Okay/ Flash-. Ajan kò Polis Minisipal Okay la sou brenzeng yo.

Ajan kò Polis Minisipal Okay la sou brenzeng yo. Yo bloke maten vandredi 13 me 2022 a antre baryè prensipal  lokal lLameri a pou egzije liberasyon 3 frè zam yo ki fèmen nan komisarya Okay la poutèt yo te nan simaye kout bal nan yon desandelye sèvis jeni an nan lokalite Mèsi ki lakòz Luvie Lafague blese nan kou ak yon bal.

Antouka ajan PMC yo ame ak gwo zam fann fwa nan men yo. Lapolis Sid pa t fè plis pou te rekipere yo jan jal Komisè jiridiksyon Okay la, Ronald Richemond te mande yo sa nan lèt ki pote dat 10 septanm 2021 pase a.

 

 

Max-Imbert Marcelin

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here