Plizyè milye moun te pran lari nan Pòtoprens jounen mèkredi 7 septanm 2022 a pou denonse lavichè, grangou, ensekirite ak depa Ariel Henry ki gen plis pase yon lane nan tèt peyi a ki pa regle anyen pou popilasyon an. Se te menm sityasyon an nan plizyè vil nan peyi a kote popilasyon te monte barikad yo byen wo konn lamizè. Pou piti 7 moun blese ak bal nan kad jounen mobilizasyonal nasyonal sa a anba men lapolis ki voye anpil gaz pou te kraze mouvman an sa ki pati sou 3 semèn atravè tout peyi a.

Okay, 8 dawou 2022

Popilasyon an nan plizyè vil tankou : Pòtoprens, Okap, Okay, Jeremi, Jakmèl, Tigwav, Pòdpè, Aken te pran lari yon lòt fwa pou mande Leta rezoud pwoblèm grangou, lavichè, ensekirite, rate gaz, mande pou to dola vèt la desann mwens pase 100 goud ak pou peye transfè etranje yo an dola, retire prelèvman yon (1.5) dola 50 sou transfè yo epi mande Ariel Henry pou bay talon l.

Bò 11 zè 30 yo konsa, branch manifestasyon ki te soti Chandmas la te rive Kafou Rezistans pou te pran sila yo ki te rasanble anba  Carwash la pou te mete tèt nan direksyon Dèlma 60 pou te rann yo devan rezidans Premye Minis defakto Ariel Henry. Sou tout pakou a manifestan yo te lanse anpil pawòl piman bouk kont ajan polis yo ki olye yo al bay sekirite pou moun ka pase Matisan prefere ap siveye bank yo k ap koupe kou popilasyon an. Anpil kout wòch te voye sou lokal antrepriz ki twouve yo sou otowout Dèlma.

 

Rive Dèlma 60, lapolis te anpeche manifestan yo rantre pou y al douvan kay Ariel Henry ki pran avyon pou ale nan eta Florid pou al negosye ak envestisè nan yon moman kote popilasyon leve kanpe kont ensekirite ak rate gaz.

 

Manifestan yo te mete tèt sou Petyonvil kote lapolis tire anpil kout bal ak gaz lakrimojèn. 2 moun blese ak bal kawoutchyou, pami yo Yvenson Joinvil, jounalis Radyo tele Zenith polisye UDMO tire malgre li te idantifye l devan yo.

 

Nan vil jakmèl bandi ak zam k ap siveye biznis pou Joël Khawly te simen kout bal sou manifestan yo lakòz 5 moun blese ak bal pou pipiti, yon moun pran yon bal nan tèt nan vil Okap plis 2 lòt ki blese ak bal nan Pòtoprens nan kad  jounen mobilizasyon nasyonal sa a san konte kantite moun ki viktim anba gaz lapolis. Selon sa kèk medya releye ta gen plis pase 20 moun ki blese nan vil Jakmèl pami yo 11 ki ta resevwa bal devan ponp gaz Khawly a.

 

Moise Jean Charles ki se youn nan moun ki te lanse mobilizasyon an pou jounen mèkredi 7 septanm 2022 a te reponn prezan malgre gwo menas li te resevwa anvan manifestasyon an nan men lòt gwoup politik. Nou te remake plizyè lòt moun tankou pwofesè Josué Mérilien, Pierre Killick Semelus, ansyen depite Arnel Belizaire, Magalie Habitant anpil militan pa sispann rele konze pou wòl li konn abitye jwe nan yon seri move zafè nan peyi a.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here