Pou kenbe dominasyon yo sou peyi depandan, enperyalis yo gen zouti ak mwayen k ap chanje fòm nan chak epòk. Yo gen Enstitisyon rejyonal ak entènasyonal, gwo rezo medya, ONG ak Ajan domèstik ki deplwaye sou teren politik yo toupatou ak tach spesifik anfavè sistèm dominasyon enperyalis la. Ositou, fòs Rezistans ki nan Mobilizasyon an pa bò isit, dwe konsantre batay la klèman sou objektif final la.

  1. a) Pèp la dwe jwenn dwa otodetèminasyon l pou se li k chwazi moun ki dwe dirije peyi a
  2. b) Pèp la dwe enfliyanse oryantasyon ekonomik peyi a atravè desizyon yon gouvènman lejitim ki soti nan volonte popilè a.
  3. c) Se yon gouvènman lejitim ki dwe oryante Diplomasi peyi a anfavè enterè ayisyen yo.

Konsa, pèp la ap bay tèt li yon ajennda ayisyen, k ap pèmèt li mwens okipe pawòl charabya k ap soti nan mitan mafya Depatmandeta yo, paske l ap gen kontwòl sou solisyon final yo.

 

Nan tout kwen nan mond lan sistèm Mondyalizasyon an nan kriz, peyi neyokolonyalis yo konnen sa, e yo pran anpil mezi alavans pou kontrekare kòlè pèp yo. Nan peyi devlope tankou Lafrans pa egzanp, represyon an rete anba kontwòl fòs lòd regilye yo menmsi britalite yo konn atenn yon nivo èkstrèm lè sa nesesè, pou montre pèp yo ke richès sistèm kapitalis la toujou baze sou vyolans sosyal ak fizik pou l repwodwi tèt li. Nan peyi depandan yo, enperyalis yo itilize teworis,  Gang ak lòt zouti pou ranfòse kapasite fòs represif legal yo. Konsa an Ayiti nan gè bas entansite kont peyi a, Gang yo jwe menm wòl ke ONG, Anbasad, ak Enstitisyon entènasyonal e rejyonal yo anfavè kominote mafya a. Donk batay Rezistans pèp la dwe kanpe sou règ, sou liy ak prensip nan tras objektif final la, pandan Mobilizasyon an ap sèvi yon lekòl  pou panse politik mas popilè yo grandi. Pou sa fèt, pwogresis ak patriyòt ayisyen yo dwe ride mas popilè yo ranfòse òganizasyon k ap batay pou chanjman nan peyi  a toupatou. Ositou, pwogresis yo dwe fè jefò pou evalye rezilta aksyon yo nan chak etap batay la pou ajiste revandikasyon sosyo-ekonomik ak politik yo k ap brase nan mitan Mobilizasyon an.

 

Kidonk pèp la nan yon batay tout tivis, li dwe vijilan pou l anmezi kenbe kap li sou objektif prensipal la pou rive libere peyi a. Ajan enperyalis ki sou teren an, Medya tradisyonèl yo ak ONG ki osèvis sistèm nan, ap fè anpil pwopagann pou detounen lespri mas popilè yo ki nan Mobilizasyon an. Sepandan si Mobilizasyon an rete konsantre sou Revandikasyon lejitim e fondamantal mas popilè yo, l ap difisil pou kominote mafya rive kraze Rezistans popilè a. Se pou tèt sa Patriyòt ayisyen yo dwe kontinye akonpaye pèp la, òganize chak etap nan Mobilizasyon an, pou transfòme Rezistans popilè a nan yon Mouvman Demokratik Òganize e Disipline pou  l gen kapasite reziste ak tout vag ofansiv ameriken e Core Gwoup ap lanse kont peyi a. San Desalin, San Kapwa ak San tout lòt esklav yo te deja koule pou libète pèp vanyan an, mas popilè yo pa gen pou yo bese tèt devan okenn neyokolon, Ayiti dwe dirije selon volonte pèp ayisyen an.

 

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 24 jiyè 2023.

Vwa Rezistans Popilè No87

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here