Yon Alyans laj nan peyi a ant tout fòs ki opoze ak kan mafya entènasyonal la ap nesesè, pou bloke ofansiv Core-Gwoup la, oligachi mafya a, Gang kriminèl entènasyonal la ki tann anpil pèlen nan pye pèp la sou teren an. Yo mete Gang ame, achte aferis politik sou teren an pandan diplomat ap mete presyon sou sitwayen onèt pou yo kolabore ak Gang pou asire enterè etranje yo.

Kan kolonyalis ameriken yo te anvayi Ayiti an 1915, premye gwo zak yo te poze se te amenaje sistèm neyokolonyal Lafrans te mete sou do peyi a ak akò eskwokri 1825 lan, kote rwa franse a te eskamote tout richès peyi a. Etazini te itilize City Bank pou te ranmase avantaj finansye yo nan men Lafrans, pandan l te ajoute enfliyans politik li sou Ayiti, pou l mete dominasyon total li sou peyi a depi okipasyon 1915 pou rive jodi a. Se yo ki nome moun nan tout pòs enpòtan nan domèn ekonomik ak politik pou fè dappiyanp sou tout zafè peyi a. Ayiti se yon neyokoloni ameriken kote se yo ki fè lwa, mete domèstik ki pou dirije peyi a anfavè yo e pèmèt Etazini piye tout richès peyi dAyiti. Ameriken akapare tout bagay, yo foure nen yo nan tout aktivite ekonomik ak politik peyi a kote yo koupe rache jan yo vle, pou mete pitit lejitim Ayiti yo akote kòm senp asistan nan tout sa k ap pase nan pwòp peyi yo. Ansanm ak ekip mafya entènasyonal la, ameriken kreye e planifye yon lanfè an Ayiti pou fòse pèp la kouri kite peyi a. Kòm majorite popilasyon an p ap ka kouri kite Ayiti, ki strateji Mouvman Rezistans lan dwe itilize pou l fè faskare kont Gang mafya yo sou teren an?

 

Depi nan fen 2èm gè mondyal la se premye fwa mond lan boulvèse konsa. Nan tout kontinan, pèp nan peyi domine yo ap batay pou souverènte peyi yo.Tout kote nan mond lan, lide dominan yo ki t ap taye banda, ap pèdi pye, paske moun rive wè anba jipon peyi kolonyalis yo ki toujou ap itilize mansonj ak kòripsyon pou piye richès peyi depandan yo. An Ayiti, ameriken mete grapen l sou peyi a. Yo kontwole ekonomi ak politik peyi a totalman. Yo fè bidjè, pran kontra anbatab, fè gabji nan Leta a pou dekonstonbre strikti ekonomik peyi a. Pou asire yo vòl la byen chita, ameriken yo pran kontwòl politik la pou plase domèstik nan tèt peyi a. Yo fè Alyans ak bandi, machann dwòg ak Gang sou teren an, pou redwi tout espas kote mas popilè yo ap evolye. Kidnaping, deblozay toupatou nan katye popilè yo ak sou wout nasyonal kote pèp la frekante,  pou ogmante laperèz ak lanmizè nan kan pèp la.  Peyi enperyalis yo montre aklè ke nan chimen jennen kote yo mete tèt yo anfas limanite a, jwèt koken se wout ki pi kout pou yo atenn objektif yo. Yo kite chimen demokrasi fasad la ki te konn pale sou teren politik yo, pou ankouraje lòt rejim lanfè nan peyi depandan kote se Gang, Djiyadis ak Teworis ki dwe jwe wòl mèt jwèt teren yo . Konsa, an Ayiti nivo libète Gang yo genyen pou aji a, dwe pouse kamarad pwogresis yo nan konklizyon ke koze sit-in, petisyon ak ti manifesrasyon mal òganize pou fè tande revandikasyon yo, p ap bay anyen. Yo dwe chanje fizi yo, zepòl.  Ansanm ak mas pèp la, yo dwe panse ak yon mobilizasyon masif nan tout peyi a, pou rive bloke aksyon mafya yo. Pou sa fèt, pwogresis yo dwe travay nan mitan mas yo, pou òganize rezistans lan toupatou, travay pou òganizasyon yo rive genyen yon menm diskou nan peyi a pou yon Alyans laj rive posib ant tout kouch sosyal ki anfas politik mafya a, pou rapò fòs yo tounen anfavè pèp la.

 

Kidonk, yon Alyans laj nan peyi a ant tout fòs ki opoze ak kan mafya entènasyonal la ap nesesè, pou bloke ofansiv Core-Gwoup la, oligachi mafya a, Gang kriminèl entènasyonal la ki tann anpil pèlen nan pye pèp la sou teren an. Yo mete Gang ame, achte aferis politik sou teren an pandan diplomat ap mete presyon sou sitwayen onèt pou yo kolabore ak Gang pou asire enterè etranje yo. Etazini, Kanada ak Linyon Ewopeyèn konsyan ke lide dominan yo bloke, sosyete a dekouvri mansonj ki nan baz panse degrenngòch y ap fè sikile nan peyi a, y ap itilize fòs brital Gang yo pou enpoze nan peyi a,  yon fòm lavi kote laperèz, vòl, kidnaping ak koken dwe tounen règ jwèt pou pèp ayisyen an. Menmjan yo pran sèvis Boko Aram ak Alkayida an Afrik, Eta Islamik ak Alkayida nan Mwayen-Oryan, yo panse sèvis Gang Milis yo an Ayiti,  ka pèmèt yo mete pèp ayisyen an deyò sou sèn politik la anfavè oligachi lokal la. Sepandan, pwogresis ayisyen yo dwe reziste paske an Afrik kòm an Azi pèp yo òganize Mouvman Rezistans yo, e y ap vanse. Pwogresis ayisyen yo dwe rasanble tèt yo nan yon fwon laj ki kouvri tout peyi a ak ankadreman pawòl revandikasyon mas popilè yo. Fwon laj sa dwe konstwi otou yon ansanm lide klè k ap montre chimen Liberasyon peyi a ak etap mobilizasyon an dwe swiv pou abouti nan objektif la, paske anyen pa enposib pou yon pèp òganize.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No71).-

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 03 avril 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here