Nan yon konferans li bay jodi dimanch 23 oktòb 2022 a, Moïse Jean Charles, Sekretè Jeneral Pati Politik Pitit Desalin (PPPD) lan prezante lis non 9 pèsonalite ki ta dwe fè pati Konsèy Tranzisyon Pèp Souvren (KTPS) ki pou retire Ayiti nan kriz tèt chaje sa a li twouve l depi plizyè lane.  Konsèy la ap monte 3 jou apre Ariel Henry fin kite pouvwa a. Minis Kominkasyon ak Kilti gouvènman demisyonè a ap kenbe tèt Leta pandan 3 jou pou jiskaske nouvo gouvènman an enstale.

 

Okay, 23 oktòb 2022

 

Nan yon sal chaje kou yon ze, ansyen Senatè depatman Nò a prezante Konsèy Tranzisyon sa a ki pral gen pou jere peyi a apre Ariel Henry fin demisyone. Misyon yo se se tabli yon klima sekirite nan tout peyi a, pou mennen nou nan yon eleksyon lib, onèt, demokratik.  Konsèy tranzisyon an gen manda pou negosye ak tout gwoup politik ki deja prezante yon pwopozisyon, pou yo ka rive ansanm a yon akò nasyonal, ki dwe debouche sou yon gouvènman antant nasyonal y ap prezante bay nasyon an. Manda a ap gen yon dire yon lane. L ap kòmanse dat enstalasyon gouvènman an. Delè pou aktè siyatè yo prezante gouvènman antant nasyonal la bay nasyon an, se 15 jou aprè premye rankont yo.

 

Dr Eugénia ROMAIN, Prezidan Konsèy la,Reprezantan Lwès ; Edgard LEBLANC – Vis Prezidan Konsèy la, Reprezantan Sektè Politik ; Jacques Céus JOSEPH – Manm, Reprezantan Gran Nò ; Val JEAN ELIE – Manm, Reprezantan Gran Sid ; Jacques Woubins BORDENAVE – Manm, Reprezantan Latibonit / Plato Santral ; Péguy JEAN – Manm, Reprezantan Laprès ; Jerry MONCOEUR – Manm, Reprezantan Dyaspora ; Jean Renald Nau LÉONARD – Manm, Reprezantan Ouvriye / Sendika Peyizan ; Jérémie DUPONT – Manm, Reprezantan Katye Popilè, se non diferan moun sa yo ki fè pati inisyativ anplis sa a.

 

9 Manm konsèy tranzisyon an pa gen salè.  Yo gen yon frè fonksyonman. Kòm atribisyon y ap gen pou  monte ak aktè siyatè yo, yon gouvènman antant nasyonal ki gen pou pi plis 2 manm ki pral gen kòm prinsipal objektif: reponn a revandikasyon manifestan yo: Retounen sou ansyen pri gaz la; Desann to dola (BRH); Pou BRH jwe wòl regilatè nan entegralite l; Anile montan $1.50 sou transfè; Remèt lajan transfè yo an dola; Yon pwogram pou akonpaye viktim tranblemann tè 14 dawout 2021 pase a nan Sid peyi a; Retabli ak sipò gouvènman antant nasyonal la, fòs ak otorite Leta; Prepare ak sipò nouvo gouvènman an, tout strikti ki pou pèmèt peyi a rive nan eleksyon; Kat electoral; Konsèy elektoral pwovizwa; Kou Kasasyon (rekanpe);Òganize eleksyon lib, onèt, demokratik pou renouvle pèsonèl politik la, pou bay peyi a otorite lejitim, konstitisyonèl pou adrese pwoblèm fondamental yo: jistis sosyal, diyite, integrite, souvrènte nasyonal. Se kèk pami yon ansanm tach manm gouvènman an pral gen pou reyalize dapre pwopozisyon sila a.

 

Depi plis pase 10 lane rejim PHTK a pran kontwòl peyi a, popilasyon an pa sispann anfonse nan move lavi. Dezyèm vèsyon PHTK ki te gen Jovenel Moïse nan tèt li a te pral mennen peyi a pi fon nan kriz la. Grangou, ensekirite, represyon mentou pa t janm gen okenn eleksyon ki reyalize pou fasilite palman an rete vivan ni renouvle  kolektivite teritoryal yo. Sa pral mete peyi a nan sityasyon kote tout sektè rantre nan demach pou chache non sèlman fè prezidan an remèt pouvwa a men tou chache jwenn yon antant pou jere peryòd tranzisyon an. Malgre anpil chita pale ni kote pouvwa a ni kote opozisyon ak sosyete sivil la, jiskaske prezidan an mouri asasinen lakay li nan dat 7 jiyè 2021 pase a okenn antant pa t janm jwenn.  Sa ki rann PHTK atravè Ariel Henry ki te deja jwenn nominasyon l nan men ansyen prezidan dafakto a, kenbe pouvwa tranzisyon an pandan lòt sektè yo kontinye ap diskite atravè inisyativ Montana a ki gen plizyè sektè ladan l. Men malgre tout diskisyon yo pa janm gen yon veritab konpwomi ki jwenn nan mitan fòs viv yo pandan peyi a rive nan yon kalfou kote li bloke definitivman.

 

Nouvo inisyativ sa a vin ogmante lis pwopozisyon pou soti Ayiti nan matonton kriz li twouve l jounen jodi a kote yon entèvansyon militè etranje parèt kòm pi gwo soslisyon pou kominote entènasyonnal la pandan tout moun ki avize konnen se poko janm solisyon an.

 

Ansyen Senatè a te deja di li pa nan Akò Montana. Anpil moun sitou nan sektè politik la prezante senatè a kòm on grenn senk. Yon moun ki renmen fè kavalye sèl , ki pa janm kwè nan okenn inisyativ kolektif.

 

 

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here