Nan yon nòt ki rive jwenn sal nouvèl radyo Montagna , Plate-Forme des Organisations Haitiennes des Droits Humains (POHDH) bay pozisyon l sou dividal zak ensekirite, kidnaping ak vyolans k ap fèt nan peyi a, Nan koumansman lane 2023 a.

Okay, 26 janvye 2023

Daprè yon nòt ki pote siyati Sekretè Egzekitif POHDH la, Alermy Piervilus,  soti 17 pou rive 25 janvye 2023 a zak kriminèl yo ogmante nan kò sitwayen ki pi vilnerab yo tankou fanm, timoun, polisye ak sitwayen k ap vin nan katye popilè yo nan moman sitiyasyon ekonomik peyi a vin pi di epi grangou bayawonn lan ap pran tèren.

POHDH, nan nòt sa a, kondane konpòtman Premye Minis Prezidan diktatè a Ariel Henry epi senpatize l ak tout fanmi ki viktim zak ensekirite nan tout peyi a.

Òganizasyon dwa moun lan ankouraje gwo popilasyon an òganize l, mobilize l pou rive defann dwa l.

Maks- Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here