Popilasyon an ozalantou lopital “St Anne” Kanperen an, Ka Lapòt, maten jedi 23 mas 2023 a, te anbandisyon pou anpeche otorite depatmantal yo deplase ak yon konntenè ki gen yon blòk operatwa ladan l pou  kite lakou lopital la. Yon tantatif ki te deja fèt 18 out 2022 pase a.

 

Okay, 23 mas 2023

Wout bloke ak kawotchou, branch bwa,  plat kawoutchou aryè machin DDS la, Lapolis ak sekirite delege a pete bal, se mouvman tansyon sa a ki pase nan sant vil komin Kanperen, maten jedi 23 mas 2023 a.  Sitwayen yo te detèmine pou te anpeche zotobre yo: Delege depatman an Joseph Ketnor Estinvil akonpaye ak Direktè Depatman Sid Sante Piblik la, Jean Bernard Fevrier  eskòte ak ajan UDMO kou Back Up delegasyon an anbake kontenè ki estoke materyèl ki dwe monte yon blòk operatwa a .

 

Daprè pwotestatè yo , se pa premye tantativ otorite yo fè pou eseye deplase konntenè sa a ki gen plis pase 2 lane, byen fèmen, kanpe nan lakou lopital la. Pou sitwayen yo, lopital la ap desèvi yon gwo Komin ki gen sant vil la plis 3 seksyon kominal. Wè konntenè a rete san sèvi se vyole dwa yo nan pa jwenn tout sèvis lopital la dwe ba yo nan kominote a. Lè ka yo bezwen yon entèvansyon, yo oblije ap riske pou yo al nan yon lòt lopital pou yo fè yon operasyon.

 

Daprè yon sous RTM fè konfyans, nan kad pil travay repare sant sante kou lopital k ap fèt pasi pala nan Depatman Sid la ki sou kontwòl ansyen depite lavalas/ alye phtk 3zyèm vèsyon an, Bertrand Synal, li ap deplase konntenè a pou li al plase nan lopital Lèzanglè ki ap repare. Poze l kesyon sou atitid Direktè lopital St  – Anne lan, Jean Idelson Fanfan , sous la di Synal ap jwe wòl reprezantan minis lan nan Depatman an sa l di se sa.

 

Popilasyon Kanperen an, di kòm se paske konntenè blòk OPE a pa fonksyone ki fè l tante zotobre yo. Enben y ap ret mobilize jiskaske Direksyon Depatman Sant Piblik la monte blòk operatwa a pou desèvi popilasyon Kanperen an.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here