Sou lobedyans Platfòm Òganizasyon Dwa Moun yo,( POHDH), Konbit Ekolojis Sid (KES), Mobilizasyon Peyizan San Tè nan Sid (MOPSATES) ak Tèt Kole Tipeyizan branch Sid (TK) reyalize ak patisipasyon plizyè òganizasyon k ap milite nan sektè anviwonnman, peyizan nan premye Fowòm Depatman Sid  sou Dwa Anviwonnman nan lokazyon jounen entènasyonal Lit Peyizan yo nan 3zyèm vil peyi a.

 

Okay, madi 18 avril 2023.

Se plis pase 90 reprezantan ki soti nan divès òganizasyon nan sektè peyizan an, anviwonnman, sosyal ak ekoloji ki soti nan 15 komin Depatman Sid la ak enstitisyon tankou Lameri ak Direktè Pak Nasyonal Makaya a reponn prezan nan Fòwòm sou Anviwonnman POHDH, TK, KES ak MOPSATES sou pil malèpandye ki sou tèt anviwonnman an  nan Sid, vil okay anpatikilye.

Apre mizankontèk Sekretè Egzekitif POHDH la, Alermy Piervilus te fin fè sou objektif fowòm lan ki se sansibilize otorite, òganizasyon peyizan, fanm, anviwonnmantalis, ekolojis, sou pwoblèm anviwonnmantal k ap deplòtonnen nan Depatman Sid la kote twaka sitwayen pa gen aksè ak dlo potab an kantite ak kalite.  Tè ki ka bay lamanjay ap betonen san konte pil izin vetivè, ponp gazolin, kay k ap enplante toupatou sitou nan venn tè ki ka bay manje oubyen kote moun deja abite vyole dwa yo gen pou yo viv nan yon anviwonnman pwòp jan konstitisyon 1987 la nan atik 52-1 (h), 253 rive 258 kou pil konvansyon peyi a siyen di l.

Pwogram lan te gen 2 panèl

sou “Reyalite anviwonnman komin Okay la: Istwa ak defi yo. “ Se Majistra komin Okay la, Marie Sylvie Rameau ak Direktè Pak Nasyonal Makaya a, Régis Jean Sylvain ki te konferansye epi te gen entèraksyon asistans lan. Kòm Direktè Depatman Sid/ Anviwonnman an Jean Marc Cherisier, Direktè Rejyonal DINEPA a, Phillipe Eliscar kou Direktè Agrikilti a Marcelin Aubourg, yo youn pa t twouve li enpòtan pou enstitisyon sa yo te la montre aklè sa y ap fè a pa konte. Se yon okasyon pou yo te di Kisa y ap regle.

Kòm responsab sa yo pa reponn, òganizatè yo te oblije fonn 2 lòt panèl yo ak temwayaj yo Kote te gen konferansye sa yo: Jean Benoit Daniel LEBLANC pou KES, Jean Gabard Jeudy pou MOPSATES ak Guy Numa pou ICKL sou tèm: Politik Ekonomik, Anviwonnantal ( pwoblèm dlo ak Asenisman/ Ibanizasyon/ Pwoliferasyon ponp gazolin ak izin vetivè, Politik Agrè, Konstriksyon Anachik”. Se Jean Fritz Beaubrum ki te mennen deba yo. Pou fèmen jounen an te gen yon atelye 3 gwoup kote òganizasyon yo bay pèspektiv yo dwe pran nan batay pou dwa anviwonnman an respekte.

 

Bò kote kèk patisipan, yo remèsye òganizatè yo pou inisyativ la. Yo swete premye pa sa a ap kontinye jiskaske responsab yo jwe wòl yo nan enterè kolektivite yo. Yon remak enpòtan, tout moun te manje lokal epi itilize kui kalbas kòm asyèt.

Nan dènye jou sa yo, sitiyasyon Anviwonnman peyi a ap anfonse pi plis nan bafon an. Pasi pala se dechaj sovaj tout kote pa epanye patrimwàn nou yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here