Poukisa Mèt Neyokoloni An P ap Kite Louvri Espas Demokratik La?

 

Achak peryòd istorik, oksidan toujou kache dèyè yon gwoup eleman ak yon diskou apwopriye, pou fè chita dominasyon yo. Nan moman pou  yo te mache soumèt lòt pèp anba pwòp lòd pa yo, se te relijyon kretyen an ki te sèvi yo bwadan pou te fè Endyen ak Afriken tounen esklav, masakre pèp rekalsitran ki t ap reziste kont zak babari yo t ap komèt nan non Jezikris, gwo pwofèt sovè a. Nan tan modèn nan, yo itilize lòt  jagon tankou Demokrasi, Libète ak Dwadelòm pou soumèt pèp nan peyi depandan yo. Ositou nan anpil diskou, majòjon ki nan tèt peyi oksidantal yo pran abitid pale pawòl sou mond lib, mond demokratik ak mond kote yo rèspèkte yon bagay yo rele dwadelòm, ect, ect. Poutan, depi pèp ayisyen an te fin kenbe dwèt Ameriken, Kanadyen ak Linyon Ewopeyèn nan chanje chif ki nan bilten ak pwosèvèbal nan Sant Tabilasyon pou mete Jovnèl Prezidan peyi a, predikatè demokrasi yo  bliye tout tinosyon elemantè, pou tonbe nan parene Gang pou bloke Libète pèp ayisyen an pou l chwazi moun ki pou dirije l. Ki kote Demokrasi ak Libète ki te nan bouch moralis yo pase pou Ayiti?

 

Tout moun konnen pawòl Demokrasi pèpè ak Libète pakoti dirijan peyi kolonyalis yo ap itilize a, se paravan yo mete bare sistèm vòl ak èksplwatasyon yo kache dèyè l la, pou piye richès peyi depandan yo nan lemond. Ak ajitasyon k ap fèt anpil kote nan mond lan, k ap sonnen lanbi rasanbleman nan mouvman Rezistans toupatou kont piyaj ak krim peyi kolonyalis yo, oksidan mete Demokrasi a sou poz nan tiwa, pou itilize koudeta ak britalite pou mete domèstik dirije pou yo tout kote. Yo fè menas, krim, mansonj ak presyon sou tout moun, pou tante kenbe ejemoni yo. Lakay an Ayiti, pèp la poko pran nan kraponay. Mouvman Rezistans ayisyen an ki sou beton an depi 2018 la mete kolonyalis yo toutouni, e fòse yo montre vrè vizaj yo. Ak revandikasyon ki mete ankoz dominasyon ameriken yo, Etazini bouche tout espas demokratik yo kote l tonbe nan ame Gang, lanse yo kont pèp la devan je lemond. Ameriken bliye tout prensip elemantè kote yo tonbe nan dlo a san kache lonbrit nan neyokoloni an. Kòm yo pèdi otorite yo sou aktè politik yo ak pèp la, Etazini ap pouri jwèt la ak Gang yo sou teren an, pou rann pèp la lavi enposib. Kontrèman ak tan pase yo kote yon kout fil Depatmandeta te vo lòd, jodi a yo voye  Emisè sou Emisè pou vin sèvi payas nan kriz la kote tout pase akote paske bonjou yo pa laverite.  Fim y ap vin dewoule sou sèn politik la, se aksyon ki pase nan peyi a deja. Donk ameriken pagen kapasite moral pou enpoze yon solisyon nan kriz la ki pati pou l dire. Sosyete sivil, Legliz, entelektyèl  kòm sektè òganize trouve Etazini depase lèbòn. Se pou tèt sa, politikman ameriken yo nan yon enpas, yo kondane pou kontinye itilize lafòs kont pèp la, paske yo enpopilè, kèlkeswa ouvèti demokratik yo ta fè, l ap tounen kont yo. Ositou, ameriken ap toujou kontinye ankouraje ekip mafya PHTK ak Gang yo pou kenbe presyon an sou pèp la.

 

Kidonk, espas demokratik la p ap louvri nan peyi a paske enperyalis la toutouni nan je Limanite. L ap domine peyi a gras ak pawòl blòf, presyon politik ak itilizasyon fòs brital Polis dokipasyon an ak Gang yo. Mouvman popilè ki lanse nan peyi a depi 2018 la, te lonje dwèt direkteman sou ameriken yo, lè pèp la te denonse sistèm dominasyon kolonyalis la. Reyaksyon brital yo te fè nan itilize Gang fas ak revandikasyon pèp la, montre ke ameriken deside kenbe pèp la andeyò desizyon k ap pran nan peyi a. Pouvwa Gang mafya Aryèl Anri a ki anba lòd ameriken yo, ap aji nan sans òpoze parapò ak liy demokratik yo tankou mèt neyokoloni an swete l la. Donk, desizyon ameriken yo pou elwaye liy demokratik la, pa yon senp volonte, se yon nesesite pou yo. Etazini rive nan yon moman kote lide dominan yo ki te pèmèt yo kondwi mond lan ap rekile, yo pèdi valè, e moun konteste yo. Ameriken oblije itilize lafòs pou l tante kenbe, li pagen mwayen antre nan jwèt demokratik la. Pwogresis yo avize, pèp la okouran, yo dwe òganize yo plis toujou pou mete yo an òd batay. Mèt neyokoloni an pèdi kredi l ak otorite l an Ayiti, li deside itilize fòs brital pou enpoze volonte l nan peyi a. Pou konbyen tan? Mezi òganizasyon pèp la, ap detèmine mezi tan sa ka dire.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No70).-

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 27 mas 2023.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here