Ministè Dwa Fanm ak Kondisyon Feminin nan yon nòt li rann piblik nan dat 3 janvye 2023 a, denonse zak atouchman pastè Armel Lafleur fè sou pwòp pitit fi l epi mande Ministè Lajistis ak Ministè Kilt pou yo sanksyone pastè a.
Okay, 4 janvye 2023
Se legliz ki lanse lane 2023 a ak yon gwo eskandal seksyèl ki nan bouch tout moun, tout laj, atravè plizyè videyo k ap sikile sou rezososyal yo kote Pastè Armel Lafleur k ap dirije legliz Dedye Endepandant Pòtetwat ki nan Delma 33 pandan yon seyans fòmasyon sou edikasyon seksyèl ap touche pati entim youn nan pitit fi l yo, epi mete l chita sou li pou ap montre ki diferan pòz yon fanm ak gason dwe pran lè y ap fè bagay epi deklare kouman pitit fi li a gen bèl bouboun. Tout sèn sa yo dewoule devan kamera epi blayi sou rezososyal yo.
Zak repiyans sa a pa pran tan pou pouse anpil moun nan sosyete a denonse konpòtman sikopat pastè a ki pa nan premye eskandal seksyèl li. Non sèlman li fè plizyè zak nan aktivite dirèk ki konn ap fè nan legliz la kote li konn ap denigre jenn fanm ak jenn gason ki pa deside mache anba otorite demezire l ap aplike manm legliz la.Mentou sa gen plizyè lane depi yon dosye pedofil ak vyòl pastè a ak yon djak nan legliz la, Michaël Jean Lissaint ap woule nan diferan nivo nan sistèm jistis Ayisyen sou plent viktim lan mèt avoka militan Stephanie Jean Pierre ki deside atake bèt seksyèl sa yo.
Viktim lan, mèt Jean Pierre pote plent kont pastè a ak akolit li a ki ta fè bagay ak soti laj 16 lane jouk li rive nan laj 19 lane. Pandan espas 3 lane sa yo, timinè a di li sibi esplwatasyon seksyèl nan men dirijan legliz « De Dieu Indépendante de la porte étroite ».
Nan deklarasyon mèt avoka a te fè devan jij enstriksyon Jeudilien Fanfan ki t ap tande dosye a fè konnen pastè Amel te vyole l depi premye jou li te rive a. Sitiyasyon sa a te rive nan moman kote pou pastè a, Stephanie Jean Pierre, jenn ti demwazèl ta posede detache l ak paran li yo. Viktim lan di, li pase 36 mwa ap sibi vyolans fizik ak seksyèl sou pretèks y ap chase demon nan tèt li apre yon antant ant pastè a ak paran viktim lan ki te vle jwenn solisyon pou pitit yo.
Pwosè a devan lajistis depi lane 2009 ap patinenn paske pastè a gen lajan epi danje sosyal la kontinye ap fè dega. Nan òdonans jij Jeudilien Fanfan te rann nan kad dosye a li dekalre gen tout mwayen pou pouswiv pastè Amel Lafleur ak Michaël Jean Lissaint pou detounman minè, agresyon seksyèl ak zak pedofil. Li mande pou mesye yo al jije devan tribinal kriminèl sans asistans jiri jan atik 300 kòd penal la mande sa.
Ministè fanm di li kondane zak sila a paske sou okenn fòm yo p ap tolere pou kontinye pran kò fanm oubyen pran fanm kòm yon zouti oubyen yon enstriman seksyèl. Ledikasyon seksyèl se yon bagay enpòtan pou sosyete a. Pote ledikasyon seksyèl nan legliz, kite yon bagay tabou tan lontan, se yon bon bagay, men sa dwe fèt nan respè legliz pou fidèl ak timoun k ap swiv yo.
Pastè a ki te jwenn envitasyon Komisè Gouvenman rejim defakto a, Mèt Jacques Lafontant pou te vin reponn kesyon lajis maten 4 janvye 2023 a ekri pou mande repòte envitasyon an pou 15 jou. Yon lòt kote ministè kilt ki Kontwole aktivite sektè sa a voye yon envitasyon bay prezime pastè pedofil la pou demen jedi 5 janvye 2023 nan kad dosye sa a. Toutotan pa gen yon egzanp ki trase se posiblite pou lòt predatè seksyèl kontinye fè dega andedan legliz kou lòt aksyon repinyan sa yo nan peyi a.
Franndy Lesperance