Nan okazyon 16 oktòb ki se jounen entènasyonal dwa lamanjay, plizyè òganizasyon nan mouvman sosyal ayisyen an pran pozisyon kont mòd politik ak ekonomi k ap aplike nan peyi a. Yo denonse dappiyanp sou tè peyizan yo pou bay grandon ak miltinasyonal yo. Yo mande pou gen bon jan politik piblik pou ranfòse agrikilti familyal agwoekolojik la ak bon jan refòm agrè pou peyizan ayisyen yo.

 

Okay, 17 oktòb 2022

Nan yon nòt pou laprès ki pote siyati plizyè òganizasyon nan mouvman sosyal Ayisyen an tankou: KJM, Tèt Kole Ti Peyizan Ayisyen, PAPDA, ICKL ak POHDH, denonse mòd politik / ekonomi Leta ap apllike nan peyi a anba dikte òganizasyon entènasyonal yo pou anpeche peyi a jwenn souverènte total kapital li.

 

Nòt sa a ki soti nan dat 16 oktòb 2022 pase a ki se jounen entènasyonal dwa lamanjay, òganizasyon sa yo di se pa ayè peyi a nan sitiyasyon sa a. Yo remonte depi nan tan lakoloni pou montre wòl ekonomik yo bay peyi a jwe baze sou mòd politik ekonomi neyoliberal kapitalis la ki retire venn tè ki ka fè manje yo nan men peyizan yo pou livre yo bay envestisè.

 

Pou òganizasyon konsekan sa yo, nan dènye 10 lane sa yo, move sitiyasyon peyi a nan zafè lamanjay vin pi ranfòse nan kò sitwayen yo ak rejim PHTK a ki te vini ak yon pawòl vid “Ayiti louvri pou biznis”. Eslogan sa a charye tout lojik piyaj ak vann peyi a bay kapitalis dominan yo ki depatcha anviwonnman peyi a, lage baryè lib nan komès, pwojè eksplwatasyon min anba kou sou tè peyi a, vide tout kalite zòn franch pasi pala, elatriye.

 

Daprè dènye rapò Kòdinasyon Nasyonal Sekirite Alimantè ( KNSA) mete deyò pou dat 16 oktòb la ta fè kwè se 4.7 milyon moun nan peyi a ki paka manje epi ki bezwen yon asistans lamanjay rapid. Siyatè not la fè konnen se pa paske peyi a pa gen kapasite pou l pwodui manje pou tout moun manje vant deboutonnen, se pito chwa ekonomi ak politik kapitalis yo san konte kriz fabrike yo ki mete l nan sitiyasyon sa a. https://radiotelemontagna.com/sou-chak-10-fanmi-nan-peyi-dayiti-gen-5-ki-paka-manje-selon-cnsa/

Nan lokazyon sa a, òganizasyon yo ap kontinye kònen lanbi mobilizasyon an kont modèl ekonomi neyokolonyal kapitalis la, kont politik ranbleye tè ki ka pwodui yo, ak kont rejim PHTK a kou tout lòt k ap pote kole nan jwe gadyen sistèn miwo miba a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here