Sa k ap pase nan mond lan nan dènye tan yo, bay lespwa sou kapasite pèp domine yo pou pran desten yo anmen. Anpil regwoupman ekonomik ap fèt pou fasilite echanj komèsyal ant peyi yo ak pwòp lajan pa yo nan yon bann rejyon. Aktivite ekonomik k ap fèt nan zòn ki pa anba enfliyans pwisans predatè yo, pral ranfòse otonomi politik nan peyi sa yo paske politik se marasa ak ekonomi nan tout sosyete modèn. Poutan lakay, politisyen tradisyonèl yo rete sou menm tenmpo domèstik la, nan refize tabli diskisyon sou vrè pwoblèm peyi a. Ki sa k vrè pwoblèm Ayiti?

 

Chak fwa pèp la vle soti anba dominasyon politik ak ekonomik neyokolonyalis yo, Etazini toujou antann li ak domèstik ayisyen l mete nan pouvwa, pou voye zo eleksyon ak miyèt k ap tonbe nan okazyon chanjman gouvènman, pou atire aferis politik pa bò isit. Kote pa yo, politisyen dokale k ap mache pran fre kay diplomat yo, gen yon diskou swadizan kè sansib nan radyo, pou jistifye koutgidon k ap toujou voye yo nan konpwomi bwè dlo santi a, paske yo aji  selon lòd yo resevwa nan anbasad peyi mafya yo. Ositou, moman rive pou patriyòt ayisyen yo tounen do bay politisyen tradisyonèl yo totalman, pou konsakre tan akote mas popilè yo pou konstwi pwojè ayisyen an pou sove peyi a. Nan sans sa, pwojè a dwe montre:

  1. a) kondisyon pou fè demare pwodiksyon nasyonal la pou èksplwate pozitivman enèji mas pèp la k ap gaspiye;
  2. b) direktiv pou jefò fèt pou pèp la jwenn travay, manje, lekòl ak lasante pou pitit li;
  3. c) yon kalandriye ekzekisyon plan sovtaj la ak ki kote mwayen yo ap soti.

Ayiti ap peri anba Etazini ak Core-Gwoup, pèp la dwe òganize l pou l jwenn solidarite pwogresis toupatou pou ranfòse mouvman rezistans lan pou sove peyi a.

 

Sa k ap pase nan mond lan nan dènye tan yo, bay lespwa sou kapasite pèp domine yo pou pran desten yo anmen. Anpil regwoupman ekonomik ap fèt pou fasilite echanj komèsyal ant peyi yo ak pwòp lajan pa yo nan yon bann rejyon. Aktivite ekonomik k ap fèt nan zòn ki pa anba enfliyans pwisans predatè yo, pral ranfòse otonomi politik nan peyi sa yo paske politik se marasa ak ekonomi nan tout sosyete modèn. Poutan lakay, politisyen tradisyonèl yo rete sou menm tenmpo domèstik la, nan refize tabli diskisyon sou vrè pwoblèm peyi a. Ki sa k vrè pwoblèm Ayiti? Jodi a peyi a, se yon neyokoloni ameriken kote Etazini pran dwa deside nonmen yon ansanm rèstavèk nan tèt li ak misyon demantibile ekonomi an piplis toujou. Konsa, prezans FMI ak Bank Mondyal sou teren an gen wòl akonpaye domèstik yo nan ekzekite pwojè ki kont enterè peyi a pou satisfè volonte mafya entènasyonal la tankou Goutyerès ki Sekretè Jeneral Loni an, sot antre nan peyi a ak misyon vin ranfòse pozisyon mafya ki nan Core-Gwoup yo. Ositou, pwogresis ayisyen yo dwe travay nan mitan mas popilè yo pou soti ak pwòp plan sovtaj peyi dAyiti a kote se pèp ayisyen k ap defini kadans aplikasyon l nan enterè tout sosyete a. Ayiti malad, mafya oksidantal la lage l nan katchouboumbe, patriyòt ayisyen yo dwe ride pèp la òganize l pou l swiv tras zansèt yo pou libere peyi a anba politisyen woule m debò ak konze k ap fè sousoubèkè mèt neyokoloni an sou teren an.

Kidonk, pèp ayisyen nan yon kalfou kote l dwe chache pwòp solisyon pa l pou l retire Ayiti nan falèz la. Plis pase 200 lane Franse ak Ameriken ap trase vèvè nan ekonomi ak politik peyi a. Yo kondwi nasyon an nan yon katastwòf ki parèt klè nan je tout moun, e  pèp la dakò ke ekip mafya sa ap toujou pote malè pou peyi Desalin nan. Se pou tèt sa, Pwogresis ak Patriyòt ayisyen yo dwe swiv tras òganizasyon Panafriken ak kanpesino nan amerikdisid la, ki chwazi itilize  yon strikti laj ak yon vizyon demokratik. Konsa, yo rive rasanble yon mas kritik nan popilasyon yo ki pèmèt òganizasyon yo pran pouvwa, jere l malgre presyon enperyalis mafya yo. San neglije reyalite klas yo nan peyi a, moman mande yon konpwomi laj anndan yon strikti demokratik disipline, pou ride mas yo ekate danje neyofachis la. Mouvman demokratik sa dwe charye lide chanjman k ap travèse reklamasyon mas yo anndan mobilizasyon ki sou beton an. Se pou tèt sa, Patriyòt ayisyen yo gen djòb òganize, disipline ak òdone lide ki nan revandikasyon tout kouch sosyal k ap goumen sou beton an kont politik Gang mafya entènasyonal la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, 3 Jiyè 2023.

Vwa Rezistans Popilè No84

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here