Toupatou nan mond lan, oligachi yo ap itilize fo pretèks pou kenbe pouvwa politik ak ekonomik yo !

Pandan lontan, Tayno yo t ap viv trankilman sou Zile Ayiti Kiskeya, avan yo te wè anvayisè espanyòl te debake an 1492, pou vin maltrete e mete yo nan esklavaj. Lè yo pwoteste, esklavajis espanyòl te masakre yo e fè esklav nwa vin ranplase yo. Konsa, kolonyalis franse ak espanyòl kole tèt ansanm nan akò Wiswik nan lane 1697, pou yo pataje Zile a an 2 moso. Anpil tan pase, relasyon ant 2 moso yo te mache selon nivo zanmitay ant 2 peyi kolonyalis yo. Tousen Louvèti ak anpil lòt jeneral nwa nan lame endijèn nan, te pase nan lame panyòl avan yo te vin dirije lame franse paske relasyon alevini nan fwontyè a te egziste depi lontan. Nan koumansman 19èm syèk la, lame endijèn nan te travèse liy fwontyè a plizyè fwa. Yon lè pou ride esklav jwenn liberasyon yo nan pati espanyòl la oswa pou chase esklavajis franse ki t al kache, tanto pou t  al ride nan lane 1860 yo, pèp Dominikani fè faskare kont esklavajis espanyòl yo ki  te gen lide retounen okipe pati Lès Zile a. Sepandan malgre kèk nan entèvansyon sa yo te fèt nan zanmitay, dwat nasyonalis dominiken toujou chache itilize prezans ayisyen ki lakay yo, pou vanje pase istorik negatif ant 2 peyi yo sitou  nan peryòd okipasyon Bwaye a. Prizidan Èkstrèmdwat Trouriyo, te fè masakre plizyè dizèn milye ayisyen an 1937 e detanzantan, dirijan peyi dominiken pran abitid al chache rezoud tout kriz ekonomik ak politik ki anndan sosyete lakay yo, nan depòte migran ayisyen sou pretèks se yo ki anpeche pèp Dominikani trouve travay. Sepandan, nan dènye tan sa yo, dirijan peyi vwazen an  depase limit lè yo itilize britalite nan depòtasyon k ap fèt sou migran nou yo. Sa k kache dèyè tèt yo?

 

Toupatou nan mond lan, oligachi yo ap itilize fo pretèks pou kenbe pouvwa politik ak ekonomik yo. Peyi enperyalis yo pwovoke lagè ouvè oswa chache fè gè bas entansite ak gwoup lame nan lòt peyi, pou bay opinyon piblik lakay yo lòt okipasyon. Dirijan dominiken yo chanpyon nan zafè sa. Chak fwa yo nan kriz ou nan peryòd eleksyon, yo chache maske enkapasite yo pou jere kriz yo dèyè do travayè ayisyen ki ta anpeche dominiken jwenn djòb, aloske travay jaden oswa travay nan konstriksyon ki baz aktivite djòb migran ayisyen yo, p ap enterese chomè dominiken yo. Oligachi peyi vwazen an konnen l nan manti. Li antre nan kanpay pwopagann sa kont travayè ayisyen yo, pou kache reyalite sistèm politik li chita sou li a, ki gen tandans dirije tout richès peyi a nan pòch miltinasyonal yo ak oligachi lokal dominiken an. Tout aktivite nan izin, nan otèl, touris ak sa k ap fèt nan konpayi k ap brase lajan nan peyi dominiken, se byen e biznis etranje ak yon tigwoup nan oligachi lokal la. Mas  popilè dominiken yo toujou nan pwoblèm, menmsi gouvènman peyi sa a kontinye ofri kèk sèvis debaz bay popilasyon an, nan fè wout, bay swen sante ak edikasyon kontrèman ak sa k ap pase an Ayiti kote FMI koupe tout sèvis Leta. Donk Depòtasyon ayisyen yo antre nan yon liy politik, oligachi dominiken an sèvi avè l kan sa nesesè, pou detounen lespri pèp Dominikani an sou vrè pwoblèm peyi a. Jodi a menmjan kriz ekonomik pouse administrasyon ameriken depòte ayisyen ak britalite pou fè lòt pèp peyi latino yo pè, gouvènman dominiken pwofite anbyans kriz jeneralize nan mond lan, pou maltrete migran ayisyen yo. Pagen gwo reyaksyon ak leve kanpe nan medya entènasyonal yo, paske ameriken yo ki se lidè oksidan Dwadelòm nan, te deja avili tèt yo nan itilize chwal, pou pilonnen migran ayisyen yo nan vil Tekzas Ozetazini, donk chat pran lang tout defansè libète fomamit nan peyi oksidantal yo. Swadizan sanksyon sou lavant sik ameriken pran kont Izin Lawomann nan parèt sispèk, paske ameriken yo gen lòt enterè y ap chache regle nan zafè sa. An Ayiti, pouvwa Gang PHTK te menm oblije fè eskiz bay gouvènman dominiken paske pèp nan Nòdès peyi a, te anpeche machandiz dominiken antre nan Wanament pou denonse atitid kriminèl dirijan peyi Dominikani yo. Konsa, nou konprann poukisa pouvwa Gang lan pa ka fè lekontrè, paske Anbasad ameriken ak manzè Lalim pa ba gouvènman domèstik sa dwa foure bouch nan gwo dosye sa yo. Se  nan sans sa a, ni timèt domèstik ni vrè mèt neyokoloni an, pagen kredi moral pou di yon mo sou tribilasyon migran ayisyen yo lòt bò fwontyè a. Peyi dAyiti pran nan twarwa.

