Plizyè dizèn medsen rezidan nan Lopital Jistinyen manifeste jounen madi 11 avril 2023 a  nan vil Okap pou mande pi bon kondisyon travay ak denonse koripsyon k ap gangrennen enstitisyon piblik la .

Okap, 11 avril 2023

Pankat nan men, chaje ak revandikasyon, blouz blan  yo  sou yo anba gwo eskòt lapolis, medsen k ap travay nan lopital Jistinyen Okap Ayisyen denonse move kondisyon travay,  mank materyèl ak koripsyon k ap ravaje pi gwo lopital dezyèm vil peyi a.

Manifestan yo te pase devan Lameri ak delegasyon Nò a pou voye mesaj bay otorite yo pou di si pa gen yon bagay ki fèt lopital la ap mouri paske sityasyon li depase grav.

 

Menm jan ak lopital jeneral nan Pòtoprens, lopital Jistinyen pa souvan konnen yon semèn san kriz. Yon sityasyon ki gen gwo konsekans sou popilasyon an ki pa sispann mouri akòz swen lasante yo pa jwenn.

Franndy Lesperance

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here