Okay – Ayiti-. Reparasyon sou komisarya pòs 4 chemen Okay pa respekte prensip konstriksyon yo selon yon ekip enjenyè sivil nan 3zyèm vil la.
Dimanch, 29 me 2022
Aprè plis pase 4 lane depi ansyen administrasyon komin Okay ki te gen Gabriel Fortuné nan tèt li te debaba fasad sou komisarya kwa 4 chemen Okay la, yon òganizasyon ki rele “Gwoup Limyè pou Libere Ayiti” mete ak Direksyon Depatmantal PNH-Sid ap repare pòs la daprè kòdonatè Shiller St- Jean ki reponn kesyon Radio Télé Montagna.
Misye St Jean di travay sa ap fèt nan tèt kole ant DDS-Sid la Daniel Compère, Direktè Jeneral /PNH la Frantz Elbé ak 4 òganizasyon nan sosyete sivil la. Pou yo batiman an jan li te ye nan pwent vire monte sou wout ayewopò a pa fè lonè enstitisyon an. Se pou rezon sa a: Òganizasyon Norvège, Fanm Solèy Leve, Étoile Brillante, gwoup Lumiere pour Libérer Haïti, diaspora ak enstitisyon PNH la mache kontre pou kwape ensekirite nan bay polisye yo yon pi bèl espas pou yo repoze yo ak pou peyi a gen yon pi bèl imaj. Travay sa a ap dire 6 mwa.
Yo demare ak travay la 10 avril 2022 pase a epi se yon montan 2,885,000 mil (2 milyon 885 mil) goud ki disponib pou reyalize travay sa a. Batiman an ap gen 4 dòtwa, 3 twalèt, anlè kou anba. Poze l kesyon sou fim k ap egzekite ouvraj la, kòdonatè a di pa gen fim sou pwojè a. Mande l pouki se pa travay enplantasyon anfas la ki kontinye pou akeyi pòs la, li di se politik ki t ap fèt li p ap antre nan sa. Men sa ki enpòtan, daprè l, otorite nan lapolis la di l vrè plas sou komisarya se kote li ye a.
Nan chache avi kèk pwofesyonèl sou modèl travay k ap fèt pou remete kanpe sou komisarya 4 chemen an, nou tonbe sou yon ekip enjenyè sivil ki se manm yon Asosyasyon enjenyè nan Depatman Sid la ki pa vle non yo site, fè konnen Inisyatif la entèresan. Men kòm pwofesyonèl nan domèn lan, li pa posib pou se konsa yon batiman piblik ap rekanpe.
Yo rale 4 eleman pou kanpe agiman yo: 1- Ansyen batiman an te fèt ak wòch ak brik; 2- konstriksyon k ap fèt la p ap pèmèt aderans ant estrikti yo ap mete kanpe a vin jwenn ansyen batiman an te sibi 2 domaj: demoli fasad la ak pasaj tranblemantè 7.2, 14 out 2021 pase a; 3- Yo pa kwè gen yon etid debaz ki te fèt pou te kontwole sòl la yon fason pou detèmine kapasite pòtant sòl la pou konnen ki kalite konstriksyon li ka resevwa sitou se yon batiman piblik; 4- Pou kantite lajan ki disponib pou travay la, tout pwofesyonèl ki respekte tèt yo, t ap fè yon pi bon travay ak kòb sa a olye kole pyese sa yo wè k ap fèt la.
Yon lòt kote enjenyè yo di nan antre vil la, yo estime travay la pa bèl menm. Li pa gen okenn achitekti ladan l pou fè konprann se 3zyèm vil peyi a vin jwenn kote l plase a rann li vizib kelkeswa kote w soti pou antre oswa kite vil la.
Pou enjenyè sa yo se yon travay san enspirasyon. Li dwe merite repanse. Sak pi grav la li pa respekte okenn nòm parasismik. Sa ki rann li vilnerab, sitou le nou konnen reyalite sismik ak siklonik peyi a , espesyalman Depatman Sid . Vilnerabilite yon batiman se lè eleman ki konpoze li yo pa reponn.
Nou ap raple, ansyen majistra Gabriel Fortuné t ap pouse zèl li ak plizyè bizismam/ komèsan nan vil la pou te monte ejemoni l,te vide fasad pòs la atè nan dat 27 oktòb 2017 pase a. Ansyen politisyen tradisyonèl makawon an, ansyen konseye prezidan defakto Jovenel Moïse la te pase espas sou komisarya a bay Luckson Morrin, PDJ “La différence borlette” ,pou l te fè paking pou biznis li, akondisyon pou l bati pòs la nan espas ki anfas lokal li a. Desizyon sa a te pataje men ansyen majistra Fortuné, toupisan, opilan ak fanatik li yo te apiye l nan denatire vil la nan demoli kay kou moniman pasi pala. Se pa rekonstwi gwoup Limyè a ap rekonstwi pòs 4 chemen an, batiman an pa ta sibi okenn chanjman . Tout sa yo montre sèvis lameri p ap travay pou kenbe patrimwan imateryèl vil la.
Kisa ki te mal monte nan pwojè delokalize sou pòs 4 chemen an ki lakòz travay yo pa kontinye ak otorite enterimè kominal yo ki gen Marie Sylvie Rameau nan tèt li ? Leta deja anranyon, pouki tout gaspiyaj lajan taks sitwayen yo nan pwojè bidon sa yo ? Li klè se kesyon kolòn k ap pale sinon, travay yo ta pi byen reflechi pou yo ka dire pi lontan jan objektif devlopman dirab 2030 lan pwopoze sa.
Max – Imbert Marcelin (Maks- Enmbèr Marslen)