Pèp La Dwe Monte Volim Rezistans Lan Sou Beton An, Pou Bloke Fòs Fachis Yo.

 

Toupatou, an Ayiti, nan New York kòm nan Wachintonn, kan fachis la ap miltipliye reyinyon konplo traktasyon, pou trouve mwayen kraze mobilizasyon pèp ayisyen an. Nan tan k pase yo, moun tekonn kalifye dirijan popetwèl anndan pouvwa nan neyokoloni yo, dekonze, trèt oswa rèstavèk elatriye. Jodi a, nan mitan domèstik ki fòme ekip mafya PHTK/Aryèl/Mateli ak alye l yo, li difisil pou trouve youn ki gen kapasite prezante tèt li kòm yon ayisyen otantik, paske talon l ap toujou tranpe nan yon move zafè ki pou anpeche l gade moun nan je. Ositou, nan yon lèt yo adrese bay patwon yo nan Etazini, ekip Gang mafya PHTK ki  sou pouvwa, pou rèspekte lòd Core-Gwoup, mande Loni ak LOEA voye fòs brital Goutyerès ak konseye Biden te anonse a, pou vin masakre militan politik ak sitwayen ki nan sosyete sivil la sou beton an, k ap denonse vòl, lavichè, mizè ak ensekirite nan peyi a. Apre zak trayizon ki  te pouse yo mete devan sèn nan, koze monte gaz FMI te oblije rantre nan tiwa apre evènman 7, 8 jiyè 2018 yo, delenkan trafikan yo mete absè sou klou ak demand entèvansyon an, ki prouve vrèman ke joumou p ap janm donnen kalbas. Konsa, machann dwòg, kidnapè osnon yon asasen, p ap gen okenn lòt itilite apa netwaye prizon pandan y ap peye pèn yo merite. Yo pran avantaj nan batay la pou fè lòt bouwo vin ranfòse Gang PHTK ak Polis dokipasyon an sou do pèp la, lagè a ap kontinye, pèp la ap pran èksperyans sou beton an, pou l ajiste plan mobilizasyon an. Yon jou pou chasè, yon jou pou jibwe, jou liberasyon peyi a p ap mize nan wout. Ki lè l ap rive?

 

Nou pa divinò ki gen boul kristal, men kantite jimnastik antidemokratik mèt neyokoloni an oblije deplwaye sou teren an, depi yon bon bout tan pou l rive fè pèp la aksepte solisyon paspatou l toujou gen nan palto yo, montre gen dife nan neyokoloni an. Farin nan pa vini nan menm sak, paske tout jefò  peyi neyofachis yo, oligachi lokal la ak domèstik yo fè pou sove sistèm feyodal ak neyokolonyal la ( sistèm pezesouse a), poko bay anyen. Chanjman k ap fèt toupatou, fason enfòmasyon ap sikile nan mond lan gras ak nouvo teknoloji yo, mete kan kolonyalis la nan chimen pèdi batay politik la. Pèp nan peyi domine yo sonnen lanbi revòlt la alawonnbadè, e pèp ayisyen kote pa l, refize kontinye vale tout bagay tankou sa tekonn fèt. Se peyi ki nan Core-Gwoup yo ki kontwole Ekonomi, Finans ak Politik peyi a, yo fè Bidjè pou retire tout avantaj sosyal ki te nan men pèp la, pandan yo mete franchiz pou oligachi nan miltinasyonal yo, apovri peyi a. Donk yo fè tout sa yo vle nan non plan neyoliberal la pou rann pèp ayisyen  an lavi enposib. Nan matyè politik, yo mete souflantchou pou ranplase rèstavèk opwen ke pèp la bouke, li pran lari pou mande chanjman nan mòd jesyon politik ak ekonomik peyi a, denonse awogans ak atitid kriminèl neyolonyalis yo. Sepandan, olye pou pèp la jwenn dirijan k ap travay pou satisfè revandikasyon l yo, se fachis ki nan Core-Gwoup la melanje ak domèstik lokal yo ki antre nan fè mannèv pou prepare jenosid anndan peyi a. Apre Goutyerès ak Konseye espesyal Prezidan Biden te anonse tanpèt la, se tou pa Nancy Pelozi, yon neyofachis k ap dirije Kongrè ameriken an, ki swadizan envite moun ki soti nan sosyete sivil la, pou al bay enfòmasyon sou kouman evènman politik yo ap dewoule nan neyokoloni an, pou l fè rekòmandasyon bay Depatmandeta pou swit nesesè, tankou Depatmandeta ta inosan nan aktivite Gang ak mafya k ap deplòtonnen nan neyokoloni an. Rezilta te vini rapidman san detou, atravè fòs entèvansyon brital yo anonse sou peyi dAyiti a. Konsa, yo trase liy rouj yo kote yo mete pèp la akote sou tè ak richès peyi a ke yo bezwen san prezans ak egzistans pèp ayisyen an. Nou tout dwe pran kanntè, peri nan lanmè pou fasilite kriminèl neyokolonyalis yo vin ranmase tou sa peyi Desalin nan posede menmjan ameriken yo vote lwa ki deklare ke tout richès ki nan peyi nwa yo se pou ameriken, paske yon nwa pagen dwa manje, pagen dwa edike, jwenn kay osnon jwenn swen sante si l malad, paske nan je rasis ameriken yo, yon nwa pa yon moun.

