Plizyè sitwayen ak sitwayèn k ap viv nan zòn Sanon yon Lokalite nan Bèjo mande Konsèy minisipal Okay la pou kanpe Konstriksyon Izin Vetivè yon konpayi prive ap enplante nan yon zòn rezidansyèl.

Okay,15 me 2022

Nan yon lèt ki pote dat 19 avril 2022 pase a, sitwayen k ap viv nan Sanon ekri Madam Sylvie Rameau ki se Prezidant Konsèy Minisipal Okay la yon lòt fwa pou egzije Meri a pran responsabblite l pou Kanpe travay Konstriksyon izin vetivè sa a kote gen anpil fanmi k ap viv.  Inisyativ sa a pran paske pou sitwayen ak sitwayèn sila yo malgre Direksyon Anviwonnman mete ak pakè jiridiksyon Okay la te swadizan kanpe konstriksyon Izin lan, sa gen yon lane, voye sèvis jeni Lameri a yon lane aprè men sa pa anpeche abitan yo nan zòn yo ap gade responsab izin yo k ap kannale ap travay yo nan plase chodyè yo.

Pou siyatè lèt sa a konpòtman responsab izin yo montre yo pa pran otorite ki nan Leta pou anyen,  yo kontinye ap vanse malgre ris anviwonmantal prezans Izin sa a pote sou tèt kominote a.

N ap raple sèlman nan vil okay ak ozalantou l genyen 13 izin k ap ponpe lafimen ak sann lajounen kou lanwit san konte lòt izin k ap enplante.  Ki avni Vil okay ki deja vilnerab fas ak siklòn , inondasyon ak tranblemantè kou pil izin sa yo ki se yon kokenn chenn malè pandye? Èske sitwayen yo pral rive gen batay ekolojik sa fas ak antrepriz sila a lè nou konnen jan koripsyon pa sispann taye banda nan peyi Dayiti,pandan nan divès lòt peyi se gwo desizyon k ap pran pou kanpe tout sa k ap kontribye a nan rechofman planet la?

 Franndy Lesperance

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here