle sa ki mete jij la deyò nan sistèm lan san okenn pèn penal.

 

Gen pil egzaksyon Komisè marechal Miragwàn lan, Jean Ernest Muscadin ap fè, malgre òganizasyon dwa moun yo tankou FJKL, RNDDH denonse yo kou sitwayen avize men non l pa nan rapò sa a kou lòt Komisè, sibtiti Komisè ak jij non yo pa sispann site.

 

Se pa premye fwa Konsèy Siperyè Pouvwa Jistis (KSPJ) a mete rapò sa yo deyò. Nan 26 oktòb 2020 pase a, te genyen yon travay konsa kote li te voye 18 jij nan kanpe lwen sistèm lan. Men 2 lane aprè ansyen jij yo pa peye vre pou move konpotman ni byen yo pa sezi byen mal aki yo pou ta voye yon mesaj klè ak pil lòt k ap antre yo. Anpil nan jij kite mete sou kote pou move zafè souvan  retounen nan sistèm akoz akwentans yo ak otorite nan Leta a .

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here