Denonsyasyon yo pa pran tan pou soti tribò pabò kont nominasyon ilegal epi kont konstitisyon an ki plis sanble ak yon aranjman pou premye minis defakto a. Ariel Henry nonmen kavalye pòlka l, jij Jean Joseph Lebrun kòm nouvo prezidan Lakou Kasasyon ap jwe wòl prezidan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ). 2 gwo enstans nan sistèm jistis la nan peyi a .

 

Okay, 15 novanm 2022

Sekretè egzekitif Platfòm Òganizasyon Dwa Moun yo (POHDH) ki reponn kesyon radyo Montagna rale plizyè konsiderasyon nou montre okenn premye minis kit defakto kou legal pa gen dwa pou nonmen jij alevwa pou l ap plase prezidan nan tèt 3zyèm pouvwa peyi a – pouvwa jidisyè- kote jij la vin 4 triyèm pèsonaj politik aprè Prizidan an, Premye minis la ak Prezidan Asanble Nasyonal la.

 

Militan dwa moun lan site manman lwa peyi a, « Konstitisyon 1987 la » nan atik 175 li ki di se sèl Prezidan peyi a ki ka nonmen prezidan nan tèt pi gwo tribinal peyi a ki se « Lakou Kasasyon ».

 

Pou Alermy PIERVILUS se yon kout gidon politik k ap fèt la. Li wè nan nominasyon jij Lebrun an yon posiblite pou premye minis defakto a ranje kabann li sizouka chèz mizikal la ta vle se yon jij nan Lakou Kasasyon ki vin jwe wòl prezidan pwovizwa peyi a.

 

Li raple, aktyèlman Lakou Kasasyon gen 3 jij olye 12 jij ki ta dwe konpoze tribinal la.

 

Pou Sekretè Egzekitif POHDH la , chwa sa a te ka pase se si tout aktè nan sosyete a ta mete yo dakò sou yon chwa konsa olye se yon dezisyon yon sèl moun ki p ap rezoud pwoblèm lan.

 

POHDH kwè, se pyon politik li premye minis defakto an ap plase. Se yon desizyon grav ki reprezante yon nivo pi avanse pou kraze sistèm jistis la ki deja dekriye nan peyi a.

 

Maks – Enmbèr Marslen

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here