Vwa Rezistans Popilè (No30). -Ameriken Yo Pwatrinè Nan Somè 2022 a, Peyi Amerik La Izole l Pou Yo Pa Kontamine.

Kan Prezidan ameriken, “James Monroe ” te di: “Amerik Pou Ameriken “, anpil moun, selon kote yo te branche, te jwenn posiblite entèprete pawòl sa, jan yo pito. Ewopeyen yo ki te wè prezans ak enterè yo menase, te kalifye dispozisyon Prezidan ameriken an, de zak egoyis, alòske lòt moun avize ki te gen zòrèy fen nan kontinan, te wè posiblite atravè dispozisyon sa, pou Etazini transfòme tèt li an bouwo asasen, pou l ranplase pirat piyajè ewopeyen yo, nan kontinye vòlè richès pèp nan tout kontinan. Anpil tan te pase, tout pèp oprime yo temwen e wè, kouman Etazini akapare richès pèp Amerik yo, andousè ak konplisite oligachi lokal yo,  ou ak gwo vyolans militè lè sa nesesè, pou l touye, asasine, masakre moun nan popilasyon yo, tout kote l vize richès malgre rezistans pèp yo. Li anvayi anpil peyi nan kontinan Amerik la tankou Kiba, Nikaragwa, Ayiti, Dominikani, Grenad, Panama elatriye, pou l enpoze volonte l e piye sa yo genyen. Pou peyi Etazini, lòt peyi ki nan Amerik la, se jaden nan lakou lakay li. Apre 2èm gè mondyal la, ameriken yo transfòme kontinan Amerik la, an yon savann sovaj. Yo plase yon bann diktatè nan tèt peyi yo, pou ride CIA elimine pwogresis ak entelèktyèl nan peyi viktim yo. Trosnè nan Paragwe,  Trouriyo nan Dominikani, Divalye an Ayiti, Somoza nan Nikaragwa, Pinochè nan Chili ak Batista nan peyi Kiba, se egzanp chouchou yo te itilize pou detwi lavi plizyè santèn milye opozan sou kontinan pou asire menmiz ameriken sou richès peyi yo. Yo manipile enstitisyon tankou LOEA, BID ak Karikòm pou legalize zak abitrè yo, pou yo toujou rete sèl kòk chante. Sepandan, kòm Bòkò bay pwen, li pa voye w dòmi nan kalfou, kout gidon ki pouse yo mete Kiba, Venezyela ak Nikaragwa akote, nan Somè 2022 a, sanble kouche ankwa sou lestomak dirijan peyi Amerik yo. Sa k pase ameriken yo nan zafè sa?

Anyen pa nouvo, nan konpòtman ameriken yo. Sof Amerik lane 60 yo, pa Amerik 2022. Nan lane 60 yo, Etazini te alafwa sèl mache e sèl Bank pou peyi Amerik yo. Jodi a, peyi yo gen altènativ ni pou komès ni pou prete lajan, paske pou anpil nan yo, se Lachin ki pi gwo patnè komèsyal ak finansye nan kondisyon ki pi favorab konpare ak ponya FMI ak Bank mondyal yo. Anplis, Etazini pase yon etènite ap pwomèt pèp Amerik yo Lalin ak fwomaj ki pajanm rive sou yo. Pifò moun sou kontinan, wè yo kòm predatè rayisab. Lè yo itilize koze Dwadelòm pou pini lòt peyi yo, obsèvatè yo pa pran pawòl sa pou lajan kontan, pliske tout moun temwen kouman Etazini ap pase dwa minorite nwa yo sitou  anba pye lakay yo. Nan moman kote yo wozabwa, nan yon politik woule m debò kote, tanto yo pini Venezyela anmenmtan y ap mande l achte gaz, tanto yo joure prens Larabi Sawoudit, Mwamed Benn Salmán kòm kriminèl ki te rache jounalis Jamal Kachogi mete nan sak an Tiki, pandan  Prezidan Biden avè l pou regle zafè gaz, donk chak maten ameriken yo gen yon pozisyon selon kote enterè yo branche. Nan yon sitiyasyon parèy, reyalite aktyèl mond lan, pa p pèmèt enperyalis ameriken an aji nenpòt kouman san teni kont si lòt peyi  yo egziste. Nan sans sa, Etazini dwe chache konprann nivo evolisyon konsyans kiltirèl ak politik lòt sosyete yo. Lafòs p ap ka bay tout bagay, fòk li koute lòt yo non pa kòm domèstik, men kòm aktè desten peyi yo.

