Pawòl avoka yo pa dous kont grèv  Majistra debou yo lanse nan peyi a,  jiridiksyon Okay anpatikilye. Nan mikwo radyo Montagna, mèkredi 19 jen 2024 la, plizyè mèt avoka di se yon konplo kont metye avoka a nan peyi a.

 Okay, mèkredi 19 jen 2024

« Grèv aktè yo nan lajistis peyi a ap fè yo tounen yon rızib », « Majistra debou kou grefyè yo se ajan piblik yo ye, pa dwe ap aji kenpòt jan yo vle », « se travay boutik k ap regle nan kare komisè yo nan Pakè jiridiksyon an »,, « pouki COMADH pa bay ministè a yon titan »… se konsa plizyè avoka pale nan mikwo RTM pou 2zyèm seri grèv pou mande menm privilèj ak Majistra chita yo selon lwa 27 novanm 2007 la.

Ni òganizasyon dwa moun ni Batonye lòd avoka yo nan jiridiksyon Okay pa mache kole ak grèv san limit Kolektif Majistra Debou yo (COMADH) demare mèkredi 19 jen 2024 la nan 18 jiridiksyon peyi a.

 

Pou Jean Bénissel Belas se pa touche ni frè gaz komisè yo pa pran. Yo resevwa salè yo men yo pa bay sèvis. Yo pa vin syeje tou nan tribinal la sa ki lakòz odyans yo konn pa rive fèt. Li kontinye pou l di selon lalwa nan kèk semenn, swa dènye vandredi mwa jiyè  se pral vakans jidisyè, li  pa konprann apèl grèv sa a, vin jwenn gen yon minis ki fenk pran rèn ministè Lajistis la, pa menm ko pran konesans dosye yo. Se yon anmèdman. Li ajoute, pou jan gen moun k ap tann jijman ta dwe gen asiz pou degòje prizon sivil Okay la men Pakè Okay la di li pa pare pou sa.

 

Se menm kout Klòch la bò kote Batonye lòd avoka yo nan Okay , Roosevelt Louis. Mèt avoka a di sistèm jidisyè a gen 2 tèt: youn se ministè a ki se chèf tout Majistra debou ak Grefye yo epi lòt la se Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ) ki kwafe tout Majistra asi yo.

Sa gen 4 lane depi jiridiksyon yo bloke nan peyi a ak grèv ankaskad sa yo. Avoka Louis panse olye se ekri Majistra debou yo ekri nouvo minis jistis la, Mèt Carlos Hercules ki apenn gen 8 jou konsa se grèv yo brandi. Revandikasyon yo bon pou fèt men yo dwe konn Kilè pou yo fèt, swete prezidan Kolektif Majistra debou yo antre ankominikasyon ak minis jistis defakto a pou jwenn yon mo pou kanpe grèv la jis pou fèmen ane jidisyè a.

Lè gen grèv, kòd travay la di kouman pou sa fèt. Konsèy lòd la sezi wè malgre sibtiti yo pa al pran syèj nan tribinal la men yo ap tande dosye nan kare yo, nan Pakè a. Konsèy lòd la denonse aksyon sa epi y ap swiv si sa ap kontinye.

Lajistis pa leve eskanp figi nasyon an okontrè se fese li fese nasyon an atè pou kase ren l. Aktè yo: Majistra, Isye ak Grefye pa konn doulè moun ki nan prizon sivil yo.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here