 

Kidonk, konpòtman sovaj gouvènman Abinadè a vizavi migran ayisyen yo, pa yon bagay nouvo. Anpil lòt gouvènman dominiken avan l te konn fè jès fasil sa, pou fè pèp domiken konprann malè l marye ak prezans malere ayisyen ki nan kòve nan chan dominiken yo, malgre yo tout konnen yo nan manti. Dwat nasyonalis peyi sa a, ki pajanm dijere fason listwa te plase Ayiti devan Repiblik Dominikèn, toujou chache antre nan dans lan, pou l jwenn okazyon fè vanjans pou sa l konsidere kòm imilyasyon istorik oligachi ayisyen an te konn fè pèp dominiken sibi atravè listwa. Sepandan, lekti listwa  yo montre evènman ki make Dominikani ak Ayiti, gen bon ak move moman nan pase 2 pèp yo. Tousen Louvèti te aboli lesklavaj lakay yo e Prezidan Jefra nan lane 1860 yo sou demand patriyòt dominiken, te voye twoup, zam ak lajan nan Dominikani, pou ride pèp peyi vwazen an konbat kolonyalis espanyòl yo ki te anvi retounen vin okipe pati Lès la. Donk, oligachi dominiken an ap kache enkapasite l pou kondwi yon pwojè sosyete ki ka asire travay ak byennèt anfavè pèp dominiken an. Li kache dèyè swadizan pwoblèm prezans migran ayisyen yo kreye nan Repiblik Dominikèn pou l fè tan pase sou vrè revandikasyon mas popilè dominiken yo. Politik depòtasyon an se pretèks pou anpeche pèp dominiken leve kanpe pou mande regleman sou kouman zafè peyi yo ap jere. Kote pa nou, oligachi lokal la ak mesyedam konze yo ki nan pouvwa anba lòd Wachintonn nan, pagen otorizasyon pou defann enterè pèp ayisyen an menmjan oligachi san koutcha nou  an te konpòte l devan masak Trouriyo te fè sou migran ayisyen yo an 1937 la. Mas  popilè ak pwogresis yo dwe rale kreyon make kijan peyi dAyiti se yon pitimi san gadò. Pou l retrouve diyite l, peyi a dwe sòti anba dominasyon, pou pèp la rive chwazi moun onèt ki pou kondwi bak peyi a nan chimen devlopman ak lonè.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Lan!

Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè ( No55),  12 desann 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here