Lafrans piye Ayiti ak ansyen koloni afriken yo nan Akò koken ki baze sou entansyon kriminèl, pandan rès Afrik la pa epanye. Depi sou Obama Lotan gen prezans militè nan pifò peyi Afriken pou voye je sou resous natirèl yo, tankou Ameriken te vin okipe peyi dAyiti an 1915 ak yon konpòtman menmjan parèyman. Konsa, Etazini te ranfòse sistèm neyokolonyal la lè l te kontwole ekonomi peyi dAyiti totalman.

 

Vòlè vann zouti l, li pajanm bliye metye l. An 1825, Lafrans te itilize 17 Bato gè ak konplisite Bwaye, pou l te enpoze Ayiti yon swadizan Akò sou dèt Endepandans pou l te piye richès peyi a.

135 lane pita an 1960, neyokolonyalis franse yo rale nan menm tiwa lamayòt la yon lòt Akò kolonyal pou yo eskamote fòtin peyi ki anba dominasyon Lafrans an Afrik yo.

– Si nan Akò Endepandans lan, Lafrans te rafle 150 milyon fran lò ajoute ak enterè Bank franse t ap djake sou dèt la, akote dwa komèsan franse te genyen pou yo pa t peye taks, Akò kolonyal kont peyi afriken yo, tradwi nan 11 pwen selera peyi Lafrans enpoze pou l te toujou kenbe afriken yo nan yon esklavaj degize:

 

1)  Lafrans te ranmase tout rezèv finansye peyi afriken yo

2) Afriken yo te peye pou tout enfrastrikti Lafrans te konstwi pandan okipasyon an

3) Se Lafrans ki dwe achte tout pwodwi ak resous anbatè ki soti nan ansyen koloni franse an Afrik

4) Nan apèldòf nan ansyen  koloni yo, se antrepriz franse ki gen priyorite

5) Sèl Lafrans dwe vann ekipman militè e se li ki dwe antrene ofisye militè afriken yo

6) Lafrans gen dwa fè entèvansyon militè lè l vle nan ansyen  koloni afriken yo

7) Ansyen koloni franse dwe itilize monè fran CFA pou Lafrans fè gwo pousantaj

8) Ansyen koloni afriken yo dwe itilize fransè kòm lang ofisyèl e kòm lang dansèyman

9) Ansyen koloni afriken yo dwe voye yon rapò bilan anfrans chak lane sou sa yo rantre. 15% pou Lafrans, e tirès la dwe rete nan Bank franse pou bay ansyen koloni afriken yo koutponya

10) Ansyen koloni afriken yo pa ka fè Alyans militè ak lòt peyi san otorizasyon Lafrans

11) Anka lagè, ansyen koloni afriken yo dwe goumen akote Lafrans

 

Donk se tout ansyen peyi esklavajis yo ki anime ak menm lespri vòl ak piyaj la. Lafrans piye Ayiti ak ansyen koloni afriken yo nan Akò koken ki baze sou entansyon kriminèl, pandan rès Afrik la pa epanye. Depi sou Obama Lotan gen prezans militè nan pifò peyi Afriken pou voye je sou resous natirèl yo, tankou Ameriken te vin okipe peyi dAyiti an 1915 ak yon konpòtman menmjan parèyman. Konsa, Etazini te ranfòse sistèm neyokolonyal la lè l te kontwole ekonomi peyi dAyiti totalman. Yo plase Ameriken nan tèt Ladwann, nan DGI ak Ministè Finans kote yo te fè anpil gabji nan administrasyon piblik la. Ameriken vòlè rezèv lò peyi a, yo vòlè tout mwayen finansye ak lajan rezèv peyi Desalin nan. Avan yo pati an 1934, Ameriken enpoze Ayiti yon dèt Okipasyon ki te fè peyi a redi anpil, pou l te fin peye l nan koumansman  lane 1950 yo. Se pou tèt sa, Vòl 17 milya dola rekonstriksyon Ayiti apre tranblemandetè Obama ak Biden te voye Bill Klintonn ranmase pou Etazini an, te yon senp mayon nan chenn piyaj la. Oksidan anrichi tèt li nan vòl, krim ak kòdmaltaye sou do peyi domine yo. Akò kolonyal, Akò dèt endepandans, Akò Okipasyon oswa vòl rezèv lò ou richès finansye peyi dAyiti ak peyi afriken yo, antre nan fonksyònman nòmal Linyon Ewopeyèn ak peyi Etazini paske se yon gwoup peyi mafya ki viv nan krim ak zak kanbriyolaj sou do peyi ki pi fèb sou latè yo. Ositou, pagen chans konpwomi ant peyi depandan ak ekip mafya kriminèl yo, batay la pral dire jouk mayimi. Donk, solidarite dwe tabli ant konbatan ayisyen e afriken, pou jwenn apwi lòt pwogresis nan lemond pou yo kondwi ansanm, lit Liberasyon an nan viktwa final li.

 

Kidonk, kijan pou peyi depandan tankou Ayiti ak peyi Afrik yo devlope si nan chak epòk istorik, pwisans mafya tankou Lafrans ak Etazini ap itilize lafòs pou ranmase sa yo posede?

Tan ale tan tounen, lespri piyaj la rete grave nan memwa peyi esklavajis yo. Yo te konn itilize esklavaj, pirat ak zak kanbriyolaj nan tan pase yo, jodi a y ap kache dèyè Gang ak Teworis pou akonpli zak piyaj la. Verite a, pwogresis afriken ak ayisyen anreta nan lit Liberasyon an konpare ak sa k ap pase nan Amerikdisid ak Mwayen Oryan an. Sepandan, solidarite nan levekanpe militan afriken ak ayisyen yo dwe kontinye nan yon kad pi òganize e pi disipline paske kriminèl yo sou presyon, yo nan gwo kriz konfyans, y ap gen pou reyaji ak plis britalite.

Viv Mobilizasyon Pèmanan Pou Pwojè Nasyonal La!

Viv Inite Nan Mouvman Rezistans Panafriken Inivèsèl Desalin Lan!

Libète ou Lanmò.

 

Komite Rezistans Popilè Benwa Batravil, KRPBB, Vwa Rezistans Popilè No 95.

18 sept 2023.

 

Facebook Comments

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here