Òganizasyon konsekan kou sıla yo ki nan bòd Ministè Fanm yo pası pala nan peyi a selebre jounen entènasyonal dwa fanm yo nan fè sit-in, mach,kou simaye nòt pou laprès elatriye nan moman kote dwa fanm yo pa sispann bafwe nan peyi a epi ap fè Fas kare ak yon seri zak kriyèl.
Okay, dimanch 9 mas 2025
Akonpaye ak yon bann rara, plizyè dizèn fanm ladan yo ansyen direktèz DDS/ kondisyon dwa fanm kou otorite nan kolektivite a mache sou envitasyon « Coordination des femmes du Sud », « Organisation des femmes pour l’avancement de la commune des cayes, OFEACOC) soti nan Kwa 4 Chemen an, desann boulva a pou al bout sou Plas Dam lan.
Nan pwen depa a, nou te konstate preske chak patisipan te ame yo ak yon pankat k ap denonse yon bagay. Nan kèk nou te ka li: « Nou mande aplikasyon akò tripatit la pou tout sètifikasyon medikal gratis », « kenbe blag ou depi se denigre l ap denigre fanm », « Fòk dwa fanm ki nan prizon yo respekte », « Stòp move manigans pou denigre fanm ki nan politik », « Nan batay kont vyolans sou fanm ak tifi, nou tout konsène », « Mare pwofesè lekòl k ap kouche tifi yo «, « Mèsi paske w ap note bout anba m pa diplòm mwen », » elatriye.
Nan nivo kapital la, Solidarite des Femmes en Action, SOFA ekri n ap site: « Fanm mete men pou kaba ensekirite , pou jwi dwa nou », « Ensekirite ap vale tèren, dwa fanm fè bak ».
Òganizasyon feminis Dantor bò kote pa l, di jounen 8 mas la raple l batay fanm yo, zansèt yo te mennen, batay fanm sou diktati te kontinye mennen e batay jenerasyon sila a ap kontinye mennen pou tout fanm rive viv nan diyite, pou yon sosyete ki jis.
Non, 8 mas pa fèt fanm, se gade batay ki fèt deja ak sa ki dwe kontinye fèt!
Nan yon tèks sal nouvèl radyo Montagna gen yon kopi, Batay Ouvriye di « San fanm pa gen solisyon!», « Nou dwe pran direksyon batay kont tout eksplwatasyon nan peyi d Ayiti. Nou dwe mobilize pi rèd kont tout enjistis! », elatriye.
Pou Batay Ouvriye, « Fanm ti peyizan, madansara, ti machann, anseyan tout nivo, atis tradisyonèl kou pwofesyonèl, fanm tout kalite pwofesyon tankou enjenyè, avoka, doktè, enfimyè, ebenis,agwonòm, domestik, epi fanm entèlektyèl nan Kan Pèp la. Nou viktim vye mantalite diskriminasyon ki vle fè nou kwè gason vo plis pase fanm. Sou pretèks fanm ta pi soumi,pi dosil, pi rantab pase gason, patwon yo byen kalkile pou yo anplwaye plis fanm pase gason. »
Pi lwen , Batay Ouvriye, panse travayè ak travayèz yo dwe marande kò yo pou kwape sistèm kapitalis enperyalis sovaj sa a. Donk fanm kou gason eksplwate dwe jwenn menm elan angajman sa pou kase ren dominasyon ak eksplwatasyon grandon, espekilatè ak patwon yo.
Pou jan ensekite planifye a ap ravaje fanm kou fason , yo ta dwe toujou nan lari a pou anpeche otorite yo dòmi tout dòmi yo detan anpil moun ki kite lakay yo tounen bèt seren anpil kote nan peyi a.
Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)