Sepandan, se tout peyi oksidantal yo ki panike. Depi Biden rive sou pouvwa, li koumanse atake Prezidan Putin ak Lachin ak pawòl piman bouk. Pawòl degrenngòch sa yo, voye n gade deklarasyon irèsponsab yon minis afè etranje peyi  Almay ki di: “nou regrèt, nou pa t fè lagè atan ak Lachin “, paske Lachin ap pile pye yo sou plan ekonomik, san yo pa t wè l nan retrovizè a. Ofisyèlman, yo pwovoke gè an Ikrèn pou afebli ekonomi Larisi, men anreyalite sa montre karaktè malveyan peyi esklavajis sa yo, paske yo mete zouti yo nan plàn, men metye kriminèl la rete nan tèt yo. Bwa ameriken yo pran nan moulen, ki te anvi atake Lachin pou afebli l ekonomikman. Jodi a, nan jwèt a 3 ki te pare pou gouvène mond lan, awogans ameriken yo, plase yo nan yon izòlman enkyetan anfas ni Lachin, ni Larisi ki jwenn sipò majorite pèp nan mond lan. Somè Amerik la ki te dwe yon okazyon pou ameriken  yo fè bann, pou prepare pwochen  batay yo, tounen yon fyasko kote lespri fachis ak enperyal ki abite anndan tèt ameriken, pouse yo kontinye trete peyi rès Amerik la, tankou domèstik, olye yo chache konpwomi pou tout ta fè wout ansanm.

Kidonk, epòk yo evolye, mantalite pèp yo chanje, pandan Etazini kontinye kwè l kapab rezoud tout pwoblèm ak solisyon paspatou. Lè yo tire kat Dwadelòm nan, pou èkskli Kiba, Nikaragwa ak Venezyela, yo konnen sa te pral bay pwoblèm paske solisyon fasil sa, ba l odè yon fi m moun yo te wè deja, e anpil lidè nan kontinan te deja avèti yo. 6 peyi boude Somè a, akote 3 premye Etazini te chwazi mete deyò. Peyi Amerik yo bay tontonsam leson an kote yo di l, yo grandi, tout moun anmezi deside pou pwòp tèt yo, Bouki fè filozofi. Nan yon moman kote Lachin deja premye patnè ekonomik ak komèsyal anpil peyi nan zòn nan, Etazini te dwe sispann bay tèt li dwa trete tout pèp Amerik la kòm chyen baryè l. Reyisit revolisyon 1959 la nan Kiba, ak rezilta l pote nan domèn sante , edikasyon ak kiltirèl, bay pwogresis nan kontinan lespwa, yon jou ou lòt, bouji revolisyon an ka limen tou, lakay yo. Nikaragwa, Venezyela deja montre chimen an, anpil lòt peyi nan kontinan ap goumen pou Libere pèp lakay yo. Pwotestasyon peyi Meksik, Salvadò, Ondiras, Gwatemala, peyi amerikdisid ak lòt peyi nan karayib la kont awogans ameriken yo, bay lespwa yon van pwogrè kote n swete zak sa, ka make koumansman yon chanjman radikal nan rapò mèt/domèstik ameriken yo toujou antreteni ak pèp yo nan kontinan. Lakay an Ayiti, nou pa reprezante nan nivo entènasyonal depi lontan. Mèt neyokoloni an toujou chwazi yon seri domèstik san grandè, ki pou chache defann enterè Etazini toupatou, souvan odetriman peyi dAyiti. Nan sans sa, mas popilè yo dwe kontinye mobilize, pou se yo kòm aktè pwòp desten yo, ki rive enpoze peyi a moun ki dwe dirije l, pou n sispann ranmase wont nan aktivite entènasyonal yo, tankou jan Prezidan Dominikani an, Abinadè sot drive ak imilye dirijan PHTK Aryèl Anri nan jou ki pase la.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 13 jen 2022

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here