 

Kidonk, klewon lanbi Core-Gwoup ap sonnen pou rasanble fòs fachis mafya anndan tankou deyò, pou konplote kont avni peyi a, pa nouvo e l p ap ka kraze mobilizasyon an. Depi apre 1804, Ayiti plase anba yon konplo pèmanan pwisans kolonyalis yo. Gen moman vitès li bese, gen lòt lè li ogmante. Kan fòs domèstik lokal yo pran jarèt sou teren politik la, yo ride okipan ameriken yo chita konplo a. Jodi a, Gang PHTK ak Polis dokipasyon an, ap maltrete popilasyon an nan fè represyon, touye ak kidnape moun, kraponnen pèp la pou fasilite Core-Gwoup mache prese

nan rasanble politisyen ranblè sou teren an, pou agrandi kan fachis mafya a. Ameriken fè pouvwa Gang lan mande fòs entèvansyon, pou ranfòse Gang Milis PHTK yo ak tout move zak Polis dokipasyon an reyalize sou do pèp la. Yo rekonpanse Gang yo nan fè yo pase delidè Gang alidè politik, pou elaji baz kliyantèl politik Wachintonn sou teren an. Tankou peyi oksidantal yo gen Alkayida, Eta Islamik nan mwayen oryan, Boko Aram an Afrik, an Ayiti ameriken yo mize sou Gang ak ekip mafya PHTK kòm alye, pou kenbe peyi a anba bòt yo. Sepandan, malgre move van k ap soufle, pwogresis yo dwe kontinye travay òganizasyon an nan mitan mas popilè yo. Pèp  la gen yon long istwa batay dèyè do l, li gen èksperyans nan goumen. Kan mafya fachis entènasyonal la ap jwe vatou l tout kote, pèp ayisyen an pran mezi longè zèpon kriminèl yo, li konn kouman pou l jwe. Mobilizasyon pèmanan an, se lasdatou pèp la. Se pou tèt sa, mas  popilè yo dwe kontinye òganize yo toupatou, pou yo konekte youn ak lòt atravè tout komin ak seksyon kominal nan  peyi a, pou yo jwenn fòs nesesè pou kapote Gang PHTK, reprezantan kolonyalis yo, ak tout domèstik k ap maspinen pitit peyi a, paske mannèv traktasyon, fòs okipasyon, Gang Milis PHTK, represyon Lapolis dokipasyon an, tounen yon ansanm fim demode, pèp la wè deja.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Vwa Rezistans Popilè (No46)

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 10 oktòb 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here