Pòt pawòl Direksyon Depatmantal Sid-PNH la, nan yon konferans ak laprès, lendi 16 septanm 2024 la, deklare gen plis pase 600 moun ki jwenn arestasyon yo swa ak manda oubyen san manda soti mwa jen 2024 pase a pou rive 2zyèm semenn mwa septanm 2024 la nan divès operasyon enstitisyon an mennen nan plizyè komin Depatman an. 

Okay madi 17 septanm 2024

Ilavach, Senjandisid, Chantal, Tòbèk, Kanperen, Okay pou nou site komin sa yo, Lapolis ak Lajistis nan divès operasyon arete ak manda 257 moun epi 371 anflagandeli. Enspektè Yves – Lasage Pierre di kantite machann dezagreman sa yo ki jwenn arestasyon yo se komin Okay ki gen 324 sitwayen ki arete pou divès zak tankou vòl ak zam, vyòl, asosyasyon malfektè, trafik dwòg, elatriye. Nan rapò sa a, chif yo enkyetan nan kantite ka aksidan ki lakòz 8 moun pèdi lavi yo epi 61 lòt soti blese nan 54 aksidan sikilasyon. Daprè chif sa yo, si sèvis sikilasyon pa double jefò l ka sa yo ap double pou jan konpòtman kondiktè yo pa chanje sou wout nasyonal yo.

Nan prezantasyon li a, Responsab CDRO/Sid la pa t di anyen sou operasyon Lapolis ak lajistis te fè nan lanwit dimanch 11 pou louvri 12 dawou 2024 pase a kay prezime kriminèl Josemè Joseph ki asasinen malgre ekip komisè James Jean – Louis ak Lapolis te metrize l.

Poze pòt pawòl la kesyon sou entèvansyon Lapolis te mennen nan savann lan sa gen 15 jou konsa dèyè prezime kriminèl Kilikou ki ap monte desann nan depatman an, Enspektè a, konfime nouvèl la epi di Lapolis ak lajistis ap chache l pou mete lapat sou li. Daprè yon sous radyo Montagna fè konfyans, prezime kriminèl la nan komin Okay la menmsi kèk moun nan nivo savann lan pa sispann demanti pawòl la.

Yon lòt kote, prè plis pase 5 lane, asiz kriminèl san asistans jiri demare nan jiridiksyon Okay la, lendi 16 septanm 2024 la. Se yon total 12 dosye k ap gen pou trete nan yon dire 6 jou.

Poze yon avoka militan kesyon nou te rankontre nan TPI a epi ki pa t vle non l site sou legalite asiz la, paske jij yo anvakans, mèt la ki pa vle non l site te kontante pou l reponn nou konsa: « èske gen yon dosye solid nan asiz la? ». Espesyal ou pa, se nan lane jidisyè a pou asiz ak oubyen san asistans jiri pou yo fèt. Se yon fason pou degòje prizon sivil la kote plen sitwayen ki bezwen konn santans yo.

 

Max – Imbert Marcelin ( Masks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here