Pwotektè sitwayen an, Mèt Jean Wilner Morin, nan tèt yon misyon akonpanye ak  lòt kad enstitisyon OPC nan Gransid la soti 11 pou rive 15 septanm 2025 la, tonbe sou kèk dosye ki atire atansyon yo e menm estomake douvan kalamite prizonye yo nan prizon sivil Okay la.

 

Okay, madi 16 septanm 2025

Aprè misyon Ofis Pwoteksyon Sitwayen nan rejyon Nò peyi a, OPC te nan rejyon Sid peyi a nan kad yon misyon fòmasyon 4 jou pou diferan Direksyon Depatman: Nip, Sidès, Grandans ak Sid epi te tou pwofite vizite diferan enstitisyon nan Depatman Sid la.

 

Sou tab konferans lan, Pwotektè Sitwayen an, Mèt Jean Wilner Morin te akonpaye ak DG – OPC a, Jude jean Pierre, Kòdonatè OPC a, Jean-Simon Saint-Hubert epi Direktè OPC-Sid la, Pierre Roldy Maurice konfime delegasyon an te rankontre nan kad vizit sa ak Delege Sid la, Dwayen TPI a, Prezidan Koudapèl la, Komisè Gouvènman jiridiksyon Okay la, sèl Majistra Enstriktè jiridiksyon Okay la, Direktè Sid – PNH la, epi vizite prizon sivil Okay la.

 

Nan 3 jiridiksyon depatman Sid la, se ka jiridiksyon Okay la ki sanble plis konsène Pwotektè Morin pou tay li pa rapò ak  jiridiksyon Koto ak Aken yon pa men yon lòt pa se paske se Okay ki kenbe tout zèfèyos pou 2 lòt jiridiksyon yo. Sa ki ògmante kantite moun ki nan prizon sivil Okay la. Daprè enfòmasyon yo gen 880 moun ki fèmen k ap tann mo lajistis ki kwaze ak kesyon manda twaka Majistra enstriktè ki bout depi 3 mwa epi Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a (KSPJ) pako nonmen nouvo jij oubyen renouvle manda jij yo.

https://radiotelemontagna.com/yon-sel-jij-enstriksyon-pou-300-dosye-nan-tribinal-premye-enstans-okay-yon-eskandal-san-parey/

Prizon Sivil Okay la te fèt pou l te resevwa 150 moun kote chak selil t ap gen 10 prizonye olye 65 ki antase ladan yo lajounen jodi. Òganizasyon dwa moun yo nan rejyon Sid la tankou UFADESH ak RSDDH pa sispann denonse kantite prevni sa tou kote Leta sa a vyole dwa yo nan pa ba yo manje, dòmi nan yon espas pi apwopriye kou jwenn swen sante ka yo nesesite, elatriye.

Nan prizon sivil Okay la daprè Mèt Morin gen 150 prizonye k ap viv ak VIH- SIDA, pwatrinè epi gratèl san konte gen 33 timinè ki fèmen nan prizon an olye yon sant jan lalwa mande sa.

 

Nan kad misyon sa sanble Pwotektè Sitwayen an pa jwenn enfòmasyon sou plizyè polisye ki patisipe nan egzekite moun pası pala nan jiridiksyon Okay la kote gen plizyè prezime kriminèl ki douvan kabinè entriksyon pou krim sa yo. Ansyen Majistra Jean Wilner Morin sanble pa jwenn enfòmasyon sou refi DDS Jolicoeur nan pa ede lajistis trake polisye fotif yo, elatriye.https://radiotelemontagna.com/eske-lapolis-ta-dwe-sevi-obstak-pou-lajistis/?fbclid=IwQ0xDSwMFoMJleHRuA2FlbQIxMQABHn0RoP0wdL9byIE9aSKDN5F6616JiQuw6P9e4c9h9hhgNVTggt_sWnfJ2rpt_aem_5Xj8wg6v862Q-iMZJNYRSg

 

Nan konfèrans sa a, Pwotektè Jean Wilner Morin di Ofis Pwoteksyon Sitwayen pral rankontre ak DG- PNH la sou ka komisarya yo ki pa gen polisye kou KSPJ nan ka Majistra ki pa ankantite nan Tribinal Premye Enstans Okay la pou rezoud mankman sa yo.

 

Misyon sou misyon, sitwayen yo ap tann ki sa chita pale ant diyitè OPK yo ak otorite yo pral bay nan jou k ap rive yo lè yo konnen se pwopozisyon sèlman enstitisyon endepandan an ka fè.

 

Max – Imbert Marcelin ( Maks – Enmbèr Marslen)

 

RTM

 

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here