Kèk èdtan apre piblikasyon lis 23 jwè ki pral defann Ayiti nan Lig Nasyon peyi Karayib yo (CONCACAF), Dukens Nazon atakan vedèt seleksyon nasyonal foutbòl la reyaji nan yon mesaj li pibliye jounen mèkredi 18 me a sou kont Tweeter li.

Nimewo 9 seleksyon nasyonal foutbòl maskilen an k ap jwe nan Quevilly-Rouen (QRM), yon klèb k ap jwe nan lig 2 peyi Lafrans, reyaji pou di se pa li ki chwazi pa jwe pou Ayiti men se moun k ap fè lis la ki pa chwazi l pou vin defann drapo ble ak wouj la.

https://radiotelemontagna.com/les-cayes-dossier-sport-duckens-nazon-nest-pas-retenu-par-le-selectionneur-pour-disputer-les-matchs-de-la-ligue-des-nations-de-la-concacaf-du-4-au-14-juin-2022/

Pou sezon 2021-2022 a Duckens Nazon jwe 34 match pou klèb li , kote li rive make 13 gòl epi bay yon pas gòl. Ekip li, QRM pral jwe baraj pou gade si l ap rete jwe nan 2e divizyon fransè a kise lig 2 a.

Jwè 28 lane a nan yon kouto tire ak antrenè seleksyon an Pierre Jean Jacques akòz move kondisyon plizyè kad nan seleksyon an denonse pami yo Donald Guerrier ki pa prezan sou lis konvokasyon an tou.

 

Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here