Rasanbleman Ekolojis Ayisyen nan yon nòt pou laprès ki pote dat 23 septanm2022 a, denonse gouvènman an plas la ki pran desizyon pou monte pri gaz la malgre kondisyon difisil popilasyon an ap fè fas. Siyati Minis Anviwonman an, James Cadet, anba yon desizyon konsa se yon souflèt pou tout militan ekolojis ki kwè nan yon lavi miyò pou popilasyon an sitou sila yo ki pi pòv yo, daprè siyatè nòt la.

Okay, 24 septanm 2022

Rasanbleman Ekolojis Ayisyen (REA) kondane ak tout fòs li, desizyon gouvènman apokaliptik premye minis, defakto, Ariel Henry a ak alye li yo pran pou ogmante mizè ak soufrans popilasyon ayisyen an lè deside monte priz gaz nan degonn pèp la. Desizyon sa a, ki jwenn siyati Minis Anviwònman an, James Cadet, vize pote plis lajan nan djakout moun ki pi rich yo epi kontribye nan degrenngolad kondisyon lavi sa ki pi pòv yo. Zak sa a pwouve klè kou dlo kòk, gouvènman Ariel Henry a ap egzekite misyon li genyen pou kenbe pouvwa a, kase ren peyi a nan lide pou pisans enperyalis yo ka kontinye mete pye sou kou pèp ayisyen an epi trennen souvènte peyi a nan Labou. REA ap raple popilasyon an: Se depi nan lane 1981 kominote entènasyonal la atravè Fon Monetè Entènasyonal (FMI), ap fòse pèp ayisyen an pran medsin chwal sa kise Pwogram Ajisteman Estriktirèl (PAS) ki vize prije mas defavorize a nan lide pou fè plis pwofi, dapre nòt sila ki pote siyati Léo.D Pizo Bien-Aimé, Kòdonatè Jeneral; Messerne Sagesse, Pòt Pawòl.

 

Responsab estrikti ekoljojis la mande popilasyon an pou kenbe flanbo mobilizasyon an pou yo pa vale desizyon sa ki pral peze lou sou lavi yo sitou nan yon moman kote ensekirite, grangou, lavichè ap taye banda.

Sa gen plis pase yon mwa kote popilasyon an leve kanpe nan tout depatman peyi a pou denonse move kondisyon lavi yo. Lapolis ak bandi ame sou kote pa yo pa sispann fè vyolans sou moun  k ap manifeste yo. Preskè yon dizèn moun deja mouri, plizyè dizèn lòt blese anba bal san konte sa yo mete nan prizon atravè peyi a.

Responsab REA yo di yo kore tout demach tèt ansanm pou akouche yon altènativ ki chita sou respè enstitisyon Replibiken  pou mete kanpe, prese prese, yon gouvènman tranzisyon koupe fache pou tabli baz pou bati yon Ayiti kote lavi ka boujonnen.

RTM

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here