Dimanch, 29 me 2022

Espò: Tèren foutbòl Saint-Denis an plen kou yon ze, Real Madrid kale ekip Liverpool la ak yon gòl a zewo. Gòl sa a make nan 59 vyèm minit pa Vinicius Junior, apre yon sant Federico Valverde ki travèse tout defans Reds Devil’s yo.

Yon match ki te pral demare ak yon reta 36 minit akòz anpil pwoblèm ki te gen devan estad la kote plizyè milye fanatik ki te gen tikè nan men yo pa t ka rantre akòz gwo lese frape ant fòs lòd yo ak moun ki pa gen tikè men vle rantre . Sitiyasyon sa a te pral lakòz anpil fanatik rate premye mitan 45 minit match la malgre li te koumanse an reta . Omwens gen plis pase 200 moun ki travèse griy tèren an pou rantre malgre yo pat gen tikè.

Liverpool te deplwaye tout fòs li men gras ak yon gran Thibaut Courtois ki te nan jou l bloke pou pi piti 9 chout ki te ka gòl, ede ekip Real Madrid make listwa. kote li chita sou twòn li ak 14 koup  devan ekip Milan AC Ki gen 7 tit.

Carlo Ancelotti ki se antrenè ekip Madrid la vin premye antrenè Ki ranpòte 4 Lig dèchanpyon 2 ak Milan Ac , 2 ak Real Madrid san nou pa bliye 2 li te ranpòte kòm jwè.

N ap raple anvan Real Madrid rive chanpyon sou Liverpool youn nan ekip ki pi fò an Ewòp samdi 28 me 2022 a, li elimine 3 gwo silendre nan foutbòl ewòpeyen an sòti nan 8 tyèm definal pou rive nan demi final kise: PSG , Chelsea ak Manchester City.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here