Depi plizyè syèk avan revolisyon endistriyèl la, peyi oksidantal yo te deja ap itilize avantaj nan teknoloji, pou dechèpiye richès peyi domine yo sou tout kontinan, pou ranpli kofrefò lakay yo. Yo  te tabli esklavaj kote yo dezimanize lòm, nan itilize lafòs brital kont tout pèp depandan, pou enpoze lòd mondyal esklavajis la ak misyon vòlè kouraj kretyen vivan, pou fasilite epav ki nan oligachi peyi kolonyalis yo byen mennen. 1492, se te tou peyi dAyiti ak Tayno yo, ki te wè bouwo espanyòl yo debake, vòlè byen Tayno yo, redwi yo an esklavaj, masakre yo jiskaske yon sèten Batelome Laskazas pral pwopoze pou ranplase tirès Tayno yo pa esklav nwa, ki te soti an Afrik. Ositou, metòd sovaj esklavajis ewopeyen yo pat chanje, esklav nwa yo te lage nan mawon, òganize yo pou atake sistèm esklavajis la. 1804 baz sistèm nan souke, pèp ayisyen an te chanje lòd esklavajis la, lè l te kilbite kolonyalis franse yo deyò peyi a zam alamen . Toutfwa, jèm kontradiksyon klas yo ki pat rezoud atan, te fasilite kan refòmis la atake revolisyon an, lè yo te asasine Desalin 17 oktòb 1806 la. Konsa, rejim kont-revolisyonè 1806 la, te likide tout lide chanjman sosyal ki te nan baz revolisyon an, brize rèv pèp ayisyen an, pou replase peyi a anba lòd pwisans esklavajis franse an 1825, pwi rantre nan konplo ak ameriken ki te debake an 1915, pou okipe Ayiti.  Tankou espanyòl ak franse, ameriken yo te fè anpil masak nan peyi a, sitou nan mitan peyizan kako yo. Tan yo chanje, non yo chanje, bizaman metòd yo pa twò diferan nan neyokoloni yo. Jodi a, apre konseye Joe Biden fin pwononse pawòl menasan kont pèp ayisyen an, sekretè jeneral Nasyonzini, Antonyo Goutyerès ki te frape lestomak pou l di devan LONI, lefèt yo te federe Gang an Ayiti, ayisyen ap viv pibyen, deklare l ap voye fòs brital pou masakre moun k ap manifeste kont pouvwa Gang PHTK, paske pèp ayisyen an pa dwe mande pou l viv tankou moun. Sa k dèyè tèt patwon Goutyerès yo?

Sekretè Jeneral Loni, mouche Antonyo Goutyerès, pa mèt tèt li. Òganizasyon entènasyonal oswa rejyonal sa yo k ap monte ak pretèks yo gen wòl bonsamariten, se enstriman politik peyi enperyalis yo foure nan janm peyi depandan yo pou asire dominasyon yo. Ak viraj fachis peyi oksidantal yo, moun ki nan tèt òganism telegide sa yo, dwe mache anba enfliyans peyi neyokolonyalis yo san di petèt. Konsa, anyen pa dwe etone moun ki sou teren politik la lontan, si Goutyerès ak Aryèl Anri bay entèvyou ak yon diskou ki sanble popoupo, ak deklarasyon pòtpawòl depatmandeta ameriken an, menmsi pawòl yo te menasan e meprizan pou pèp ayisyen an. Anfèt, ansanm enstitisyon sa yo ak Leta peyi domine yo, dwe dirije ak yon bann jiwèt domèstik ke peyi kolonyalis yo mete kòm ajan, pou asire e siveye enterè enperyalis sou teren kote y ap milite a. Souvan, dirijan telegide enstitisyon sa yo, gen gwo lajan anba tab pou chak deplasman ak deklarasyon yo fè. Donk, deklarasyon Goutyerès la antre nan kad djòb li kòm ajan kolonyalis, e l ap rete ensansib ak tout kritik pliske l aji ak yon santiman de mèsenè. Sepandan, kontni deklarasyon an avili imaj enstitisyon l ap dirije a, bòkote moun ki pat ko wè degre degradasyon ak pourisman òganism entènasyonal sa yo. Lè l di se Gang yo ki nan Lari a, kèk pati politik voye enfiltre, li gen nan tèt li pare opinyon entènasyonal la pou 2 bagay: premyèman apre yo te fin federe Gang yo, yo vle montre kouman Gang Milis PHTK yo gen rasin nan mitan mas popilè yo, donk lè yo anonse eleksyon nan peyi a, li sifi pou Gang Milis yo pote kole, pou yo montre opinyon entènasyonal la ke eleksyon sa yo ka lejitim; dezyèmman kòm fòs entèvansyon brital li anonse a, gen pwojè tire sou pèp la, pou kase mobilizasyon an, alavans l anonse tout moun ki sou beton an nan mobilizasyon pou grangou ak lanmizè yo, se patizan Gang ak Gang, sa k mouri zafèrayo. Sa vledi, konpòtman Goutyerès la gen yon objektif malveyan e kriminèl. Bra yo pran nan moulen nan neyokoloni an devan mobilizasyon pèp la, kòm yo anvi pase anfòs pou enpoze peyi a eleksyon bouyi vide, yo pare pou likide kèk chèf Gang pa yo, pandan y ap mache sou san pèp la pou atenn objektif la. Donk, Goutyerès ak Aryèl Anri jwe wòl domèstik yo pou mèt neyokoloni an ki te mize sou zèl kat Gang Milis yo, pou kase mobilizasyon pèp la.

Kidonk, konpòtman lawont Sekretè Jeneral Nasyonzini an sou sa k ap pase nan peyi a, paka etone pèsonn ki gen 2 pye yo sou sèn politik la. Reprezantan ak anvwaye enstitisyon koupyon sa yo, se domèstik sistèm kapitalis mondyalis la, ki gen nen yo k ap pran fre nan koulis òganizasyon kòwonpi sa yo kote lòbiyis ap brase lajan anba tab pou diplomat aferis vin pi rich. Tout vwayaj osnon deklarasyon ajan movezafè sa yo, gen yon pri. Nan tan k ap pase la, Goutyerès gen lòd pou l choute sou Gang pou l menase pèp la, li fè l sanzetadam tankou lè yo te mande l pou l te voye flè sou federasyon Gang G9 la.  Se nan moman sa tou, Goutyerès responsab jesyon yon pwogram Nasyonzini, ki vize fè manje kite Ikrèn sou lanmè nwa, pou ride peyi pòv evite famin. Sepandan , men gouvènman Larisi sot denonse nan semenn nan, peyi Ewòp yo ak Etazini ki detounen 118 bato manje sou 121 ki konsène nan pwogram sa, pou alimante mache lakay yo odetriman peyi pòv yo, pandan 3 lòt bato yo pèdi nan lanati. Chat pran lang Goutyerès paske l derefize denonse patwon l yo ki enplike nan vòl la. Se pou tèt sa, pèp la dwe konsyan sou vrè wòl Loni tankou l klè sou misyon Jiwèt yo ki nan LOEA jounen jodi a. Donk, pwogresis yo pagen lòt chwa, pèp la pagen chwa, apa ranfòse òganizasyon yo sou teren an, pote koreksyon pou bouche fay ki nan batay la, pou yo lanse nouvo modòd pou mobilizasyon an kontinye paske chimen liberasyon peyi a deja trase anndan mobilizasyon pèmanan mas popilè yo.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pèp La!

Viv Inite Popilè a! Libète ou Lanmò.

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB. 26 septanm 2022.

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here