Tankou sa te toujou fèt atravè listwa peyi a, nan gwo moman difisil, mas popilè yo toujou leve kanpe, pafwa zam alamen, pou evite peyi dAyiti sonbre totalman. Sa te rive apre asasina Desalin, lè mas peyizan Grandans anba lidèchip Goman,  te pran zam pandan 12 lane pou vanje zak asasinay la; Yo te fè l ak kòmandan Akao, apre evènman 1843 yo, lè yo te fin dechouke Bwaye; Pandan lokipasyon, se mas peyizan Kako yo ki te fè faskare kont ameriken yo an 1915, pou te sove lonè peyi a; Mas yo te sou beton an nan lane 1946 ak 1986, pou te tante fòje yon lòt desten pou peyi dAyiti, e se yo nou jwenn jodi a k ap goumen pou souverènte peyi a ak yon lavi miyò pou fanmiy yo, atravè mobilizasyon oswa peyi lòk la. Pandan tout premye peryòd batay politik istorik yo, revandikasyon yo te rete nan kad sistèm feyodal ak neyokolonyal la. Sepandan, depi evènman 7,8 jiyè 2018 yo, done yo chanje. Pèp souvren an vize ak dwèt jida l, sistèm politik feyodal ak neyokolonyal la kòm sous pwoblèm yo paske yo gen plis matirite politik,  e yo mande pou sa chanje. Konsa, nan toya l  ap voye sou beton an, pèp la fè flèch yo ale nan direksyon peyi kolonyalis yo, k ap domine ekonomi ak politik peyi dAyiti a. Ositou, peyi enperyalis ki nan Core-Gwoup la antre nan konplo, pou denigre mobilizasyon pèp la kòm responsab tout malè peyi a, paske kontwòl chalè beton an, chape anba ponyèt yo.

 

Tout moun konnen, menmsi yo konn itilize l nan kèk ka pou èksplike disfonksyonman yon gouvènman ak move anbyans ki kreye otou de li, yon teyori  kawo se yon dispozisyon politik anba tab, peyi enperyalis yo te planifye vè lane 80 yo, pou destabilize lòt peyi, afebli yo nan objektif pou rive kontwole yo pibyen. Yo konn rive mete 2 peyi an gè pou afebli yo; oswa tabli gè sivil nan kèk peyi pou rive nan menm objektif yo. Egzanp yo anpil si n vle site kantite peyi kote enperyalis yo enstale kawo, pou regle zafè yo. Yo divize Soudan an 2, yo fè menm bagay la nan Libi, yo mete gè sivil nan yon bann peyi an Afrik, yo devlope mouvman teworis nan Irak ak Siri elatriye. Lakay nou an Ayiti, se Linyon ewopeyen, Kanada ak Etazini ki te deside nan yon reyinyon Otawa Kanada an 2001, pou yo te destabilize peyi a. Apre yo te fè Core-Gwoup an 2003, pou retire souverènte Ayiti, swadizan kominote entènasyonal la enstale Gang ak mafya PHTK an 2011, pou kreye kawo ekonomik ak politik sou tè Desalin nan. Ositou, Core-Gwoup ak oligachi a, kreye yon sitiyasyon katastwòf nan peyi a, ki touche konsyans tout kouch sosyal. Pèp la leve kanpe nan yon mobilizasyon manch long, ak yon fòm revandikasyon ki kreye panik ni nan kan oligachi a kòm nan mitan peyi kolonyalis yo. Konsa, pou atake mobilizasyon mas pèp la, Core-Gwoup ak restavèk ki sou teren an, chache itilize mo teyori kawo a, pou seye demontre, ke se mobilizasyon pèp la ki alye ak Gang, ki rive bloke tout bagay nan peyi a. Moun ki pa jwenn manje, solisyon ki pa genyen pou lavichè,  domèstik malpwòp ki pa rive ranmase fatra nan lari a, gaz ki pa rive nan ponp, enperyalis yo di se pèp la ki responsab. Poutan, yo tout konnen se manti, paske mobilizasyon pèp  la ap denonse lavichè ak chomaj ke peyi enperyalis yo enpoze nan peyi a atravè aplikasyon plan neyoliberal la ke FMI chaje, pou l egzekite nan peyi a. Donk teyori kawo a, se yon nouvo zam politik, peyi enperyalis yo deside itilize nan koumansman lane 2000 yo pou mennen gè bas entansite kont tout peyi kote yo gen difikilte pou kontwole yo.

 

Kidonk, Teyori kawo a, pa yon bagay yon militan ta dwe voye monte san reflechi. Konsèp politik yo anjeneral se yon kouto debò ki ka blese tout moun alawonnbadè, kan nou mal itilize yo. Lè peyi ki nan Core-Gwoup yo, ap klewonnan Ayiti kòm peyi kawo, yo byen konnen se pa vre, paske nan moman yo te pran desizyon fòme Sendika Core-Gwoup ak diplomat trafikan yo sou teren an, pou vin pran kontwòl peyi a an 2003, objektif la  te klè nan tèt yo. Paske yo te konnen yo t ap mennen Ayiti nan kalfou tenten kote l ye la. Yo deside federe Gang, itilize yo akote trafikan dwòg ak zam, pou enstale kawo politik ak ekonomik nan peyi a. Se pou tèt sa, mobilizasyon k ap pran chè sou beton an, tradwi aklè vonlonte pèp la, pou l reziste anba malveyans peyi ki nan Core-Gwoup yo, ki deside fè Ayiti tounen yon Repiblik Ganstè kriminèl. Donk, Core-Gwoup ak domèstik yo k ap itilize mo kawo a, pou lonje dwèt sou mouvman Rezistans mas popilè yo, ap chache alye nan mitan moun ki pa metrize reyalite politik yo, pou ranfòse kan mafya a. Mas popilè yo ki sou beton an, nan batay kont sitiyasyon kawotik Core-Gwoup, oligachi a ak enperyalis ameriken yo kreye a, pa dwe pran nan kraponnay. Ositou,  pwogresis yo dwe makònen ak mas popilè yo pou kenbe chalè beton an, paske se sèl chimen k ap mennen nan chanjman peyi a, pou mas popilè yo jwenn manje, sante ak lekòl pou pitit yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No48

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 24 oktòb 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here