Se yon rezilta egzamen 9vyèm Ane Fondamantal varye soti 70 pousan pou 90 pousan reyisi daprè chif Biwo Nasyonal Egzamen Leta yo (BUNEXE anfransè) rann piblik sou paj ofisyèl li, dimanch 8 septanm 2024 pase a pou 9 Depatman jewografik peyi a sou 10.

Okay, madi 10 septanm 2024

Paran, elèv, Direksyon lekòl kou Direktè Direksyon MInistè Edikasyon Nasyonal pasi pala soulaje ak piblikasyon rezilta pou elèv 9vyèm ane fondamantal yo ki pako fin konplè paske Depatman Sidès pako disponib.

 

Daprè chif ki pibliye yo se Depatman Nò ki bay pi gwo pousantaj la ak yon reyisit 90 pousan. Depatman Lwès: suiv li ak 89 %; Nodès 84%, Artibonit 83%, Nodwès 81%; Sant 78%; Nip ak Sid 75%; epi Grandans ak 73 % elèv ki pase egzamen ofisyèl nasyonal yo.

Pou tout peyi a daprè estatistik yo, Ministè a te gen 183,142 kandida nan 9èm ane fondamantal ki te konpoze soti lendi 22 pou rive mèkredi 24 jiyè 2024; 2,777 kandida nan Lekòl nòmal enstititè  soti lendi 22 pou rive vandredi 26 jiyè 2024 epi 451 aprenan nan Sant Edikasyon Familyal yo te sibi egzamen sa yo.

 

Pou plizyè responsab lekòl ki reponn kesyon radyo Montagna di yo satisfè. Se ka pou Direktè Kolèj Pradèl Pompilus, Ketnol Caïlor: « rezilta yo aseptab. Mwen pa di yo nòmal paske pou sa direksyon lekòl m ap dirije a vize , nou dwe fè yon pi bon eskò. Men ak 80 pousant elèv ki reyisit direksyon an dwe travay plis pou se tout elèv ki pase pou tip lekòl la. Bò kote pa Direktè Lise Jean Claude Mizo a, Jean Amorce Voltaire, « rezilta yo pa twò mal. Malgre nan nivo Depatman an se 75 pousan reyisi men Lise a bay yon pousantaj 86%. Nou te gen 71 ki patisipe, 61 reyisi egzamen an ». Li fini pou l di, lane pase rezilta a te pi bon. Li  swete responsab yo double jefò yo pou chif yo ka amelyore nan Depatman Sid la, tout peyi a an jeneral.

Direktè Jean Sylvain Désir, di li pa satisfè Kòm responsab ak rezilta egzamen 9vyèm ane fondamantal yo pou 6 Distri Eskolè Depatman an. Pou li rezilta sa yo te dwe 100 pou 100. Men mankman yo ki lakòz se 75 pousan ki pase, yon chif ki reflete reyalite peyi a.

Rezilta sa yo pouse yo reflechi nan DDS/MENFP sou sa ki lakòz tout timoun yo pa reyisi deja wè se nan kèk matye konpetans Timoun yo ba swete anseyan Syans Eksperimantal yo, yon fason espesyal kou lòt ta jwenn fòmasyon ladan yo.

Kounye a se sou rezilta Nouvo Segondè yo (NS4) ak Filo Tradisyonèl la nou chita. Sezi nòt yo lwen, espere rezilta yo ap disponib nan jou k ap rive la yo.

 

Pou Depatman Sid la se 12,130 ki te patisipe sou 12,323 ki te enskri. Gen 9,109 ki pase nan egzamen sa yo. Nan 6 distri eskolè yo Okay te gen: 6,164; Aken 2,198; Pòsali:1,211; Kanperen: 1,171; Koto:773 epi Chadonyè 613 patisipan. Se Distri Koto ki bay plis elèv reyisi 712 swa yon pousantaj 92 %. Pi ba eskò a se Pòsali ak 65%. .Kantite elèv ki echwe nan egzamen ofisyèl 9ane fondamantal 2023-2024 la  se 3021 elèv ki bay yon pousantaj 25  pousan.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here