Nan yon nòt ministè Kilti ak Kominikasyon mete deyò sou paj ofisyèl facebook li, jodi mèkredi 14 septanm 2022 a, Gouvènman Ariel Henry ap dirije a pibliye nouvo pri diferan kalite gaz yo sou mache nasyonal la.

 

Okay, 14 septanm 2022.

Malgre gwo leve kanpe popilasyon an nan 4 kwen peyi a pou mande gouvènman defakto a pran mezi pou rezoud kesyon gaz ki pa rive nan ponp yo epi sitwayen yo ap peye atè byen chè a se pito pri yo ki ògmante daprè yon piblikasyon minis Kilti ak Kominikasyon an, Emmelie Prophète mete deyò, jodi mèkredi 14 septanm 2022 a, ki pote siyati Minis Komès ak Endistri Ricardin Saint-Jean la ak Minis Ekonomi ak Finans a.i James Cadet.

 

Kòm Premye Minis / Prezidan Defakto a, Ariel Henry te anonse l nan lannwit dimanch 12 septanm pase a, Ministè Kominikasyon soti nòt li pou fikse nouvo pri yo. Nan nòt la nou li, kòm sibvansyon an kanpe nan zafè diferan pri gaz yo men Kouman pri yo pral ye nan ponp gaz yo: Gazolin lan ap vann 570 goud, Dyezèl la se 670 goud epi Kewozèn lan se 665 goud. Nòt la fini pou l di, pri gazolin lan toujou sibvansyone nan wotè 158 goud.

Nouvo pri sa yo vin double ansyen pri gaz yo ki te 250 goud pou gazolin, 353 goud pou Dyezèl ak 352 pou Kewozèn sa ki pral tout bouling monte tout lòt pwodui yo ki deja disèt wotè nan gagann twaka moun nan peyi a.

 

Gouvènman defakto yo anjeneral pa janm nan avantaj mas yo kou rejim reyaksyonè yo. Yo toujou ap chache yon fason pou yo pann sitwayen ki pi vilnerab yo nan mete annaplikasyon dikte òganizasyon entènasyonal yo tankou Bank Mondyal ak Fon Monetè Intènasyonal.

 

Bò kote sitwayen yo, yo sanble detèmine pou nonsèlman fòse gouvènman defakto a antre nouvo pri Kriminèl li yo men rive pouse do rejim phtk elaji 3zyèm vesyon an, rache manyòk yo. Plizyè enstitisyon piblik kou prive nan peyi a déjà sibi kòlè mas popilè yo ki montre dezakò yo ak desizyon kriminèl sa ki pral antere yo pi plis.

 

Yon Tranzisyon Koupe fache se wout daprè plizyè gwoup nan mouvman sosyal ayisyen an ak kèk pati politik konsekan ap klewonnen pou vin mate ensekirite planifye sa a ak lamizè k ap taye banda yo nan peyi a.

 

Max – Imbert Marcelin (Maks – Enmbèr Marslen)

RTM

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here