« Se pou chèf Pakè Okay la di popilasyon Okay la, peyi a anjeneral kisa l ap regle ak dosye UCREF la ki enplike ansyen ajan piblik Ronald Richemond nan krim finansye a » deklare Militan Guy Numa nan emisyon Kiyè Bwa, dimanch 12 oktòb pase a.

 Okay, mèkredi 15 oktòb 2025

Pou nou nan plizyè òganizasyon popilè nan Sid deklare Militan Numa, nou pran nòt sou dosye akablan « Unité Centrale de Renseignements Financiers », UCREF nan lang franse sou avwa ak tranzaksyon louch ansyen jal komisè Ronald Richemond. Men yo menm nan òganizasyon tankou Tèt Kole Ti Peyizan Sid, OPE, OLAJEKA ak KPAS pa etone. Pou nou, UCREF senpleman di byen wo sa anpil Kamarad nan Òganizasyon popilè yo, viktim anba men komisè sa, senp sitwayen nan kominote yo nan jiridiksyon Okay la te konn di byen ba.

Ansyen komisè Richemond pa sèlman enplike nan lave lajan sal, koripsyon ak tout lòt move dil pou ogmante kapital ekonomik li men li lage zam nan men yon seri moun nan Depatman Sid la epi akize Kòm youn nan prezime asasen jounalis Garry Tesse. Pou rezon sa yo, daprè Numa ki t ap pale nan non òganizasyon popilè sa yo, te dwe deja arete.

https://radiotelemontagna.com/dosye-asasinay-jounalis-garry-tesse-sosyete-an-toujou-ap-ret-tann/

Nan dokiman 35 paj sa ki pote siyati direktè UCREF la, Michelin Fustable, retrase divès tranzaksyon sispèk soti lane 2020 pou rive 2024.

 

Selon UCREF, nan dat 10 oktòb 2022, sou kanè ansyen chèf Pakè Okay la ki gen nimewo kont BNC 0910019424 yon milyon goud depoze.  2 jou aprè, 751 mil goud transfere sou yon lòt kont tou nèt ki blanchi menm jou a.

Sou kont dola « US », nimewo 1763020, nan dat 4 fevriye 2023, Lauvener Clercira depoze 40 mil dola vèt anlikid sou kont prezimè kriminèl finansye la deklannche alèt la kòm yon moun asiveye kondi tèm teknik lan « Personne Politiquement Exposé (PPE) » selon dekrè 30 avril 2023.

Volim lajan ansyen chèf pousuit la brase 4 dènye lane sa yo pa koresponn ak sa yon Majistra debou antre pa rapò ak lajan Leta peye l chak mwa plis lòt avantaj. Ronald Richemond nan yon fouchèt ant 58 224 ak 65 559 goud Ayisyen kòm salè, paka nan pil tranzaksyon sa yo. Nan kont prensipal dola ansyen jal komisè Ronald Richemond , UCREF jwenn li tranzite 86 797,18 dola vèt, pil transfè pou peyi etranje, 3 machin san konte tè. Chif sa yo montre aklè gen yon koze louch k ap brase detan enstitisyon an swete yon ankèt apwofondi nan patrimwàn ansyen chèf pousuit la.

 

Komisè Ronald Richemond te sibtiti nan jiridiksyon Kwadèboukè anvan l te transfere nan Pakè Okay la depi sou Komisè Raymond Bergeot nan lane 2016 yo p ap pèmèt li ap kapitalize gwo mago lajan sa yo si l pa gen yon trafik louch anba tab. Rapò sa pran ankont sèlman 4 lane (2020 -2024) anvan yon premye lèt nan dat 27 juin 2024 mete l akote epi revoke nan sistèm lan nan dat 17 avril 2025 pase a pou abandon pòs.

 

UCREF kou ULCC pa sispann mete rapò deyò sou divès ansyen gwo bawon sistèm sa men anpil jwenn gwo pwoteksyon si yo pa kite peyi a ak konplisite akolit yo. Òganizasyon popilè konsekan yo kou laprès ka konte sou pwent dwèt yo kantite prezime kriminèl lajistis ap pousuiv pou rive arete yo, jije, kondane epi sezi byen san swe yo. N ap raple lwa 20 desanm 2007 sou majistrati a defini tout prensip majistra yo dwe swiv. Men nan ka ansyen Jal komisè a non li site nan plizyè lòt aktivite tankou koze zangi, yon aktivite yo asosyete ak plizyè zak kriminèl.

Nan non òganizasyon sa yo, Guy Numa swete komisè  Gouvènman Okay la, Jean Wilner Dormevil pral mete aksyon piblik anmouvman kont Ronald Richemond.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

https://radiotelemontagna.com/yon-sel-jij-enstriksyon-pou-300-dosye-nan-tribinal-premye-enstans-okay-yon-eskandal-san-parey/

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here