Rekiperasyon yon bis yo te kidnape ak tout moun ki ladann ki ta prale nan direksyon Repiblik Dominikèn maten an nan komin Kwadèboukè.

Maten jedi 12 me 2022 a Lapolis rive detounen yon kidnapping nan komin kwadèboukè.Yon Bis konpayi Capital Coach Line kite gen plizyè pasaje ladann kite prale nan direksyon Repiblik Dominikèn. Sityasyon sila rive apre Bandi gwoup gang 400 mawozo ta fin pran machin nan ak tout moun kite ladann pou ale nan yon direksyon moun pa konnen yon fason pou yo ka mande gwo lajan pou libere yo.

Se lapolis gras ak sipò moun nan popilasyon an kite enfòme lapolis atan  ki fè yo gentan jwenn Bis la ak tout moun kite ladann dapre yon pasaje kite nan  Bis la zòn 9 vè maten an.

N ap raple dimanch 8 me a toujou nan Kwadèboukè, Bandi 400 mawozo kidnape yon bis konpayi Metro ak 10 moun ladann, pami yo 8 resòtisan Tirk ak 2 ayisyen ki poko jwenn liberasyon yo.

Selon enfòmasyon ki disponib sou paj Facebook PNH la yo ta rekipere yon zam , men yo pa anonse si gen nan bandi yo ki blese oubyen  jwenn arestasyon yo.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here