Nouvo Minis defakto jistis la, Carlos Hercule mande Komisè Ronald Richemond kanpe lwen pakè a pou yon titan akòz plizyè plent ministè a resevwa kont li.

 

Kèk minit anvan li te bay konferans pou laprès la li te anonse pou maten jedi 27 jen 2024 la sou dividal ka brakaj k ap pase nan 3 vil peyi a, Minis defakto jistis la, Carlos Hercule te deja siyen lèt kote li voye jal Komisè Ronald Richemond kanpe lwen pakè a pou yon titan akòz plizyè plent ministè a resevwa kont li.

Daprè lèt la se pou Komisè a pa antrave travay komisyon anketè la san lonje dwèt sou okenn dosye espesyal.

Antouka, pou anpil obsèvatè kou mèt avoka, kanpe komisè a lwen biwo l san mete entèdiksyon pou l pa kite peyi a se jwèt timoun. Ansyen komisè a gen non k ap site nan ka asasinay jounalis Garry Tesse ak anpil lòt dosye louch.

 

Bò Kote responsab RSDDH a, li pran nòt epi se yon bon bagay lè sitwayen yo, viktim konnen yo gen kote yo ka pote plent. Yonel Myrtil swete se pa yon ankèt bouyi vide detan l ap mande pou vit vit ministè a nonmen yon komisè pou ranplase mèt Ronald Richemond nan tèt Pakè Jiridiksyon Okay la.

Maks – Enmbèr Marslen

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here