Poukisa Chimen Ayiti Pap Debloke Sil Pa Pran Souverènte Politik Ak Ekonomik Li ? Vwa Rezistans Popilè (No54).

 

 

Listwa peyi dAyiti make ak 2 gran peryòd: Peryòd Feyodal e Neyokolonyal anba dominasyon kolonyalis franse, ki te koumanse an 1825 ak akò ki te ipoteke avni ekonomik peyi a, Bwaye te siyen ak rwa franse Chal X, ak Peryòd Feyodal e Neyokolonyal anba dominasyon kolonyalis ameriken yo ki koumanse ak lokipasyon 1915 lan, k ap kontinye feraye nan peyi a jouk jounen jodi. Anpil tan pase, pèp la fè bilan travay enperyalis franse ak ameriken yo, kote l konstate echèk jesyon ak enjerans peyi sa yo nan neyokoloni an, kondwi Ayiti ak tout pèp ayisyen an nan Tchouboum. Ositou, depi evènman 1986 yo, pèp la ap leve kanpe, pou l reklame dwa pou l viv tankou tout lòt pèp sou latè. Sou beton an, l ap kontèste kontwòl Etazini ak Core-Gwoup mete sou peyi a, kote yo deside aktivite Gang toupatou pou kidnape, touye ak masakre pitit peyi a. Sepandan, malgre kalamite ak tribilasyon Core-Gwoup ak ameriken yo lage sou do pèp la, mobilizasyon san pran souf la, pote anpil limyè nan konsyans mas popilè yo, ki rive konprann chanjman pou pèp ayisyen dwe pase nan kapasite peyi dAyiti, pou se pèp la ki deside pwòp avni l.

 

An Ayiti tankou anpil lòt kote, pèp yo poze kolonyalis yo menm kesyon an: Kilès ki gen dwa nome moun ki dwe dirije peyi yo? Repons kesyon sa toujou kreye panik ak kèsote nan mitan peyi epav enperyalis yo, e reyaksyon yo toujou vyolan. Kolonyalis yo fè vyolans sou pèp Venezyela, yo repete l sou pèp Bolivi e y ap fè l ankò sou pèp ayisyen an. Se depi lane 2018 la, mobilizasyon pèp la sou beton an tonbe repete yon seri revandikasyon ki nèf parapò ak kliche ki te konn nan bouch manifestan yo nan tan pase yo. Pèp la kesyone sistèm dominasyon an, ki plase ameriken yo kòm dirijan siprèm tout rejim politik ak ekonomik nan peyi a depi plis pase 100 lane, kote yo mete moun nan tout plas enpòtan yo nan administrasyon piblik la tankou Direktè Lapolis, Direktè Bank Santral elatriye. Yo mete Prezidan ak manm gouvènman, yo fè Bidjè e se yo ki deside kilès ki dwe jwenn gwo kontra anndan Leta a. Ameriken yo kontwole tout bagay, pandan tout sa k ap fèt nan peyi a, ap mal mache. Yo fè yon sèl ak Core-Gwoup, pou lage latroublay politik an Ayiti, enstrimantalize Gang pou rann lavi pèp ayisyen an enposib. Masak sou masak, anons pasipala pou fè moun pè, pou jistifye yon lòt okipasyon fizik peyi dAyiti pou pèmèt ameriken yo kontinye nome moun nan tèt peyi a, atravè menm fòm eleksyon pikekole yo ki se mak fabrik tout peyi enperyalis. Sepandan, Core-Gwoup la ak ameriken yo gen lòt travay pou yo fè, paske mobilizasyon pèp la k ap denonse prezans ak ajisman yo sou beton an riske konplike tach yo plis toujou nan jou k ap vini yo. Peyi a dwe chanje, pèp la dwe mete dirijan ki pou fè Bidjè, mete kòb pou pwodiksyon nan peyi a pou bay pep la travay ak manje, chache lòt vrè peyi zanmi pou kreye ouvèti pou devlope Ayiti, donk fòk peyi a libere anba dominasyon.

 

Kidonk pèfòmans kalamite e katastwòf franse ak ameriken yo reyalize nan jere peyi a nan domèn politik, ekonomik ak sosyal pandan peryòd y ap domine Ayiti a, ba pèp ayisyen lide ke se mèt kò ki veye kò. Yo pase tout 19èm ak 20èm syèk la, ap piye richès Ayiti nan konbinezon ak presyon politik, san fè anyen kòm mizanplas pou ride peyi a devlope potansyalite l, pou timoun ta jwenn manje ak mwayen pou yo te k al lekòl. Pou bay tèt yo plis kapasite politik nan operasyon piyaj la sou teren an, ameriken ak franse antre nan yon asosyasyon malfektè ki rele Core-Gwoup nan koumansman 21èm syèk la, pou pataje richès peyi a. Sepandan, èksperyans ki te fèt nan listwa peyi dAyiti, montre ke pèp la gen dwa toujou espere yon elan solidarite sanzatann bòkote lòt pèp frè, pou l rive pran tèt li anchaj. Apre lendepandans 1804 la, se peyi Larisi ki te premye rekonèt dwa  granmoun pèp ayisyen an, aloske peyi zanmi koutodebò yo te tann plis pase 60 lane pou yo te fè sa, anba anpil kondisyon. Ayiti antre nan yon kriz jeneralize, pèp la dwe chache ak konprann orijin li pou l atake l nan rasin. Li endispansab pou pèp la gen libète aksyon sou sa k ap fèt sou teren an, atravè souverènte total peyi dAyiti. Apre 2 syèk dominasyon katastwòf franse ak ameriken, etranje pagen anyen kòm solisyon yo ka pwopoze pou peyi a. Pou rebati nouvo Ayiti a, pwogresis yo dwe antre nan batay Liberasyon an akote mas popilè yo. Yo dwe kontinye òganize mas pèp la nan disiplin ak detèminasyon, pou mobilizasyon manch long lan jwenn enèji nesesè pou retire peyi a anba dominasyon ameriken ak oligachi domèstik la.

Viv Mobilizasyon Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 5 desanm 2022

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here